BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Lach la nan tèritwa moun Filisti yo (1-12)

        • Bondye imilye Dagon (1-5)

        • Malediksyon tonbe sou moun Filisti yo (6-12)

1 Samyèl 5:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 4:11

1 Samyèl 5:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 16:23; 1Kw 10:8-10

1 Samyèl 5:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 12:12; 1Kw 16:26; Sm 97:7
  • +Eza 46:6, 7

1 Samyèl 5:4

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Se sèlman Dagon”.

1 Samyèl 5:6

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 6:5, 6

1 Samyèl 5:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 17:4

1 Samyèl 5:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 5:6

1 Samyèl 5:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:20, 45; 2Wa 1:2; Am 1:8
  • +1Sa 5:7

1 Samyèl 5:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 5:6, 9

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 5:11Sa 4:11
1 Sam. 5:2Jj 16:23; 1Kw 10:8-10
1 Sam. 5:3Eg 12:12; 1Kw 16:26; Sm 97:7
1 Sam. 5:3Eza 46:6, 7
1 Sam. 5:61Sa 6:5, 6
1 Sam. 5:81Sa 17:4
1 Sam. 5:91Sa 5:6
1 Sam. 5:10Joz 15:20, 45; 2Wa 1:2; Am 1:8
1 Sam. 5:101Sa 5:7
1 Sam. 5:111Sa 5:6, 9
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 5:1-12

1 Samyèl

5 Lè moun Filisti yo fin pran Lach+ vrè Dye a, yo mennen l sot Ebenezè al Achdòd. 2 Epi, moun Filisti yo pran Lach vrè Dye a, yo mennen l nan tanp Dagon an e yo depoze l bò kot estati Dagon an+. 3 Lè moun Achdòd yo leve granmmaten, yo jwenn estati Dagon an tonbe fas atè devan Lach Jewova a+. Lè sa a, yo pran estati Dagon an yo remete l nan plas li+. 4 Nan demen, lè yo leve granmmaten, yo jwenn estati Dagon an tonbe fas atè ankò devan Lach Jewova a. Tèt Dagon ak de pat men l te kase e yo te atè nan papòt la. Se sèlman pati ki gen fòm pwason an* ki pa t gen anyen. 5 Se sa k fè, depi jou sa a, prèt Dagon yo ak tout moun ki te konn antre nan tanp Dagon an pa t konn pile papòt tanp Dagon an nan Achdòd lè y ap antre anndan l.

6 Jewova te frape moun Achdòd yo fò, e li te sakaje yo lè l te fè moun Achdòd yo ak moun nan tèritwa ki ozalantou yo gen emowoyid*+. 7 Lè moun Achdòd yo wè sa k rive a, yo di: “Pa kite Lach Bondye Izrayèl la rete nan mitan nou, paske Bondye yo a pini ni nou menm ni Dagon, dye nou an.” 8 Se sa k fè yo te reyini tout chèf nan Filisti yo e yo mande yo: “Ki sa nou ta dwe fè ak Lach Bondye Izrayèl la?” Yo reponn: “Mennen Lach Bondye Izrayèl la Gat+.” Konsa, yo te mennen Lach Bondye Izrayèl la nan zòn sa a.

9 Apre yo fin mennen l nan zòn nan, Jewova frape moun nan vil la fò, li lage gwo panik nan mitan yo. Li pini moun nan vil la, timoun kou granmoun, e li fè yo gen emowoyid+. 10 Se sa k fè yo te voye Lach vrè Dye a Ekwon+. Men, kou Lach vrè Dye a rive Ekwon, moun Ekwon yo pran rele, yo di: “Yo mennen Lach Bondye Izrayèl la ban nou pou l touye ni nou menm ni pèp nou an+!” 11 Apre sa, yo te voye rele tout chèf nan Filisti yo, yo te rasanble yo e yo te di yo: “Voye Lach Bondye Izrayèl la ale. Fè yo mennen l tounen kote l te soti a pou l pa touye nou menm ak pèp nou an.” Paske tout moun nan vil la nèt te pè pou yo pa mouri. Vrè Dye a te frape moun nan zòn nan fò+. 12 Moun ki pa t mouri yo te gen emowoyid. Moun nan vil la t ap rele pou mande sekou, e bri rèl yo a te rive nan syèl la.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje