Oktòb
Mèkredi 1ye oktòb
Sajès ki sot anwo a [...] dispoze obeyi. — Jak 3:17.
Èske w konn santi l difisil pou w obeyi? Sa te rive wa David. Se sa k fè, men sa l te mande Bondye nan yon priyè: “Fè m anvi obeyi w.” (Sòm 51:12). David te renmen Jewova. Men, pafwa li te oblije fè efò pou l obeyi, e sa konn rive nou tou. Sa k fè sa? Premyèman, nou fèt ak tandans pou n dezobeyi. Dezyèmman, se tout tan Satan ap chèche fè n fè rebèl menm jan avè l (2 Kor. 11:3). Twazyèmman, n ap viv nan yon monn kote moun yo gen yon mantalite rebèl, anpalan de “lespri k ap aji kounye a nan moun ki dezobeyisan yo”. (Efe. 2:2.) Nonsèlman nou dwe fè anpil efò pou n konbat tandans nou genyen pou n peche a, men nou dwe fè efò tou pou n reziste kont presyon Dyab la ak monn li an ap fè sou nou pou n dezobeyi. Nou dwe fè efò pou n obeyi Jewova e pou n obeyi moun li bay otorite. w23.10 6 § 1.
Jedi 2 oktòb
Ou sere pi bon diven an pou jis kounye a. — Jan 2:10.
Ki sa nou ka aprann nan mirak Jezi te fè lè l te fè dlo tounen diven an? Nou aprann jan l enpòtan pou n gen imilite. Jezi pa t vante tèt li pou mirak li te fè a. An reyalite, li pa t janm vante tèt li pou kèlkeswa sa l te fè. Okontrè, avèk imilite, li te toujou bay Papa l tout glwa a e li te toujou fè konnen se grasa Papa l li te rive fè tout sa l fè yo (Jan 5:19, 30; 8:28). Si n imite Jezi lè n fè efò pou n pa pran tèt nou pou yon pakèt afè, nou pap vante tèt nou pou sa n rive fè. Ann pa vante tèt nou pou sa nou fè, men pito, ann vante tèt nou dèske nou gen privilèj pou n sèvi yon Bondye ki estrawòdinè (Jer. 9:23, 24). Ann ba l onè li merite a. Dayè, nou pa t ap janm ka rive fè anyen ki bon si Jewova pa t ede nou (1 Kor. 1:26-31). Lè n gen imilite, nou pa chèche fè moun konnen bon bagay nou fè pou lòt moun. Nou kontan paske n konnen Jewova wè sa n fè a e li bay sa anpil enpòtans. (Konpare ak Matye 6:2-4; Ebre 13:16.) Pa gen dout, nou fè kè Jewova kontan lè n imite Jezi nan fason n montre n gen imilite. — 1 Pyè 5:6. w23.04 4 § 9; 5 § 11-12.
Vandredi 3 oktòb
Pa chèche enterè pa nou sèlman, men […] chèche enterè pa lòt moun tou. — Fil. 2:4.
Bondye te pouse apot Pòl ankouraje kretyen yo pou yo chèche enterè lòt moun. Ki jan n ka aplike konsèy sa a pandan reyinyon yo? Se lè n sonje gen lòt moun ki ta renmen fè kòmantè tou. Ann pran yon egzanp. Si w ap pale ak zanmi w, èske w t ap sitèlman pale, sa fè yo pa vrèman jwenn posiblite pou yo pale? Se sèten ou pa t ap fè sa! Ou ta renmen yo patisipe nan konvèsasyon an. Menm jan an tou, nan reyinyon yo, nou ta renmen pou plis moun posib fè kòmantè. Anfèt, youn nan pi bon fason pou n ankouraje frè n ak sè n yo se lè n ba yo posiblite pou yo montre yo gen lafwa (1 Kor. 10:24). Kidonk, fè kòmantè ki kout, konsa, plis moun ap gen posiblite pou yo fè kòmantè. Menm lè w ap fè yon kòmantè ki kout, evite pale sou twòp bagay. Si w pale sou tout sa ki nan paragraf la, pap ret anpil bagay pou lòt moun di. w23.04 22-23 § 11-13.
Samdi 4 oktòb
Mwen fè tout bagay pou bon nouvèl la, pou m ka pataje l ak lòt moun. — 1 Kor. 9:23.
Nou dwe sonje jan l enpòtan pou n kontinye ede lòt moun, sitou pa mwayen travay predikasyon an. Nou bezwen montre nou rezonab nan travay predikasyon an. Nou konn rankontre moun divès kwayans, moun ki pa reyaji menm jan, ki sot divès kote e ki pa gen menm kilti. Apot Pòl te konn adapte l, e nou ka aprann nan egzanp li. Jezi te nome Pòl “apot nasyon yo”. (Wom. 11:13.) Antanke apot nasyon yo, Pòl te preche Juif, Grèk, entèlektyèl, ti peyizan, gwo otorite nan gouvènman an ak wa. Pou Pòl te ka touche kè tout kalite moun sa yo, li te vin “tout bagay pou tout kalite moun”. (1 Kor. 9:19-22.) Li te panse ak kilti moun ki t ap koute l yo, fason yo te leve ak kwayans yo, e l te adapte sa l t ap di yo a ak sitiyasyon yo. Nou menm tou, nou kapab vin pi efikas nan travay fè disip la si nou montre nou rezonab e nou chèche wè pi bon fason pou n ede chak moun. w23.07 23 § 11-12.
Dimanch 5 oktòb
Yon esklav Seyè a pa dwe nan goumen, men li dwe dou ak tout moun. — 2 Tim. 2:24.
Dousè se yon fòs, se pa yon feblès. Sa mande fòs pou yon moun rete kalm lè l ap fè fas ak yon sitiyasyon ki difisil. Dousè se yon kalite nan “fwi lespri a”. (Gal. 5:22, 23.) Mo grèk lè yo tradui l yo met “dousè” pou li a, yo sèvi avè l pafwa pou pale konsènan yon cheval sovaj yo donte. Imajine yon cheval sovaj ki vin dou. Byenke cheval la vin dou, li toujou gen fòs. Ki jan n ka vin gen dousè e anmenmtan pou n gen fòs? Nou pa ka vin genyen l poukont nou. Yon bagay ki ka ede n se lè n priye Bondye pou n mande l lespri sen e pou n mande l ede n gen bèl kalite sa a. Eksperyans montre li posib pou yon moun vin gen kalite sa a. Gen anpil Temwen ki aji ak dousè lè moun opoze avè yo, e sa fè lòt moun byen wè yo. — 2 Tim. 2:24, 25. w23.09 15 § 3.
Lendi 6 oktòb
Mwen t ap priye, e Jewova ban m sa m te mande l la. — 1 Sam. 1:27.
Nan yon vizyon ki bay lakrentif apot Jan te fè, li te wè 24 ansyen nan syèl la k ap adore Jewova. Yo te fè louwanj pou Bondye, yo te rekonèt li merite resevwa “glwa, onè ak pisans”. (Rev. 4:10, 11.) Zanj fidèl yo gen anpil rezon tou pou yo fè louwanj pou Jewova e pou yo onore l. Yo nan syèl la ansanm avè l e yo vin konnen l byen. Yo wè kalite l yo parèt nan sa l fè yo. Lè yo wè Jewova k ap aji, sa pouse yo fè louwanj pou li (Jòb 38:4-7). Nou menm tou, nou bezwen fè louwanj pou Jewova lè n ap priye. Nou kapab di l sa n renmen lakay li ak rezon ki fè n gen respè pou li. Pandan w ap li Bib la e w ap etidye l, chèche wè ki kalite Jewova genyen ou pi renmen (Jòb 37:23; Wom. 11:33). Apre sa, fè Jewova konnen ki jan kalite sa yo fè w santi w. Nou kapab fè louwanj pou Jewova tou pou sa l fè pou nou e pou sa l fè pou tout frè n ak sè n yo. — 1 Sam. 2:1, 2. w23.05 3-4 § 6-7.
Madi 7 oktòb
Mache yon fason ki diy devan Jewova. — Kol. 1:10.
An 1919, Gran Babilòn nan pa t gen pouvwa sou pèp Bondye a ankò. Nan menm ane a, te vin gen yon “esklav fidèl ki prevwayan” ki te parèt nan bon moman pou gide moun ki gen kè sensè yo pou yo te ka kòmanse mache nan “Wout Sakre” a (Mat. 24:45-47; Eza. 35:8). Travay lòt moun fidèl te fè anvan sa pou prepare wout sa a te ede moun ki te kòmanse mache nan gwo wout la aprann plis sou objektif Jewova (Pwo. 4:18). Yo te rive fè chanjman nan lavi yo tou pou yo viv ann amoni ak sa Jewova mande. Jewova pa t atann pou pèp li a fè chanjman ki te nesesè yo yon sèl kou. Okontrè, li te ede yo fè chanjman sa yo tikras pa tikras. Ala kontan nou tout pral kontan lè n ap kapab fè Bondye nou an plezi nan tout sa n ap fè! Tout wout bezwen yo pase men ladan yo tanzantan. Depi 1919, gen travay ki kontinye fèt nan “Wout Sakre” a yon fason pou plis moun ka kite Gran Babilòn nan. w23.05 17 § 15; 19 § 16.
Mèkredi 8 oktòb
Mwen pap janm kite w. — Ebre 13:5.
Manm Kolèj santral yo ap bay frè k ap ede nan diferan Komite Kolèj santral la fòmasyon pèsonèlman. Jodi a, frè sa yo deja gen anpil responsablite nan òganizasyon an. Yo byen prepare pou yo kontinye pran swen ti mouton Kris yo. Lè tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo fin monte nan syèl yon ti tan anvan fen gwo tribilasyon an, vrè adorasyon an ap kontinye egziste sou tè a. Grasa bonjan direksyon Jezi Kris bay, adoratè Bondye yo ap kontinye sèvi l san kanpe. Se vre, lè sa a, Gòg ki sot nan peyi Magòg la, yon gwoup nasyon k ap met tèt yo ansanm e k ap byen move, pral atake nou (Eze. 38:18-20). Men, atak tou kout sa a ap echwe. Li pap fè sèvitè Jewova yo sispann adore l. Wè pa wè, Jewova ap delivre pèp li a. Nan yon vizyon, apot Jan te wè lòt mouton Kris yo ki fòme yon “gwo foul moun”. Zanj lan te fè Jan konnen “gwo foul moun” nan soti nan “gwo tribilasyon an”. (Rev. 7:9, 14.) Wi, nou mèt gen asirans, Jewova ap delivre yo! w24.02 5-6 § 13-14.
Jedi 9 oktòb
Pa etenn dife lespri a. — 1 Tes. 5:19.
Ki sa nou kapab fè pou Bondye ban nou lespri sen? Nou kapab priye Bondye pou l ban nou l, nou kapab etidye Pawòl li a e nou kapab patisipe nan aktivite òganizasyon l lan l ap dirije pa mwayen lespri sen. Lè n fè sa, sa ap ede n pou n vin gen “fwi lespri a”. (Gal. 5:22, 23.) Se moun ki fè efò pou panse yo ak konduit yo rete pwòp Bondye bay lespri sen. Li pap kontinye ban nou lespri sen si n toujou ap panse ak bagay ki pa pwòp e si n ap pratike bagay sa yo (1 Tes. 4:7, 8). Pou Jewova kontinye ban nou lespri sen, nou pa dwe “meprize pwofesi yo” tou (1 Tes. 5:20). “Pwofesi” y ap pale de yo la a gen rapò ak mesaj Jewova bay pa mwayen lespri sen, sa gen ladan l pwofesi konsènan jou Jewova a ak epòk n ap viv la ki mande pou n aji san pèdi tan. Nou pa dwe met nan lespri nou jou sa a poko ap vini, pou n ta panse Amagedon pap vini pandan nou vivan an. Okontrè, n ap montre nou vle l vini byen vit, sa vle di nou toujou ap panse avè l, lè n kontinye gen yon konduit ki pwòp e lè n kontinye “montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye” chak jou nan lavi nou. — 2 Pyè 3:11, 12. w23.06 12 § 13-14.
Vandredi 10 oktòb
Yon moun kòmanse gen sajès lè l gen lakrentif pou Jewova. — Pwo. 9:10.
Antanke kretyen, ki sa nou dwe fè si yon imaj pònografi parèt sou aparèy elektwonik nou? Nou dwe retire l menm moman an. Sa k ap ede n fè sa, se lè n sonje relasyon n ak Jewova se bagay ki pi enpòtan nou genyen. Anfèt, menm imaj moun pa konsidere kòm imaj pònografi ka fè nou gen dezi seksyèl. Poukisa nou dwe evite yo? Paske nou pa ta renmen anyen fè n fè adiltè nan kè nou (Mat. 5:28, 29). Men sa yon ansyen nan peyi Tayilann ki rele David di: “Mwen konn mande tèt mwen: ‘Menmsi imaj m ap gade yo gendwa pa imaj pònografi, èske sa ap fè Jewova plezi si m kontinye gade yo?’ Lè n reflechi konsa, sa kapab ede n aji avèk sajès.” Yon bagay k ap ede n aji avèk sajès se lè n veye pou n pa fè anyen ki ta ka fè Jewova lapenn. Lè yon moun gen lakrentif pou Bondye, se lè sa a li “kòmanse gen sajès”. w23.06 23 § 12-13.
Samdi 11 oktòb
Ale, pèp mwen an, antre nan chanm nou. — Eza. 26:20.
“Chanm” yo pale de yo la a se kapab kongregasyon nou yo. Pandan gwo tribilasyon an, n ap jwenn pwoteksyon Jewova pwomèt la si n ret ini ak frè n ak sè n yo. Kidonk, nou dwe fè anpil efò depi kounye a pou n pa jis sipòte frè n ak sè n yo, men pou n renmen yo tou. Petèt n ap bezwen fè sa pou n ka sove! “Gran jou Jewova a” pral difisil anpil pou tout moun nèt (Sof. 1:14, 15). Pèp Jewova a pral soufri tou. Men si n prepare n depi kounye a n ap kapab rete kalm e n ap ka ede lòt moun. N ap rive andire kèlkeswa difikilte nou ta jwenn. Lè frè n ak sè n yo ap soufri, n ap fè tout sa n kapab pou n soulaje yo lè n montre nou gen konpasyon pou yo ak lè n ede yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. E n ap rive rete pwòch ak frè n ak sè n yo paske nou deja aprann renmen yo. Lè sa a, Jewova ap rekonpanse nou, l ap ban nou lavi ki pap janm fini an nan yon monn kote n ap bliye tout katastwòf ak tout tribilasyon. — Eza. 65:17. w23.07 7 § 16-17.
Dimanch 12 oktòb
[Jewova] ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm, l ap mete nou sou yon fondasyon ki solid. — 1 Pyè 5:10.
Byen souvan, Pawòl Bondye a pale konsènan yon seri mesye ki te fidèl ki te gen anpil kouraj. Men, menm moun ki te gen plis kouraj pami moun sa yo pa t toujou santi yo djanm. Pa egzanp, nan kèk okazyon, wa David te santi l “djanm tankou yon mòn”, men, nan lòt okazyon, li te “pè anpil”. (Sòm 30:7.) Aktout Samson te gen yon fòs estrawòdinè lè lespri Bondye te sou li, li te rekonèt si Bondye pa t ba l fòs, li t ap “pèdi fòs [li] e [li t ap] vin fèb tankou nenpòt gason”. (Jij 14:5, 6; 16:17.) Se paske Jewova te bay mesye fidèl sa yo pisans ki fè yo te djanm. Apot Pòl te rekonèt li menm tou li te bezwen Jewova ba l pisans (2 Kor. 12:9, 10). Li te konn gen pwoblèm sante (Gal. 4:13, 14). Pafwa, li te oblije fè anpil efò pou l fè sa ki byen (Wom. 7:18, 19). E gende lè, li te santi l pè paske l pa t konn sa k te ka rive l (2 Kor. 1:8, 9). Aktout sa, lè Pòl te fèb, li te vin gen pisans. Ki jan? Jewova te bay Pòl pisans li te bezwen. Li te fè Pòl vin djanm. w23.10 12 § 1-2.
Lendi 13 oktòb
Jewova […] wè sa k nan kè yon moun. — 1 Sam. 16:7.
Pafwa, si n ap goumen ak santiman ki fè n panse nou pa vo anyen, nou bezwen sonje se Jewova li menm ki rale nou vin jwenn li (Jan 6:44). Li wè bon bagay nou gen lakay nou, bagay nou menm nou ka pa wè, e li konnen sa k nan kè nou (2 Kwo. 6:30). Donk, nou kapab fè Jewova konfyans, lè l di nou gen valè pou li (1 Jan 3:19, 20). Gen nan nou anvan n te aprann laverite ki te konn fè yon seri bagay ki ka fè n santi n koupab jis kounye a (1 Pyè 4:3). Menm kretyen ki fidèl yo ap goumen kont tandans pou yo fè peche. Èske kè w ap kondane w? Si sa rive w, sa kapab konsole w pou w konnen gen sèvitè fidèl Jewova ki te goumen ak santiman konsa. Pa egzanp, lè apot Pòl t ap panse ak enpèfeksyon li genyen, sa te fè l mal anpil (Wom. 7:24). Nòmalman, Pòl te repanti pou peche l yo e l te batize. Aktout sa, li te fè konnen li se “pi piti nan apot yo” e se li menm ki “pi mal” pami pechè yo. — 1 Kor. 15:9; 1 Tim. 1:15. w24.03 27 § 5-6.
Madi 14 oktòb
Pèp la te abandone kay Jewova. — 2 Kwo. 24:18.
Youn nan leson nou ka aprann nan move desizyon wa Jewowas te pran sèke nou bezwen chwazi zanmi k ap gen bon enfliyans sou nou, zanmi ki renmen Jewova e ki vle fè kè l kontan. Nou pa oblije fè zanmi ak moun ki gen menm laj avè n sèlman. Sonje Jewowas te pi jèn lontan pase Jewoyada, zanmi l lan. Men kesyon w ka poze tèt ou konsènan moun ou chwazi kòm zanmi w: ‘Èske yo ede m gen plis lafwa nan Jewova? Èske yo ankouraje m viv ann amoni ak prensip Bondye yo? Èske yo konn pale konsènan Jewova e konsènan verite l yo ki gen anpil valè? Èske yo montre yo gen respè pou prensip Bondye yo? Èske yo annik di m sa m ta renmen tande oswa èske yo gen kouraj pou yo korije m si m pral nan yon move chemen?’ (Pwo. 27:5, 6, 17). Franchman, si zanmi w yo pa renmen Jewova, ou pa bezwen yo kòm zanmi. Men, si yo renmen Jewova, kontinye ret zanmi yo, y ap toujou ede w. — Pwo. 13:20. w23.09 9-10 § 6-7.
Mèkredi 15 oktòb
Mwen se Alfa ak Omega. — Rev. 1:8.
Alfa se premye lèt nan alfabè grèk la, e omega se dènye a. Lefètke Jewova di li se “Alfa ak Omega”, sa montre lè l kòmanse yon bagay, l ap fini l kanmenm. Apre Jewova te fin kreye Adan ak Èv, li te di yo: “Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a.” (Jen. 1:28). Nan moman sa a, se kòmsi Jewova te di: “Alfa.” Li te fè konn objektif li aklè: Gen yon lè k ap vini tè a pral plen ak desandan Adan ak Èv ki pafè e ki obeyisan, e y ap fè l vin yon paradi. Lè moman sa a rive, nan yon sans Jewova pral di: “Omega.” Apre Jewova te fin kreye “syèl la ak tè a ak tout sa k ladan yo”, li te bay yon garanti. Li te met setyèm jou a apa pou l reyalize objektif li genyen pou lèzòm e pou tè a. Donk, lè l te deklare setyèm jou a sakre, se kòmsi l te di objektif li t ap fin reyalize nèt nan fen setyèm jou a. — Jen. 2:1-3. w23.11 5 § 13-14.
Jedi 16 oktòb
Prepare wout la pou Jewova! Fè yon gwo wout byen dwat nan dezè a pou Bondye nou an. — Eza. 40:3.
Sa te ka pran anviwon kat mwa pou soti Babilòn rive Jerizalèm, e vwayaj la pa t fasil menm. Men, Jewova te pwomèt li pa t ap kite anyen anpeche yo tounen nan peyi yo. Juif ki te fidèl yo te konnen, lè yo retounen Izrayèl, yo t ap jwenn plis benediksyon lontan pase nenpòt sakrifis yo t ap gen pou yo fè. Pi gwo benediksyon yo t ap jwenn nan te gen rapò ak adorasyon yo t ap bay Jewova a. Pa t gen tanp pou adore Jewova nan vil sa a. Pa t gen lotèl pou Izrayelit yo te ofri sakrifis, jan Lwa Jewova te bay Moyiz la te mande sa, e pa t gen yon klas prèt ki te òganize pou ofri sakrifis sa yo. Mete sou sa, gason ak fi payen sa yo, ki pa t gen okenn respè pou Jewova ak prensip li yo, te pi plis lontan pase pèp Jewova a. Se sa k fè te gen plizyè milye Juif ki te gen lakrentif pou Bondye ki te anvi retounen nan peyi yo, kote yo t ap ka retabli vrè adorasyon an. w23.05 14-15 § 3-4.
Vandredi 17 oktòb
Se pou nou kontinye mache tankou pitit limyè. — Efe. 5:8.
Nou bezwen èd lespri sen Bondye pou nou kapab kontinye aji “tankou pitit limyè”. Poukisa? Paske sa mande anpil efò pou n rete pwòp nan monn imoral sa a (1 Tes. 4:3-5, 7, 8). Lespri sen kapab ede n reziste kont fason moun nan monn nan panse, sa gen ladan l fason yo wè bagay yo ki pa ann amoni ak fason Bondye panse. Lespri sen kapab ede n tou pou n pwodui “tout kalite bonte ak jistis”. (Efe. 5:9.) Youn nan fason nou kapab jwenn lespri sen se lè nou priye pou sa. Jezi te di Jewova “ap bay moun lespri sen si yo mande l li”. (Lik 11:13.) E lè n ap fè louwanj pou Jewova ansanm nan reyinyon yo, se yon lòt fason nou resevwa lespri sen (Efe. 5:19, 20). Bonjan enfliyans lespri sen Bondye gen sou nou ap ede n viv yon fason ki fè Bondye plezi. w24.03 23-24 § 13-15.
Samdi 18 oktòb
Kontinye mande, y ap ban nou. Kontinye chèche, n ap jwenn. Kontinye frape, y ap ouvri pou nou. — Lik 11:9.
Èske w bezwen gen plis pasyans? Si wi, priye pou sa. Pasyans se yon kalite nan fwi lespri a (Gal. 5:22, 23). Donk, nou ka priye Jewova pou n mande l lespri sen e pou l ede n gen fwi lespri a. Si n ap fè fas ak yon sitiyasyon ki mande pou n gen pasyans, nou kapab “kontinye mande” Jewova lespri sen pou ede n gen pasyans (Lik 11:13). Epitou, nou kapab mande Jewova pou l ede n wè bagay yo menm jan avè l. Apre nou fin priye l, nou bezwen fè tout sa n kapab pou n demontre pasyans chak jou. Plis nou priye Jewova pou l ede n gen pasyans e n fè efò pou n gen pasyans, se plis kalite sa a ap anrasinen nan kè nou, e l ap vin fè pati pèsonalite nou. Medite sou egzanp nou jwenn nan Bib la ka ede nou tou. Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp moun ki te gen pasyans. Lè n medite sou egzanp moun sa yo, nou ka aprann fason pou n demontre pasyans. w23.08 22 § 10-11.
Dimanch 19 oktòb
Lage filè nou pou nou peche. — Lik 5:4.
Jezi te bay apot Pyè asirans Jewova t ap pran swen l. Apre Jezi fin resisite, li te fè yon lòt mirak kote l te fè Pyè ak lòt apot yo pran anpil pwason (Jan 21:4-6). Pa gen dout, mirak sa a te bay Pyè asirans Jewova t ap kapab ede l jwenn sa l bezwen pou l viv byen fasil. Petèt lè sa a, apot la te sonje lè Jezi te di Jewova t ap pran swen moun ki “kontinye chèche Wayòm nan an premye”. (Mat. 6:33.) Se pou rezon sa a, Pyè te bay travay predikasyon an premye plas nan lavi l olye l te bay biznis lapèch la plis enpòtans. Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, li te bay yon bèl temwayaj, e sa te ede plizyè milye moun aksepte bon nouvèl la (Tra. 2:14, 37-41). Annapre, li te ede moun Samari yo ak moun lòt nasyon yo pou yo konn kiyès Kris ye e pou yo suiv li (Tra. 8:14-17; 10:44-48). Se sèten, Jewova te itilize Pyè anpil pou ede tout kalite moun vin fè pati kongregasyon an. w23.09 20 § 1; 23 § 11.
Lendi 20 oktòb
Si nou pa di m rèv mwen fè a ansanm ak sa l vle di, m ap fè yo rache nou miyèt moso. — Dàn. 2:5.
Anviwon dezan apre Babilónyen yo te fin detwi Jerizalèm, wa Nebikadneza, ki t ap dirije Babilòn, te fè yon rèv ki te boulvèse l kote l te wè yon estati ki te gwo anpil. Li te menase pou l touye tout mesye ki gen sajès ki t ap travay pou li yo, san wete Dànyèl, si yo pa t kapab di l rèv li te fè a e si yo pa t kapab di l sa rèv la vle di (Dàn. 2:3-5). Dànyèl te oblije aji vit. Si l pa t fè sa, anpil moun t ap pèdi lavi yo. Li te “antre kot wa a e li [te] mande l pou l ba l tan pou l esplike l rèv li te fè a”. (Dàn. 2:16.) Sa te mande kouraj ak lafwa. Pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Dànyèl te konn esplike rèv anvan sa. Li te mande zanmi l yo, “pou yo priye Bondye nan syèl la pou l fè yo mizèrikòd pou l ka devwale sekrè sa a”. (Dàn. 2:18.) Jewova te reponn priyè yo te fè a. Grasa èd Bondye, Dànyèl te esplike Nebikadneza rèv la. Dànyèl ak zanmi l yo pa t pèdi lavi yo. w23.08 3 § 4.
Madi 21 oktòb
Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove. — Mat. 24:13.
Reflechi sou byenfè sa pote lè yon moun gen pasyans. Lè n gen pasyans, kè n pi kontan e nou santi n pi kalm. Donk, lè n gen pasyans, sa kapab bon anpil pou lespri nou ak sante nou. Lè n pran pasyans ak lòt moun, nou gen pi bon relasyon ak yo. Vin gen plis tèt ansanm nan kongregasyon yo. Si yon moun fè n fache e nou pa kouri fè kòlè, sa kapab anpeche sitiyasyon an vin pi mal (Sòm 37:8, nòt; Pwo. 14:29). Men, sa k pi enpòtan an, nou imite Papa nou ki nan syèl la e nou vin pi pwòch avè l toujou. Vrèmanvre, pasyans se yon bèl kalite ki bon pou nou tout. Byenke li ka pa toujou fasil pou n demontre kalite sa a, grasa èd Jewova, nou ka kontinye fè efò pou n vin genyen l. E toutpandan n ap tann avèk pasyans pou monn nouvo a rive, nou kapab gen konfyans “je Jewova ap gade moun ki gen lakrentif pou li, moun ki konte sou lanmou fidèl li genyen an”. (Sòm 33:18.) Annou tout pran detèminasyon pou n kontinye abiye nou ak pasyans. w23.08 22 § 7; 25 § 16-17.
Mèkredi 22 oktòb
Depi pa gen bon aksyon ki mache [ak lafwa], li mouri. — Jak 2:17.
Jak te montre, se vre yon moun ka di li gen lafwa, men, èske li montre sa nan aksyon l (Jak 2:1-5, 9)? Jak te pale tou konsènan yon moun ki wè ‘yon frè oswa yon sè touni oswa ki pa gen ase manje pou l manje’, men moun nan pa fè anyen pou ede l. Menmsi moun sa a di li gen lafwa, li pa montre sa nan aksyon l. Donk, lafwa li di li genyen an pa itil anyen (Jak 2:14-16). Jak te pale de Rahab kòm yon moun ki te gen lafwa e ki te montre sa nan aksyon l (Jak 2:25, 26). Li te tande pale de Jewova e l te ka wè Jewova te avèk Izrayelit yo (Joz. 2:9-11). Aksyon l te fè te montre li gen lafwa. Lè de Izrayelit te vini kòm espyon e lavi yo te an danje, li te pwoteje yo. Se sa k fè, menm jan ak Abraram, Bondye te fè konnen dam sa a ki pa t pafè e ki pa t Izrayelit te yon moun ki jis. Egzanp Rahab montre jan sa enpòtan pou n montre nou gen lafwa grasa aksyon nou fè. w23.12 5-6 § 12-13.
Jedi 23 oktòb
Mwen swete pou nou vin anrasinen nan fondasyon an e pou nou vin byen chita sou li. — Efe. 3:17.
Antanke kretyen, nou pa jis kontante n ak ansèyman de baz ki nan Bib la. Grasa èd lespri sen, nou anvi aprann “menm nan bagay pwofon Bondye yo”. (1 Kor. 2:9, 10.) Sa w panse si w ta kòmanse fè etid pèsonèl ou sou yon seri sijè k ap fè w vin pi pwòch ak Jewova? Pa egzanp, ou ta kapab chèche wè fason li te montre li renmen sèvitè l yo nan tan lontan ak fason sa montre li renmen w tou. Epitou, ou ta ka egzamine fason Jewova te vle pou Izrayelit yo adore l epi konpare l ak fason li vle pou kretyen yo adore l jodi a. Oubyen, petèt ou ta kapab fè bonjan rechèch sou pwofesi ki te reyalize pandan Jezi t ap viv sou tè a e pandan sèvis li. W ap vrèman kontan etidye sijè sa yo lè w sèvi ak Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la. Lè w pran san w pou w byen fouye nan Bib la, sa kapab fè lafwa w vin pi solid e sa kapab ede w pou w vin gen “konesans sou Bondye”. — Pwo. 2:4, 5. w23.10 18-19 § 3-5.
Vandredi 24 oktòb
Anvan tout bagay, se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon pakèt peche. — 1 Pyè 4:8.
Mo apot Pyè itilize pou “anpil” la vle di literalman “detire”. Dezyèm pati vèsè a montre sa anpil lanmou kapab fè. Li kapab kouvri peche frè n ak sè n yo. Men ki jan nou ta ka esplike l: Se kòmsi nou ta kenbe lanmou nou genyen an ak de men, tankou yon moso twal ki ka detire, epi nou detire l anpil jiskaske l kouvri, pa sèlman youn oswa de peche, men, “yon pakèt peche”. Nan kontèks sa a, “kouvri” vle di padone. Menm jan yon nap kapab kouvri yon tach ki gen sou yon tab, lanmou ka kouvri defo ak enpèfeksyon lòt moun genyen. Lanmou nou gen pou frè n ak sè n yo ta dwe fè n kapab padone enpèfeksyon yo genyen, menmsi sa mande anpil efò ak anpil tan (Kol. 3:13). Lè n padone lòt moun, nou montre nou gen anpil lanmou e nou vle fè Jewova plezi. w23.11 11-12 § 13-15.
Samdi 25 oktòb
Chafan kòmanse li liv la devan wa a. — 2 Kwo. 34:18.
Lè wa Jozyas te vin gran, li te kòmanse fè reparasyon nan tanp lan. Pandan travay sa a t ap fèt, yo te “jwenn liv ki gen Lwa Jewova te bay pa mwayen Moyiz yo”. Lè wa a te tande pawòl yo t ap li nan liv la, sa te pouse l pran detèminasyon pou l obeyi sa ki ekri ladan l yo (2 Kwo. 34:14, 19-21). Èske w ta renmen li Bib la chak jou? Si w deja ap fè efò nan sans sa a, èske w renmen fè sa? Èske w note yon seri vèsè ki ta ka ede w pèsonèlman? Lè Jozyas te gen anviwon 39 an, li te fè yon erè ki te lakòz li pèdi lavi l. Li te fè tèt li konfyans olye l te mande Jewova konsèy (2 Kwo. 35:20-25). Gen yon leson nou ka aprann nan sa. Kèlkeswa laj nou oswa kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap aprann konnen sa Bib la di, nou dwe kontinye chèche Jewova. Sa gen ladan l priye Jewova chak jou pou n mande l konsèy, etidye Pawòl li a regilyèman, epi toujou koute konsèy frè ak sè ki gen matirite yo ban nou. Lè n fè sa, n ap gen mwens posiblite fè erè ki grav e l ap pi fasil pou n gen kè kontan. — Jak 1:25. w23.09 12 § 15-16.
Dimanch 26 oktòb
Bondye opoze ak moun ki gen ògèy, men, li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la. — Jak 4:6.
Bib la pale konsènan anpil medam ki te gen bèl kalite, ki te renmen Jewova e ki te sèvi l. Medam sa yo te “modere nan abitid yo” e yo te “fidèl nan tout bagay”. (1 Tim. 3:11.) Anplis de sa, sè yo kapab jwenn anpil egzanp sè ki gen matirite nan kongregasyon yo e yo kapab imite egzanp yo. Nou menm jèn sè, èske nou konn kèk sè ki bay bèl egzanp nou ka imite? Chèche wè bèl kalite yo genyen. Epi, reflechi pou w wè ki jan w ka demontre kalite sa yo. Yon kalite ki enpòtan pou yon kretyen vin gen matirite se imilite. Si yon fi gen imilite, l ap gen bon relasyon ak Jewova e ak lòt moun. Pa egzanp, yon fi ki renmen Jewova kontan soutni dispozisyon Papa l ki nan syèl la pran pou gen otorite (1 Kor. 11:3). Li suiv prensip sa a nan kongregasyon an ak nan fanmi l. w23.12 18-19 § 3-5.
Lendi 27 oktòb
Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. — Efe. 5:28.
Jewova atann pou yon mari renmen madanm li, pou l pran swen l, pou l yon bon zanmi pou li e pou l ede l rete pwòch avè L. Kalite tankou aprann reflechi, respekte fi, epi chèche vin yon moun yo ka fè konfyans, ap ede w pou w yon bon mari. Apre w fin marye ou ka vin papa. Ki sa w ka aprann nan egzanp Jewova pou w ka yon bon papa (Efe. 6:4)? Jewova te fè Jezi, Pitit Gason l lan, konnen aklè li renmen l e li pran plezi nan li (Mat. 3:17). Si w vin papa, toujou bay pitit ou asirans ou renmen yo. Toujou felisite yo pou bon bagay yo fè. Papa ki suiv egzanp Jewova yo ede pitit gason yo ak pitit fi yo vin gen matirite antanke kretyen. Ou kapab prepare w depi kounye a pou w vin yon bon papa, lè w pran ka lòt moun nan fanmi w ak frè ak sè nan kongregasyon an e lè w aprann di yo ou renmen yo e yo gen anpil valè pou ou. — Jan 15:9. w23.12 28-29 § 17-18.
Madi 28 oktòb
Se [Jewova] ki fè w jwenn sekirite. — Eza. 33:6.
Antanke sèvitè fidèl Jewova, nou konn jwenn difikilte e nou konn malad menm jan ak tout moun. Epitou, nou ka oblije andire opozisyon oswa pèsekisyon anba men moun ki rayi pèp Bondye a. Byenke Jewova pa anpeche nou jwenn pwoblèm sa yo, li pwomèt l ap ede nou (Eza. 41:10). Grasa èd Jewova, nou ka kontinye gen kè kontan, nou ka pran bon desizyon, e nou ka ret fidèl avè l menm nan sitiyasyon ki pi difisil yo. Jewova pwomèt l ap ban nou sa Bib la rele “lapè Bondye”. (Flp. 4:6, 7.) Lapè sa a fè lespri nou ak kè nou kalm paske nou gen bon relasyon avè l. Lapè sa a “depase tout sa moun ka konprann”. Li pi estrawòdinè pase sa n ka imajine. Èske w konn sezi wè jan w santi w kalm apre w fin priye Jewova ak tout kè w? Sa w santi a se “lapè Bondye”. w24.01 20 § 2; 21 § 4.
Mèkredi 29 oktòb
M ap louwe Jewova, m ap fè louwanj pou non l ki sen ak tout mwen menm. — Sòm 103:1.
Se lanmou pou Bondye ki fè moun ki fidèl yo fè louwanj pou non l ak tout kè yo. David te byen konprann fè louwanj pou non Jewova vle di fè louwanj pou Jewova li menm. Non Jewova makònen ak repitasyon l, sa fè n panse ak tout bèl kalite li genyen yo e ak tout aksyon estrawòdinè li fè yo. Pou David, non Papa l se yon non ki sen, ki merite louwanj. Li te vle fè louwanj pou li ak ‘tout li menm’, sa vle di ak tout kè l. Menm jan an tou, Levit yo te pran latèt nan fè louwanj pou Jewova. Avèk imilite, yo te rekonèt kèlkeswa sa yo ta di pou yo fè louwanj pou non Jewova ki sakre, yo pa t ap janm ka rive bay non l tout louwanj li merite (Ney. 9:5). Pa gen okenn dout, imilite yo te genyen ak louwanj yo te fè ak tout kè yo te fè kè Jewova kontan. w24.02 9 § 6.
Jedi 30 oktòb
Kèlkeswa degre nou rive nan pwogrè nou, annou kontinye mache annòd nan menm direksyon an. — Flp. 3:16.
Jewova pap konsidere w echwe paske w pa rive reyalize yon objektif ki te twòp pou ou (2 Kor. 8:12). Ou ka aprann nan sitiyasyon ki anpeche w reyalize objektif ou genyen. Sonje sa w deja reyalize. Bib la di: “Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè.” (Ebre 6:10). Donk, ou menm tou, ou pa dwe bliye sa w fè. Reflechi sou sa w deja reyalize. Se kapab lefètke w vin zanmi Jewova, lefètke w ede lòt moun konnen l, oswa lefètke w batize. Menm jan w te fè pwogrè e w te reyalize yon efò pou w reyalize objektif ou genyen nan sèvis Jewova, toujou chèche seri objektif nan sèvis Bondye, ou ka kontinye fè pwogrè pou w reyalize objektif ou genyen kounye a. Grasa èd Jewova, ou kapab reyalize objektif ou genyen pandan w ap kontinye fè wè fason l ap ede w ak jan l beni efò w ap fè (2 Kor. 4:7). Si w pa bay vag, w ap jwenn plis benediksyon toujou. — Gal. 6:9. w23.05 31 § 16-18.
Vandredi 31 oktòb
Papa a li menm gen afeksyon pou nou, poutèt nou gen afeksyon pou mwen e poutèt nou kwè mwen vini kòm reprezantan Bondye. — Jan 16:27.
Jewova renmen montre moun li gen afeksyon pou yo, li pran plezi nan yo. Nan de okazyon Labib fè konnen Li te di Jezi li se Pitit Li renmen anpil la, li menm Li pran plezi nan li a (Mat. 3:17; 17:5). Èske w ta renmen tande Jewova k ap di w li pran plezi nan ou? Jewova pa pale avèk nou yon fason pou n tande vwa l, men, li pale avèk nou pa mwayen Pawòl li a. Nan yon sans, nou kapab tande vwa Jewova k ap fè nou konnen li pran plezi nan nou lè n li pawòl Jezi yo ki nan Evanjil yo. Jezi imite pèsonalite Papa l yon fason ki pafè. Donk, lè nou li nan Bib la Jezi te fè disip fidèl li yo ki pa t pafè konnen li renmen yo, nou kapab imajine Jewova k ap di nou pawòl sa yo tou (Jan 15:9, 15). Si nou jwenn eprèv, sa pa vle di Bondye pa pran plezi nan nou. Okontrè, eprèv yo ban nou okazyon pou nou montre jis nan ki pwen nou renmen Bondye e nou fè l konfyans. — Jak 1:12. w24.03 28 § 10-11.