BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Jodi a

Mèkredi 17 septanm

Byennere moun yo padone move aksyon yo fè, moun yo kouvri peche yo. — Wom. 4:7.

Bondye padone oswa kouvri peche moun ki gen lafwa nan li. Li padone peche yo nèt (Sòm 32:​1, 2). Li konsidere moun sa yo kòm moun ki san repwòch e ki jis sou baz lafwa yo genyen. Bondye te fè konnen Abraram, David ak lòt moun ankò ki t ap adore l fidèlman te jis, alòske yo pa t pafè. Men, piske yo te gen lafwa, Bondye te konsidere yo kòm moun ki san repwòch, sitou lè l te konpare yo ak moun ki pa t ap adore l (Efe. 2:12). Tankou apot Pòl te di sa byen klè nan lèt li a, lafwa enpòtan anpil pou yon moun vin zanmi Bondye. Abraram ak David te zanmi Bondye paske yo te gen lafwa nan li. Nou menm tou nou kapab vin zanmi Bondye. w23.12 3 § 6-7.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Jedi 18 septanm

Annou toujou bay Bondye louwanj kòm sakrifis, sa vle di, annou fè deklarasyon piblik pou non l ak pawòl k ap sot nan bouch nou. — Ebre 13:15.

Jodi a, tout kretyen gen privilèj pou yo ofri Jewova sakrifis lè yo sèvi ak tan yo, fòs yo ak sa yo genyen pou yo soutni Wayòm li an. Nou kapab montre nou bay privilèj Jewova ban nou pou n adore l la anpil valè lè n ba l sa nou genyen ki pi bon an. Apot Pòl te pale konsènan yon seri bagay nou pa ta dwe janm neglije nan adorasyon n ap bay Jewova a (Ebre 10:​22-25). Sa gen ladan l, pwoche bò kote Jewova pa mwayen lapriyè, preche lòt moun konsènan esperans nou genyen an, asiste reyinyon ansanm ak frè n ak sè n yo, epi ankouraje youn lòt “plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou [Jewova] a ap pwoche”. Nan fen liv Revelasyon an, pou zanj Jewova a montre jan sa l ap di a enpòtan, li di pandan de fwa: “Se Bondye pou w adore.” (Rev. 19:​10, 22:9). Ann pa janm bliye verite espirityèl pwofon sa a ki gen rapò ak gran tanp espirityèl Jewova a, e ann pa janm bliye privilèj nou genyen pou nou adore gran Dye nou an, yon privilèj ki enpòtan anpil! w23.10 29 § 17-18.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Vandredi 19 septanm

Kontinye gen lanmou youn pou lòt. — 1 Jan 4:7.

Nou tout vle “kontinye gen lanmou youn pou lòt”. Sepandan, li enpòtan pou n sonje avètisman Jezi te bay ki di “lanmou pifò moun [t] ap vin rafredi”. (Mat. 24:12.) Jezi pa t vle di sa t ap gen pou rive anpil nan disip li yo. Men, nou dwe veye pou n pa kite fason moun nan monn nan ap aji, ki montre yo pa gen lanmou, detenn sou nou. Pandan n ap reflechi sou sa, men yon kesyon enpòtan nou bezwen egzamine: Ki sa k ap ede n wè si nou renmen frè n ak sè n yo anpil? Youn nan fason nou kapab wè si nou gen anpil lanmou, se lè n egzamine fason nou reyaji nan kèk sitiyasyon nan lavi a (2 Kor. 8:8). Apot Pyè te pale konsènan youn nan sitiyasyon sa yo. Men sa l te di: “Anvan tout bagay, se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon pakèt peche.” (1 Pyè 4:8). Sa montre, defo ak enpèfeksyon frè n ak sè n yo genyen ka ede n wè si nou renmen yo toutbon. w23.11 10-11 § 12-13.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje