FASON NOU ITILIZE OFRANN NOU YO
Nouvèl nou ka fè konfyans e ki fòtifye lafwa nou
1ye desanm 2021
Temwen Jewova yo enterese anpil nan kwayan parèy yo (1 Pyè 2:17). Anpil frè ak sè gen menm santiman ak Tannis, yon sè k ap viv nan peyi Kenya. Men sa l di: “Mwen renmen pran nouvèl frè ak sè m yo nan lemonnantye.” Ki jan Tannis ak plizyè milyon lòt Temwen rete ajou ak nouvèl yo? Depi 2013, nou te rive fè sa pa mwayen seksyon nouvèl ki sou jw.org, sit Entènèt nou an.
Seksyon nouvèl la gen rapò nou ka fè konfyans konsènan Temwen Jewova yo, sa gen ladan l Bib la yo rann disponib nan lòt lang, travay pote sekou yo fè lè gen katastwòf, pwojè konstriksyon ak lòt evènman enpòtan. Li ban nou enfòmasyon konsènan frè ak sè nou yo ki nan prizon akoz lafwa yo. Seksyon nouvèl la gen ladan l eksperyans ankourajan sou plizyè kanpay predikasyon ak Memoryal la. Kiyès ki fè rechèch pou nouvo atik sa yo e ki jan yo prepare yo?
Chèche epi bay nouvèl yo
Se Sèvis enfòmasyon pou piblik la ki jere seksyon nouvèl la. Se nan syèj mondyal la depatman sa a ye e l ap travay anba direksyon Komite kowòdonatè Kolèj santral la. Sèvis enfòmasyon pou piblik la gen plis pase 100 frè ak sè, plizyè ladan yo ap travay a distans, k ap ekri atik yo, ki fè rechèch, travay atistik e ki tradui yo. Gen lòt ki kominike ak otorite nan gouvènman yo, inivèsite yo ak medya yo. Sèvis enfòmasyon pou piblik la jwenn èd nan men plis pase 80 biwo enfòmasyon pou piblik la nan betèl ki toupatou nan monn nan.
Sèvis enfòmasyon pou piblik la travay ansanm ak biwo enfòmasyon pou piblik la pou prepare nouvèl yo. Lè frè yo jwenn yon nouvèl enteresan yo vle bay, yo fè rechèch e yo rasanble enfòmasyon nou ka fè konfyans sou sijè a. Sa gen ladan l entèvyou epi pale ak espè nan domèn nan. Apre yo fin rasanble enfòmasyon yo, yo ekri atik la, yo korije l, yo revize l, yo mete foto ki apwopriye, apre sa, yo voye l pou Komite kowòdonatè a ka apwouve l.
Yo fè konnen apresyasyon yo
Ki jan adoratè Jewova parèy nou yo montre apresyasyon yo pou seksyon nouvèl la? Men sa Cheryl, yon sè k ap viv nan peyi Filipin, fè konnen: “Mwen renmen kòmanse jounen m avèk nouvèl mwen li sou òganizasyon Jewova a ak pèp li a.”
Anpil lektè fè konnen diferans yo wè sou seksyon nouvèl ki sou sit jw.org la ak nouvèl nan lòt medya yo. Men sa Tatiana, k ap viv nan peyi Kazakstan, fè konnen: “Mwen kontan paske m ka fè nouvèl mwen jwenn sou sit jw.org la konfyans. Yo se bonjan enfòmasyon e yo pa defòme nouvèl yo.” Alma, yon sè nan peyi Meksik, fè konnen: “Nouvèl nou jwenn nan medya tradisyonèl yo deranje nou, epoutan seksyon nouvèl la vrèman ankourajan.”
Seksyon nouvèl la pa sèlman egzak, men li ranfòse lafwa nou tou. Bernard, k ap viv nan peyi Kenya, fè konnen: “Seksyon nouvèl la ede m wè frè ak sè yo toupatou nan monn nan tankou yon fanmi, kèlkeswa kote yo ye. Konsa, m ka site non yo nan priyè m ap fè e m ka mande Jewova ede yo.” Yon sè k ap viv nan peyi Kenya tou, ki rele Bybron, fè konnen: “Mwen toujou renmen gade atik sou Bib la ki vin disponib nan lòt lang! Atik sa yo fè m sonje jan Jewova pa gen patipri.”
Seksyon nouvèl la pèmèt nou priye yon fason ki presi pou frè ak sè nou k ap fè fas ak pwoblèm toupatou nan monn nan.
Menm nouvèl konsènan frè nou yo k ap fè fas ak pèsekisyon kapab gen yon efè pozitif sou nou. Jackline, yon sè k ap viv nan peyi Kenya, di: “Lè m reflechi sou kouraj yo demontre, sa ranfòse lafwa m. M toujou chèche konnen sa k ede yo andire. M vin aprann ki jan kèk bagay senp tankou lapriyè, li Labib e menm chante, trèzenpòtan pou ede frè yo kenbe djanm.”
Yon sè k ap viv nan peyi Kostarika ki rele Beatriz bay nouvèl konsènan katastwòf natirèl yo anpil valè. Men sa li di: “Seksyon nouvèl la ede m wè kòman òganizasyon nou an bay frè nou yo sa yo bezwen yon fason rapid, efikas e avèk lanmou. Sa fè m gen konviksyon se òganizasyon Jewova.”
Nou rekonesan anpil paske nou ka jwenn enfòmasyon sou frè nou yo nan lemonnantye! Travay sa a posib grasa ofrann nou fè pou travay mondyal la. Anpil moun fè ofrann sa yo sou donate.jw.org. Mèsi anpil paske nou fè ofrann ak tout kè nou.