BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 20
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Cheba fè soulèvman; Jowab touye Amaza (1-13)

      • Yo kouri dèyè Cheba e yo koupe tèt li (14-22)

      • Fason gouvènman David la te ye (23-26)

2 Samyèl 20:1

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “al nan tant”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 20:21
  • +Jj 3:26, 27; 2Sa 15:10
  • +2Sa 19:43
  • +1Wa 12:16

2 Samyèl 20:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 24:21
  • +2Sa 19:15, 41, 42

2 Samyèl 20:3

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nan palè l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 5:11
  • +2Sa 15:16
  • +2Sa 16:21, 22

2 Samyèl 20:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 17:25; 19:13; 1Kw 2:17

2 Samyèl 20:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:6; 2Sa 10:10; 23:18; 1Kw 18:12
  • +2Sa 20:1
  • +2Sa 15:12

2 Samyèl 20:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:16
  • +2Sa 8:18; 15:18; 1Wa 1:38

2 Samyèl 20:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 18:21, 25; 21:8, 17
  • +2Sa 17:25; 19:13

2 Samyèl 20:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 3:27; 1Wa 2:5

2 Samyèl 20:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 20:1

2 Samyèl 20:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 15:20; 2Wa 15:29

2 Samyèl 20:15

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Yo”.

2 Samyèl 20:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon vil ki tankou yon manman”.

  • *

    Lit.: “vale”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 19:5; Dt 32:9

2 Samyèl 20:21

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “leve men l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 20:1
  • +Joz 17:14, 15; Jj 2:8, 9

2 Samyèl 20:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ekl 9:14, 15, 18

2 Samyèl 20:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:16; 19:13
  • +2Sa 23:20; 1Kw 27:5
  • +1Kw 12:27
  • +2Sa 8:18; 15:18; 1Wa 1:38, 44

2 Samyèl 20:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 4:6; 12:18
  • +1Wa 4:3

2 Samyèl 20:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 15:27
  • +2Sa 17:15; 19:11; 1Wa 4:4

2 Samyèl 20:26

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “vin yon prèt”.

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 20:12Sa 20:21
2 Sam. 20:1Jj 3:26, 27; 2Sa 15:10
2 Sam. 20:12Sa 19:43
2 Sam. 20:11Wa 12:16
2 Sam. 20:2Pw 24:21
2 Sam. 20:22Sa 19:15, 41, 42
2 Sam. 20:32Sa 5:11
2 Sam. 20:32Sa 15:16
2 Sam. 20:32Sa 16:21, 22
2 Sam. 20:42Sa 17:25; 19:13; 1Kw 2:17
2 Sam. 20:61Sa 26:6; 2Sa 10:10; 23:18; 1Kw 18:12
2 Sam. 20:62Sa 20:1
2 Sam. 20:62Sa 15:12
2 Sam. 20:72Sa 8:16
2 Sam. 20:72Sa 8:18; 15:18; 1Wa 1:38
2 Sam. 20:8Joz 18:21, 25; 21:8, 17
2 Sam. 20:82Sa 17:25; 19:13
2 Sam. 20:102Sa 3:27; 1Wa 2:5
2 Sam. 20:132Sa 20:1
2 Sam. 20:141Wa 15:20; 2Wa 15:29
2 Sam. 20:19Eg 19:5; Dt 32:9
2 Sam. 20:212Sa 20:1
2 Sam. 20:21Joz 17:14, 15; Jj 2:8, 9
2 Sam. 20:22Ekl 9:14, 15, 18
2 Sam. 20:232Sa 8:16; 19:13
2 Sam. 20:232Sa 23:20; 1Kw 27:5
2 Sam. 20:231Kw 12:27
2 Sam. 20:232Sa 8:18; 15:18; 1Wa 1:38, 44
2 Sam. 20:241Wa 4:6; 12:18
2 Sam. 20:241Wa 4:3
2 Sam. 20:252Sa 15:27
2 Sam. 20:252Sa 17:15; 19:11; 1Wa 4:4
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 20:1-26

2 Samyèl

20 Twouve, te gen yon nonm ki te konn bay anpil pwoblèm yo te rele Cheba+, pitit gason Bikri, yon desandan Benjamen. Li te sonnen kòn+ e li te di: “Nou pa gen okenn rapò ak David, pitit gason Jese a+. Se pou chak moun al sèvi dye* pa yo, o Izrayèl+!” 2 Menm kote a, tout mesye ann Izrayèl yo te sispann suiv David pou y al suiv Cheba, pitit gason Bikri a+. Men, mesye Jida yo, soti depi bò Rivyè Jouden an rive Jerizalèm, te rete atache ak wa yo a+.

3 Lè wa David rive lakay li* Jerizalèm+, li pran dis madanm sou kote li te genyen li te kite pou pran swen kay la+, li mete yo nan yon kay kote te gen moun ki t ap veye yo. Li te ba yo manje, men li pa t kouche avèk yo+. Yo te rete nan kay la jis yo mouri, yo t ap viv tankou fi mari yo mouri, alòske mari yo vivan.

4 Kounye a, wa a di Amaza+: “Fè mesye Jida yo vin kote m nan twa jou, e ou dwe la tou.” 5 Vrèmanvre, Amaza t al rele mesye Jida yo, men li te vin pi ta pase lè wa a te di l vini an. 6 Apre sa, David di Abichayi+: “Cheba+, pitit gason Bikri a, ka ban nou plis pwoblèm pase Absalon+. Pran sèvitè mèt ou yo pou w al dèyè l pou l pa gentan jwenn vil ki byen pwoteje pou l chape anba men nou.” 7 Konsa, mesye Jowab yo+, sa vle di Keretit yo, Peletit+ yo ak sòlda ki vanyan yo ale ansanm avè l. Yo kite Jerizalèm pou yo pati al dèyè Cheba, pitit gason Bikri a. 8 Lè yo rive toupre gwo wòch ki nan Gabawon an+, Amaza+ te vin rankontre yo. Twouve, Jowab te gen rad li konn al nan lagè a sou li e li te gen yon epe nan yon fouwo ki mare nan senti l. Pandan l ap avanse, epe a soti.

9 Jowab di Amaza: “Èske tout bagay byen pou ou, frè m?” Epi, Jowab kenbe bab Amaza ak men dwat li kòmsi se bo li pral bo l. 10 Amaza pa t veye kò l ak epe ki te nan men Jowab la, Jowab te foure epe a nan vant Amaza+, epi trip Amaza sot tonbe atè. Li pa t bezwen foure epe a de fwa nan vant li, yon sèl kou a te ase pou touye l. Apre sa, Jowab ak Abichayi, frè l la, pati al dèyè Cheba, pitit gason Bikri a.

11 Youn nan jènjan ki te ak Jowab yo te kanpe bò kote l e li te di: “Se pou tout moun ki avèk Jowab e ki pou David suiv Jowab!” 12 Pandan tan sa a, Amaza t ap benyen nan san l nan mitan wout la. Lè jènjan an wè tout moun te ret kanpe ap gade, li retire Amaza nan wout la, li mete l nan raje a. Epi, li kouvri l ak yon rad, paske li te wè tout moun te ret kanpe lè yo rive bò kote l. 13 Apre l fin retire l nan wout la, tout moun te suiv Jowab pou yo pati al dèyè Cheba+, pitit gason Bikri a.

14 Cheba te pase nan tout tèritwa tribi Izrayèl yo pou l al nan vil Abèl ki nan Bètmaka+. Desandan Bikri yo te rasanble e yo te pati al dèyè Cheba tou.

15 Jowab ak mesye ki avè l yo* te sènen Cheba nan vil Abèl ki nan Bètmaka a, epi yo bare vil la, kòmsi se te yon lantouray yo te mete toutotou vil la. Tout moun ki te avèk Jowab yo t ap fouye anba miray la pou yo ka lage l atè. 16 Epi, gen yon dam ki gen sajès ki pale byen fò detan l anndan vil la, li di: “Tande! Mesye, tande! Tanpri, di Jowab avanse pou m pale avè l.” 17 Konsa, Jowab pwoche kot dam nan, epi dam nan mande l: “Èske se ou menm ki Jowab la?” Li reponn: “Wi, se mwen menm.” Lè sa a, dam nan di l: “Koute sa mwen menm, sèvant ou an, pral di w la.” Li di l: “M ap koute.” 18 Epi, dam nan di l: “Gen yon pawòl yo te konn toujou di nan tan lontan ki di: ‘Depi yo vin pale ak moun nan vil Abèl, tout bagay ap regle.’ 19 Mwen reprezante moun ki renmen lapè yo ak moun ki fidèl ann Izrayèl yo. W ap chèche detwi yon vil ki enpòtan* ann Izrayèl. Poukisa w vle detwi* eritaj Jewova a+?” 20 Jowab reponn li: “Sa pa t ap janm vin nan lide m pou m kraze l ni pou m detwi l! 21 Se pa sa ditou. Okontrè, mwen vin dèyè yon nonm ki rele Cheba+ ki soti nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan+, li se pitit gason Bikri e li leve* kont wa David. Si n lage sèl nonm sa a nan men m, m ap retire kò m bò vil la.” Lè sa a, dam nan di Jowab: “Gade! N ap voye tèt li ba ou pa anlè miray la.”

22 Menm kote a, dam ki gen sajès la antre al pale ak tout pèp la. Apre sa, yo koupe tèt Cheba, pitit gason Bikri a, e yo voye l bay Jowab. Lè sa a, Jowab sonnen kòn, epi mesye ki te avèk li yo kite vil la, yo chak al lakay yo+. Jowab li menm retounen kot wa a nan Jerizalèm.

23 Se Jowab ki te chèf tout lame Izrayèl la+, e Benaya+, pitit gason Jewoyada a+, te alatèt Keretit yo ak Peletit yo+. 24 Adoram+ te alatèt moun wa a te bay lòd pou yo travay pou li yo. Jozafa+, pitit gason Ayiloud la, te la pou l ekri tout sa k pase. 25 Cheva te sekretè e Zadòk+ ak Abyata+ te prèt. 26 Epitou, Ira, yon desandan Jayi, te vin nan gwo pozisyon* lakay David.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje