Mèkredi 10 septanm
Menm lè mwen fè sa kont volonte m, mwen toujou gen yon responsablite yo konfye m. — 1 Kor. 9:17.
Ki sa w ta dwe fè si w santi ou pa priye ak tout kè w ankò oswa ou pa pran plezi nan travay predikasyon an jan w te abitye fè sa? Pa kouri panse Jewova retire lespri sen l sou ou. Ou pa pafè, e fason w santi w kapab chanje tanzantan. Si w pa chofe menm jan an ankò, reflechi sou egzanp apot Pòl. Menm lè l te eseye suiv egzanp Jezi, li te konnen pafwa li ka pa santi l twò chofe pou l fè sa. Pòl te detèmine pou l akonpli sèvis li kèlkeswa jan l te ka santi l. Menm jan an tou, pa pran desizyon ki baze sèlman sou jan w santi w. Pran detèminasyon pou w fè sa ki dwat kèlkeswa jan w santi w. Si w kontinye fè sa ki dwat, rive yon lè santiman w te genyen yo ka chanje. — 1 Kor. 9:16 w24.03 11-12 § 12-13.
Jedi 11 septanm
Montre yo nou renmen yo. — 2 Kor. 8:24.
Nou menm tou nou kapab montre nou renmen frè n ak sè n yo lè n chèche vin zanmi yo (2 Kor. 6:11-13). Anpil nan nou nan kongregasyon kote frè n ak sè n yo pa t leve menm jan, e nou pa gen menm pèsonalite. Sepandan, nou kapab aprann renmen tout frè n ak sè n yo pi plis lè n konsantre sou bèl kalite yo genyen. Lè n aprann wè lòt moun jan Jewova wè yo, nou montre nou renmen yo. L ap enpòtan anpil pou n montre nou renmen frè n ak sè n yo pandan gwo tribilasyon an. Lè tribilasyon sa a kòmanse, ki kote n ap jwenn pwoteksyon? Ann wè sa Jewova te mande pèp li a pou yo fè lè ènmi te atake Babilòn tan lontan an: “Ale, pèp mwen an, antre nan chanm nou epi, fèmen pòt nou. Kache pou yon ti tan jiskaske kòlè a pase.” (Eza. 26:20). Petèt nou menm tou nou pral gen pou n suiv menm enstriksyon sa yo pandan gwo tribilasyon an. w23.07 6-7 § 14-16.
Vandredi 12 septanm
Monn sa a se chanje l ap chanje. — 1 Kor. 7:31.
Mande tèt ou: ‘Èske yo konnen m kòm yon moun ki rezonab, ki fleksib e ki konn sede? Oswa èske yo wè m kòm yon moun ki strik, ki egzijan oswa ki gen tèt di? Èske m konn koute lòt moun e èske m konn sede pou m fè yo plezi lè sa nesesè?’ Plis nou montre nou rezonab, se plis n ap montre n ap suiv egzanp Jewova ak Jezi. Si nou rezonab, n ap adapte n lè sitiyasyon n chanje. Chanjman konsa ka lakòz nou gen yon seri pwoblèm nou pa t ap janm panse nou t ap genyen. Pa egzanp, nou ka vin gen gwo pwoblèm sante bridsoukou. Oubyen ka vin gen chanjman sanzatann nan ekonomi oswa nan gouvènman nan zòn kote n ap viv la ki ka fè lavi a vin difisil anpil pou nou (Ekl. 9:11). Si òganizasyon an ta mande n pou n sèvi Jewova yon lòt fason oswa yon lòt kote, sa ka menm yon eprèv pou nou. Nou kapab reyisi adapte n ak nouvo sitiyasyon yo si nou fè kat bagay nou pral site la yo: 1) aksepte reyalite a, 2) panse ak lavni, 3) konsantre sou sa ki pozitif, e 4) ede lòt moun. w23.07 21-22 § 7-8.