BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Jodi a

Madi 9 septanm

Fi ki sòt la renmen fè eskandal, li inyoran. — Pwo. 9:13.

Moun ki tande “fi ki sòt la” gen yon chwa pou yo fè: Èske y ap aksepte envitasyon l fè a oswa èske yo pap aksepte l? Gen bonjan rezon pou n kouri pou imoralite seksyèl. Bib la fè konnen “fi ki sòt la” ap di: “Dlo moun vòlè bon anpil.” (Pwo. 9:17). Ki sa “dlo moun vòlè” a ye? Bib la konpare relasyon seksyèl ant de moun ki marye ak dlo fre (Pwo. 5:​15-18). Mari ak madanm ki marye legalman kapab pran plezi nan relasyon seksyèl ki pwòp yo gen youn ak lòt. Sepandan, se pa menm bagay ditou ak “dlo moun vòlè” ki ka gen rapò ak relasyon seksyèl ant de moun ki pa gen dwa fè sa, relasyon seksyèl ki imoral. Souvan, moun k ap fè imoralite seksyèl konn fè sa an kachèt, menm jan yon vòlè konn vòlè an kachèt. “Dlo moun vòlè” ka parèt bon anpil si moun k ap fè peche sa yo panse pa gen moun k ap konnen sa y ap fè a. Malerezman, yo nan gwo erè, paske Jewova wè tout bagay. Lè yon moun pèdi favè Jewova se bagay ki pi grav ki ta ka rive l, e lè sa rive, pa gen anyen ki bon oswa ki dous nan sa. — 1 Kor. 6:​9, 10. w23.06 22 § 7-9.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Mèkredi 10 septanm

Menm lè mwen fè sa kont volonte m, mwen toujou gen yon responsablite yo konfye m. — 1 Kor. 9:17.

Ki sa w ta dwe fè si w santi ou pa priye ak tout kè w ankò oswa ou pa pran plezi nan travay predikasyon an jan w te abitye fè sa? Pa kouri panse Jewova retire lespri sen l sou ou. Ou pa pafè, e fason w santi w kapab chanje tanzantan. Si w pa chofe menm jan an ankò, reflechi sou egzanp apot Pòl. Menm lè l te eseye suiv egzanp Jezi, li te konnen pafwa li ka pa santi l twò chofe pou l fè sa. Pòl te detèmine pou l akonpli sèvis li kèlkeswa jan l te ka santi l. Menm jan an tou, pa pran desizyon ki baze sèlman sou jan w santi w. Pran detèminasyon pou w fè sa ki dwat kèlkeswa jan w santi w. Si w kontinye fè sa ki dwat, rive yon lè santiman w te genyen yo ka chanje. — 1 Kor. 9:16 w24.03 11-12 § 12-13.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Jedi 11 septanm

Montre yo nou renmen yo. — 2 Kor. 8:24.

Nou menm tou nou kapab montre nou renmen frè n ak sè n yo lè n chèche vin zanmi yo (2 Kor. 6:​11-13). Anpil nan nou nan kongregasyon kote frè n ak sè n yo pa t leve menm jan, e nou pa gen menm pèsonalite. Sepandan, nou kapab aprann renmen tout frè n ak sè n yo pi plis lè n konsantre sou bèl kalite yo genyen. Lè n aprann wè lòt moun jan Jewova wè yo, nou montre nou renmen yo. L ap enpòtan anpil pou n montre nou renmen frè n ak sè n yo pandan gwo tribilasyon an. Lè tribilasyon sa a kòmanse, ki kote n ap jwenn pwoteksyon? Ann wè sa Jewova te mande pèp li a pou yo fè lè ènmi te atake Babilòn tan lontan an: “Ale, pèp mwen an, antre nan chanm nou epi, fèmen pòt nou. Kache pou yon ti tan jiskaske kòlè a pase.” (Eza. 26:20). Petèt nou menm tou nou pral gen pou n suiv menm enstriksyon sa yo pandan gwo tribilasyon an. w23.07 6-7 § 14-16.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje