BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 17
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Ouchayi detounen konsèy Ayitofèl la (1-14)

      • Yo avèti David; li kouri pou Absalon (15-29)

        • Bazilayi ak lòt moun pot pwovizyon (27-29)

2 Samyèl 17:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pandan toule de men l fèb”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 16:14
  • +Sm 37:12; 41:9; 55:12, 13

2 Samyèl 17:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 15:32; 16:16

2 Samyèl 17:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 15:34

2 Samyèl 17:8

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “e nanm yo anmè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 16:18; 2Sa 15:18; 23:8, 18; 1Kw 11:26
  • +Pw 17:12
  • +1Sa 17:50; 18:7; 19:8; 2Sa 10:18

2 Samyèl 17:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “twou; ravin”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:1; 23:19

2 Samyèl 17:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 49:9; 2Sa 1:23; Eza 31:4
  • +1Sa 18:5

2 Samyèl 17:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 20:1
  • +1Wa 4:20

2 Samyèl 17:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 21:1
  • +2Sa 15:31, 34; 16:23; Pw 19:21; 21:30
  • +Dt 2:30; 2Kw 25:20

2 Samyèl 17:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:17; 15:35

2 Samyèl 17:16

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “plèn ki nan dezè a”.

  • *

    Lit.: “vale”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 35:24, 25

2 Samyèl 17:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 1:42
  • +2Sa 15:27, 36; 18:19
  • +Joz 15:7, 12; 18:16, 20; 1Wa 1:9

2 Samyèl 17:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 16:5; 19:16

2 Samyèl 17:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 1:19; Joz 2:3-5; 1Sa 19:12, 14; 21:2

2 Samyèl 17:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 17:1, 2

2 Samyèl 17:23

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “trangle”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:20, 51; 2Sa 15:12
  • +2Wa 20:1
  • +1Sa 31:4; 1Wa 16:18; Sm 5:10; 55:23; Mt 27:3, 5; Tr 1:18

2 Samyèl 17:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 32:1, 2; Joz 13:24, 26

2 Samyèl 17:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 19:13; 20:4, 10
  • +2Sa 8:16
  • +1Kw 2:16, 17

2 Samyèl 17:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 32:1; Dt 3:15

2 Samyèl 17:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 3:11; Joz 13:24, 25; 2Sa 12:26, 29
  • +2Sa 9:3-5
  • +2Sa 19:31, 32; 1Wa 2:7

2 Samyèl 17:28

Nòt anba paj

  • *

    Se yon kalite manje angren.

2 Samyèl 17:29

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “fromaj lèt bèf”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 11:25
  • +1Sa 25:18; 2Sa 16:2

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 17:22Sa 16:14
2 Sam. 17:2Sm 37:12; 41:9; 55:12, 13
2 Sam. 17:52Sa 15:32; 16:16
2 Sam. 17:72Sa 15:34
2 Sam. 17:81Sa 16:18; 2Sa 15:18; 23:8, 18; 1Kw 11:26
2 Sam. 17:8Pw 17:12
2 Sam. 17:81Sa 17:50; 18:7; 19:8; 2Sa 10:18
2 Sam. 17:91Sa 22:1; 23:19
2 Sam. 17:10Jen 49:9; 2Sa 1:23; Eza 31:4
2 Sam. 17:101Sa 18:5
2 Sam. 17:11Jj 20:1
2 Sam. 17:111Wa 4:20
2 Sam. 17:14Pw 21:1
2 Sam. 17:142Sa 15:31, 34; 16:23; Pw 19:21; 21:30
2 Sam. 17:14Dt 2:30; 2Kw 25:20
2 Sam. 17:152Sa 8:17; 15:35
2 Sam. 17:16Sm 35:24, 25
2 Sam. 17:171Wa 1:42
2 Sam. 17:172Sa 15:27, 36; 18:19
2 Sam. 17:17Joz 15:7, 12; 18:16, 20; 1Wa 1:9
2 Sam. 17:182Sa 16:5; 19:16
2 Sam. 17:20Eg 1:19; Joz 2:3-5; 1Sa 19:12, 14; 21:2
2 Sam. 17:212Sa 17:1, 2
2 Sam. 17:23Joz 15:20, 51; 2Sa 15:12
2 Sam. 17:232Wa 20:1
2 Sam. 17:231Sa 31:4; 1Wa 16:18; Sm 5:10; 55:23; Mt 27:3, 5; Tr 1:18
2 Sam. 17:24Jen 32:1, 2; Joz 13:24, 26
2 Sam. 17:252Sa 19:13; 20:4, 10
2 Sam. 17:252Sa 8:16
2 Sam. 17:251Kw 2:16, 17
2 Sam. 17:26Nb 32:1; Dt 3:15
2 Sam. 17:27Dt 3:11; Joz 13:24, 25; 2Sa 12:26, 29
2 Sam. 17:272Sa 9:3-5
2 Sam. 17:272Sa 19:31, 32; 1Wa 2:7
2 Sam. 17:29Pw 11:25
2 Sam. 17:291Sa 25:18; 2Sa 16:2
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 17:1-29

2 Samyèl

17 Annapre, Ayitofèl di Absalon: “Tanpri, kite m chwazi 12 000 gason pou m al dèyè David aswè a. 2 M ap rive sou li pandan l tou fatige e pandan l pa gen fòs ankò*+, konsa, m ap fè tèt li vin cho. Tout moun ki avè l yo ap kouri e se sèl wa a m ap touye+. 3 Apre sa, m ap mennen tout pèp la vin jwenn ou. Depi moun w ap chèche a mouri, tout pèp la ap tounen vin jwenn ou. Lè sa a, tout pèp la ap anpè.” 4 Absalon ak tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la te wè sa l te di a te bon nèt.

5 Men, Absalon di: “Tanpri, ann rele Ouchayi+, Akit la, pou n tande sa l ap di tou.” 6 Se konsa, Ouchayi antre kot Absalon, epi Absalon di l: “Ayitofèl bay tèl konsèy. Èske w panse nou ta dwe suiv konsèy li a? Si n pa dwe suiv li, di n sa w panse.” 7 Menm kote a, Ouchayi di Absalon: “Fwa sa a, konsèy Ayitofèl bay la pa bon+.”

8 Epi, Ouchayi di: “Ou byen konnen jan papa w ak mesye ki avè l yo vanyan+, e pa gen anyen yo pap fè*, menm jan ak yon manman lous ki pèdi pitit li nan bwa+. Epitou, papa w se yon sòlda ki konn fè lagè+, li pap pase nuit lan bò kot moun yo. 9 Nan moman sa a menm, se swa li kache nan youn nan gwòt* yo oubyen li kache yon lòt kote+. Si se li ki atake nou anvan, moun ki tande sa ap di: ‘Yo pot laviktwa sou moun ki avèk Absalon yo!’ 10 Lè sa a, menm mesye ki vanyan yo, mesye ki gen kouraj tankou lyon yo+, ap vin pè anpil, paske tout pèp Izrayèl la konnen papa w se yon gason vanyan+ e mesye ki avè l yo gen kran. 11 Men konsèy m ap bay: “Fè tout pèp Izrayèl la reyini bò kote w, soti Dann rive Beyècheba+, tankou grenn sab ki bò lanmè+, epi pran devan yo nan batay la. 12 N ap atake l nenpòt kote nou jwenn li, n ap rive sou li tankou gout lawouze k ap tonbe atè. Ni li menm, ni mesye ki avè l yo, pa gen youn k ap chape. 13 Si l kouri al nan yon vil, tout pèp Izrayèl la ap vin ak kòd nan vil sa a, y ap rale vil la lage nan rivyè, e yo pap kite yon grenn wòch ladan l.”

14 Epi, Absalon ak tout mesye ann Izrayèl yo di: “Konsèy Ouchayi, Akit la, pi bon+ pase konsèy Ayitofèl la!” Se Jewova ki te deside fè yo pa koute konsèy Ayitofèl la+, byenke se te yon bon konsèy, yon fason pou Jewova te ka lage malè sou Absalon+.

15 Apre sa, Ouchayi di Zadòk ak Abyata+, prèt yo: “Men konsèy Ayitofèl bay Absalon ak ansyen ki nan pèp Izrayèl yo, e men konsèy mwen bay. 16 Kounye a, voye di David sa san pèdi tan pou nou avèti l. Di l: ‘Pinga w ret nan ti ravin yo ki gen nan dezè a* aswè a. Men, kèlkeswa jan sa ye, travèse rivyè a, paske si w pa fè sa, monwa, y ap touye* w ak tout moun ki avè w yo+.’”

17 Jonatan+ ak Ayimaz+ te rete Ennwogèl+. Gen yon sèvant ki t al di yo sa k ap pase a, epi yo t al di wa David sa, paske yo pa t vle pran chans al antre nan vil la pou moun pa wè yo. 18 Men, gen yon jèn gason ki te wè yo k al di Absalon sa. Se sa k fè de mesye yo te kouri ale e yo rive lakay yon mesye nan Bawourim+ ki gen yon pi nan lakou lakay li. Yo desann nan pi a, 19 epi madanm mesye a mete yon twal kouvri bouch pi a, apre sa li simen ti grenn ki fin moulen sou li. Pèsonn pa t konn anyen. 20 Sèvitè Absalon yo te vin lakay dam nan, yo mande l: “Kote Ayimaz ak Jonatan?” Dam nan reponn: “Yo pase la a y al bò dlo a+.” Epi, mesye yo al chèche yo, men yo pa jwenn yo. Konsa, yo retounen Jerizalèm.

21 Apre mesye yo fin ale, Jonatan ak Ayimaz soti nan pi a y al bay wa David nouvèl la. Yo di l: “Leve, epi travèse dlo a san pèdi tan, paske Ayitofèl bay yon konsèy ki kont ou+.” 22 Menm kote a, David ak tout moun ki te avè l yo travèse Rivyè Jouden an. Anvan l jou, yo tout te gentan fin travèse Rivyè Jouden an.

23 Lè Ayitofèl wè yo pa koute konsèy li a, li sele bourik li, l al lakay li nan vil kote l soti a+. Apre li fin pale ak moun lakay li+, li pann* tèt li+. Se konsa, li mouri e yo antere l menm kote ak zansèt li yo.

24 Pandan tan sa a, David t al Maanayim+ e Absalon te travèse Rivyè Jouden an ak tout mesye ann Izrayèl yo. 25 Absalon te met Amaza+ alatèt lame a nan plas Jowab+. Amaza se pitit gason yon mesye ki rele Itra, Izrayelit la. Itra te fè l ak Abigayil+, pitit fi Nahach, yon sè Sewouya ki manman Jowab. 26 Absalon ak pèp Izrayèl la te monte kan yo nan tèritwa Galaad+.

27 Kou David rive Maanayim, Chobi, pitit gason Nahach, moun vil Raba+ ki nan tèritwa desandan Amon yo, Maki+, pitit gason Amiyèl, moun Lodeba, ak Bazilayi+, moun Galaad, ki sot Wogelim, 28 vin ak kabann, kivèt, po ann ajil, e yo vin ak ble, lòj*, farin, grenn griye, gwo pwa, ti pwa, grenn seche, 29 siwo myèl, bè, mouton ak fwomaj*. Yo vin ak tout bagay sa yo pou David ak moun ki te avè l yo manje+, paske yo te di: “Moun yo grangou, yo fatige e yo swaf nan dezè a+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje