2 Samyèl
3 Moun Sayil yo ak moun David yo te kontinye fè lagè youn ak lòt. Men, David te kontinye gen plis pouvwa+, e moun Sayil yo te kontinye ap pèdi fòs+.
2 Pandan tan sa a, David te vin gen plizyè pitit gason nan Ebwon+. Premye pitit gason l lan te rele Amnon+. Li te fè l ak Ayinowam+, moun Jizreyèl. 3 Dezyèm nan te rele Kileyab. Li te fè l ak Abigayil+, moun Kamèl, madanm defen Nabal. Twazyèm nan te rele Absalon+. Se te pitit gason Maaka, pitit fi Talmayi+ ki te wa Gechou. 4 Katriyèm nan te rele Adonija+. Li te fè l ak Agit. Senkyèm nan te rele Chefatya. Li te fè l ak Abital. 5 Sizyèm nan te rele Jitreyam. Li te fè l ak Egla ki te madanm li. David te vin gen pitit gason sa yo ki te fèt Ebwon.
6 Tank lagè ant moun Sayil yo ak moun David yo t ap kontinye, Abnè+ te kontinye vin gen plis pouvwa pami moun Sayil yo. 7 Twouve, Sayil te gen yon madanm sou kote ki te rele Rispa+, ki te pitit fi Ayiya. Annapre, Ichbochèt+ di Abnè: “Poukisa w te kouche ak madanm sou kote papa m te genyen an+?” 8 Abnè te vin fache anpil poutèt sa Ichbochèt te di l la. Abnè di l: “Èske se yon vye chen m ye nan peyi Jida? Jis jounen jodi a mwen montre lanmou ki fidèl pou moun lakay Sayil, papa w, ak frè l yo ansanm ak zanmi l yo, e mwen pa t lage w nan men David. Men jodi a, ou twouve ap vin mande m kont pou yon erè m te fè akoz yon fi. 9 Mwen menm, Abnè, se pou Bondye pini m, e se pou l pini m ankò, si m pa fè pou David sa Jewova te fè sèman l ap fè pou li a+. 10 Li te fè sèman l ap retire wayòm nan nan men fanmi Sayil e l ap mete twòn David la chita sou Izrayèl ak Jida, soti Dann rive Beyècheba+!” 11 Li pa t ka di Abnè anyen ankò, paske li te pè l+.
12 Menm kote a, Abnè voye kèk moun al kot David pou yo mande l: “Pou kiyès peyi a ye?” Epi, li voye di l: “Fè yon alyans avè m, epi m ap fè tout sa m kapab* pou m fè tout Izrayèl vin jwenn ou+.” 13 Lè sa a, li reponn: “Oke! M ap fè yon alyans avè w. Sèl bagay m ap mande w, anvan w chèche wè m, lè w ap vin kote m, se pou w mennen Mikal+, pitit fi Sayil la, ban mwen.” 14 Epi, men sa David voye kèk mesaje al di Ichbochèt+, pitit gason Sayil la: “Ban m Mikal, madanm mwen, paske mwen te peye 100 pwent po pijon gason ki moun Filisti pou m te ka marye avè l+.” 15 Konsa, Ichbochèt te voye pran Mikal nan men Paltyèl+, mari l, ki se pitit gason Layis. 16 Men, mari a t ap kriye pandan l t ap mache dèyè madanm li e li te suiv li rive jis Bawourim+. Epi, Abnè di l: “Ale! Retounen lakay ou!” Lè sa a, li retounen.
17 Epitou, Abnè te voye di ansyen ki nan pèp Izrayèl yo: “Sa fè lontan nou te vle pou David vin wa nou. 18 Ebyen, kounye a, se moman pou n aji, paske Jewova te di David: ‘Se David, sèvitè m nan+, m ap fè sove pèp Izrayèl la anba men moun peyi Filisti yo e anba men tout ènmi yo genyen.’” 19 Apre sa, Abnè te pale ak moun nan tribi Benjamen yo+. Epitou, Abnè t al pale ade ak David nan Ebwon pou l esplike l ki sa tout moun ann Izrayèl ak tout moun nan tribi Benjamen yo dakò pou yo fè.
20 Lè Abnè ak 20 mesye ki te avè l yo te rive kot David nan Ebwon, David te fè yon gwo resepsyon pou yo. 21 Lè sa a, Abnè di David: “Monwa, mèt mwen, kite m al rasanble tout moun ann Izrayèl yo pou ou pou yo ka fè yon alyans avè w e w ap vin wa tout moun* ou vle.” Apre sa, David voye Abnè ale, epi Abnè ale anpè.
22 Tousuit apre, Jowab ansanm ak mesye David yo te retounen sot atake yon zòn e yo te pote yon pakèt bagay yo te pran nan zòn nan. Abnè te gentan kite David nan Ebwon, paske l te voye l ale anpè. 23 Lè Jowab+ ak tout sòlda ki te avè l yo rive, gen moun ki vin di Jowab: “Abnè+, pitit gason Nè a+, te vin kote wa a, epi wa a voye l ale, e l ale anpè.” 24 Lè sa a, Jowab antre lakay wa a, li di l: “Ki sa w fè la a? Apa Abnè te vin kote w epi w kite l ale san pwoblèm! 25 Ou byen konnen Abnè, pitit gason Nè a! Se pou l twonpe w li vin la a, pou l ka chèche konnen tout mouvman w ak tout sa w ap fè.”
26 Se konsa, Jowab kite David, li voye kèk mesye al dèyè Abnè. Yo jwenn li bò sitèn ki nan Sira a e yo mennen l tounen, epoutan David pa t konn anyen nan sa. 27 Lè Abnè retounen Ebwon+, Jowab pran l apa nan pòtay vil la pou l pale avè l ade. Men, pandan yo nan pòtay la, li pike Abnè nan vant, epi Abnè mouri+. Li te fè sa poutèt Abnè te touye* Asayèl, frè l la+. 28 Annapre, lè David tande sa, li di: “Mwen menm ak moun ki nan wayòm mwen an, nou inosan nèt+ devan Jewova pou Abnè, pitit gason Nè a, yo touye a. 29 Se pou Jowab ak tout moun lakay papa l jwenn pinisyon pou lanmò sa a+. Nan fanmi Jowab, se pou toujou gen yon moun ki gen ekoulman+, oubyen yon moun ki gen lèp+, oswa yon gason ki oblije fè travay fi*, oubyen yon moun yo touye ak epe, oswa yon moun ki nan grangou+!” 30 Konsa, Jowab ak Abichayi, frè l la+, te touye Abnè+, paske Abnè te touye Asayèl, frè yo a, nan batay Gabawon an+.
31 Lè sa a, David di Jowab ak tout moun ki te avè l yo: “Chire rad sou nou, mete twal sak sou nou, epi kriye pou Abnè.” Menm wa David t ap mache dèyè branka yo t ap pote kadav la. 32 Yo te antere Abnè nan Ebwon, wa a te kriye byen fò sou tonm Abnè e tout pèp la te kriye tou. 33 Wa a te chante yon chan pou Abnè kote l t ap di:
“Èske Abnè te dwe mouri tankou yon moun sòt?
Lè moun yo tande sa, yo tout pran kriye ankò.
35 Annapre, tout moun te pote manje bay David pou yo konsole l*. Solèy potko menm kouche, David te sèmante, li te di: “Se pou Bondye pini m, e se pou l pini m ankò, si m manje pen oswa nenpòt lòt bagay anvan solèy kouche+!” 36 Tout pèp la te wè sa, e sa te fè yo plezi. Tout sa wa a te fè yo te fè pèp la plezi. 37 Konsa, jou sa a, tout pèp la ak tout moun ann Izrayèl te vin konnen se pa wa a ki te fè touye Abnè, pitit gason Nè a+. 38 Apre sa, wa a di sèvitè l yo: “Èske nou pa konnen se yon chèf e se yon gwo gason ki tonbe ann Izrayèl jodi a+? 39 Jodi a, mwen santi m fèb, byenke yo chwazi m kòm wa+. Men, mesye sa yo, pitit gason Sewouya yo+, twò mechan pou mwen+. Se pou Jewova fè moun ki mechan an peye pou mechanste l+!”