Madi 16 septanm
Nonsèlman nou kwè, men nou vin konnen tou ou se Sila a ki sen Bondye voye a. — Jan 6:69.
Apot Pyè te fidèl. Li pa t kite anyen fè l sispann suiv Jezi. Yon lè, li te montre l fidèl lè Jezi te di yon bagay disip li yo pa t konprann (Jan 6:68). Anpil nan yo te sispann suiv Jezi san yo pa t tann pou l ba yo yon esplikasyon. Men, Pyè pa t fè sa, li te konnen se Jezi sèlman ki gen “pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an”. Jezi te konnen Pyè ak lòt apot yo t ap abandone l. Aktout sa, Jezi te fè Pyè konnen li gen konfyans li t ap retounen e li t ap ret fidèl (Lik 22:31, 32). Jezi te konprann “lespri a byen dispoze, men chè a fèb”. (Mak 14:38.) Vrèmanvre, menm apre Pyè te fin nye Jezi, Jezi pa t bay apot li a vag. Apre Jezi fin resisite, li te parèt devan Pyè, sandout ki te poukont li lè sa a (Mak 16:7; Lik 24:34; 1 Kor. 15:5). Sa dwe te ankouraje apot la ki te tris anpil! w23.09 22 § 9-10.
Mèkredi 17 septanm
Byennere moun yo padone move aksyon yo fè, moun yo kouvri peche yo. — Wom. 4:7.
Bondye padone oswa kouvri peche moun ki gen lafwa nan li. Li padone peche yo nèt (Sòm 32:1, 2). Li konsidere moun sa yo kòm moun ki san repwòch e ki jis sou baz lafwa yo genyen. Bondye te fè konnen Abraram, David ak lòt moun ankò ki t ap adore l fidèlman te jis, alòske yo pa t pafè. Men, piske yo te gen lafwa, Bondye te konsidere yo kòm moun ki san repwòch, sitou lè l te konpare yo ak moun ki pa t ap adore l (Efe. 2:12). Tankou apot Pòl te di sa byen klè nan lèt li a, lafwa enpòtan anpil pou yon moun vin zanmi Bondye. Abraram ak David te zanmi Bondye paske yo te gen lafwa nan li. Nou menm tou nou kapab vin zanmi Bondye. w23.12 3 § 6-7.
Jedi 18 septanm
Annou toujou bay Bondye louwanj kòm sakrifis, sa vle di, annou fè deklarasyon piblik pou non l ak pawòl k ap sot nan bouch nou. — Ebre 13:15.
Jodi a, tout kretyen gen privilèj pou yo ofri Jewova sakrifis lè yo sèvi ak tan yo, fòs yo ak sa yo genyen pou yo soutni Wayòm li an. Nou kapab montre nou bay privilèj Jewova ban nou pou n adore l la anpil valè lè n ba l sa nou genyen ki pi bon an. Apot Pòl te pale konsènan yon seri bagay nou pa ta dwe janm neglije nan adorasyon n ap bay Jewova a (Ebre 10:22-25). Sa gen ladan l, pwoche bò kote Jewova pa mwayen lapriyè, preche lòt moun konsènan esperans nou genyen an, asiste reyinyon ansanm ak frè n ak sè n yo, epi ankouraje youn lòt “plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou [Jewova] a ap pwoche”. Nan fen liv Revelasyon an, pou zanj Jewova a montre jan sa l ap di a enpòtan, li di pandan de fwa: “Se Bondye pou w adore.” (Rev. 19:10, 22:9). Ann pa janm bliye verite espirityèl pwofon sa a ki gen rapò ak gran tanp espirityèl Jewova a, e ann pa janm bliye privilèj nou genyen pou nou adore gran Dye nou an, yon privilèj ki enpòtan anpil! w23.10 29 § 17-18.