BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
Anons
Nouvo lang ki disponib: Betsimisaraka (Northern), Betsimisaraka (Southern), Konkomba, Matses, Mi'kmaq
  • Jodi a

Mèkredi 22 oktòb

Depi pa gen bon aksyon ki mache [ak lafwa], li mouri. — Jak 2:17.

Jak te montre, se vre yon moun ka di li gen lafwa, men, èske li montre sa nan aksyon l (Jak 2:​1-5, 9)? Jak te pale tou konsènan yon moun ki wè ‘yon frè oswa yon sè touni oswa ki pa gen ase manje pou l manje’, men moun nan pa fè anyen pou ede l. Menmsi moun sa a di li gen lafwa, li pa montre sa nan aksyon l. Donk, lafwa li di li genyen an pa itil anyen (Jak 2:​14-16). Jak te pale de Rahab kòm yon moun ki te gen lafwa e ki te montre sa nan aksyon l (Jak 2:​25, 26). Li te tande pale de Jewova e l te ka wè Jewova te avèk Izrayelit yo (Joz. 2:​9-11). Aksyon l te fè te montre li gen lafwa. Lè de Izrayelit te vini kòm espyon e lavi yo te an danje, li te pwoteje yo. Se sa k fè, menm jan ak Abraram, Bondye te fè konnen dam sa a ki pa t pafè e ki pa t Izrayelit te yon moun ki jis. Egzanp Rahab montre jan sa enpòtan pou n montre nou gen lafwa grasa aksyon nou fè. w23.12 5-6 § 12-13.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Jedi 23 oktòb

Mwen swete pou nou vin anrasinen nan fondasyon an e pou nou vin byen chita sou li. — Efe. 3:17.

Antanke kretyen, nou pa jis kontante n ak ansèyman de baz ki nan Bib la. Grasa èd lespri sen, nou anvi aprann “menm nan bagay pwofon Bondye yo”. (1 Kor. 2:​9, 10.) Sa w panse si w ta kòmanse fè etid pèsonèl ou sou yon seri sijè k ap fè w vin pi pwòch ak Jewova? Pa egzanp, ou ta kapab chèche wè fason li te montre li renmen sèvitè l yo nan tan lontan ak fason sa montre li renmen w tou. Epitou, ou ta ka egzamine fason Jewova te vle pou Izrayelit yo adore l epi konpare l ak fason li vle pou kretyen yo adore l jodi a. Oubyen, petèt ou ta kapab fè bonjan rechèch sou pwofesi ki te reyalize pandan Jezi t ap viv sou tè a e pandan sèvis li. W ap vrèman kontan etidye sijè sa yo lè w sèvi ak Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la. Lè w pran san w pou w byen fouye nan Bib la, sa kapab fè lafwa w vin pi solid e sa kapab ede w pou w vin gen “konesans sou Bondye”. — Pwo. 2:​4, 5. w23.10 18-19 § 3-5.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Vandredi 24 oktòb

Anvan tout bagay, se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon pakèt peche. — 1 Pyè 4:8.

Mo apot Pyè itilize pou “anpil” la vle di literalman “detire”. Dezyèm pati vèsè a montre sa anpil lanmou kapab fè. Li kapab kouvri peche frè n ak sè n yo. Men ki jan nou ta ka esplike l: Se kòmsi nou ta kenbe lanmou nou genyen an ak de men, tankou yon moso twal ki ka detire, epi nou detire l anpil jiskaske l kouvri, pa sèlman youn oswa de peche, men, “yon pakèt peche”. Nan kontèks sa a, “kouvri” vle di padone. Menm jan yon nap kapab kouvri yon tach ki gen sou yon tab, lanmou ka kouvri defo ak enpèfeksyon lòt moun genyen. Lanmou nou gen pou frè n ak sè n yo ta dwe fè n kapab padone enpèfeksyon yo genyen, menmsi sa mande anpil efò ak anpil tan (Kol. 3:13). Lè n padone lòt moun, nou montre nou gen anpil lanmou e nou vle fè Jewova plezi. w23.11 11-12 § 13-15.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje