2 Kwonik
2 Annapre, Salomon bay lòd pou yo bati yon kay pou bay non Jewova glwa+ e pou yo bati yon kay* pou wayòm li an+. 2 Salomon te anrejistre 70 000 gason kòm senp travayè*, 80 000 gason pou taye wòch nan mòn yo+ ak 3 600 gason kòm sipèvizè sou yo+. 3 Mete sou sa, Salomon te voye mesaj bay Iram+, wa vil Ti a, li te di l: “Fè menm sa w te fè pou David, papa m, lè w te voye bwa sèd pou li pou l bati yon kay* pou l abite a+. 4 M ap bati yon kay pou bay non Jewova, Bondye m nan, glwa, yon kay k ap apa pou li, pou yo ka boule lansan ki santi bon+ devan l, pou yo ka toujou met pen yo te konn mete youn sou lòt yo*+ devan l, pou m ofri sakrifis m ap boule nèt pou li, ni maten, ni aswè+, nan jou saba yo+, lè fèt nouvèl lin yo+ e nan epòk fèt+ n ap fè pou Jewova, Bondye nou an. Se yon bagay pèp Izrayèl la dwe kontinye fè pandan lontan. 5 Kay m ap bati a ap yon kay estrawòdinè paske Bondye nou an gen plis glwa pase tout lòt dye yo. 6 Kiyès ki ka bati yon kay pou li? Menm syèl la, wi, menm kokennchenn syèl la, twò piti pou li+. Kiyès mwen ye pou m ta bati yon kay pou li? Kay m ap bati a se pou m ka boule sakrifis pou li m ap bati l. 7 Kounye a, voye yon atizan pou mwen ki fò, ki konn travay ak lò, ajan, kuiv+, fè, lenn vyolèt, fil wouj fonse, fil ble, e ki konn grave dekorasyon. L ap gen pou l travay ak pi gwo atizan ki gen nan Jida ak Jerizalèm yo, atizan David, papa m, te chwazi yo+. 8 Voye bwa sèd pou mwen ansanm ak bwa jenevriye+ ak bwa algoumim+ ki soti Liban, paske mwen konnen sèvitè w yo gen eksperyans nan koupe pyebwa nan Liban+. Sèvitè m yo ap travay ak sèvitè pa w yo+ 9 pou yo prepare gwo kantite bwa pou mwen paske kay m ap bati a ap estrawòdinè. 10 Kounye a, tande sa m ap di w. M ap bay sèvitè w yo, moun k ap koupe pyebwa yo, manje pou yo manje+: M ap ba yo 20 000 kò* ble, 20 000 kò lòj*, 20 000 bat* diven ak 20 000 bat luil.”
11 Lè sa a, Iram, wa vil Ti a, te ekri yon mesaj voye bay Salomon. Men sa l te ekri: “Se paske Jewova renmen pèp li a ki fè se ou li mete wa sou li.” 12 Apre sa, Iram di: “Louwanj pou Jewova, Bondye Izrayèl la, li menm ki fè syèl la ak tè a, paske li bay wa David yon pitit gason ki gen sajès+, ki prevwayan e ki gen bon konprann+. E se pitit gason sa a ki pral bati yon kay pou Jewova ak yon kay pou wayòm li an. 13 M ap voye Iramabi+ pou ou. Se yon atizan ki fò, yon moun ki gen anpil bon konprann. 14 Li se pitit gason yon fi ki soti nan tribi Dann, men papa l se te moun Ti. Li abitye travay ak lò, ajan, kuiv, fè, wòch, bwa, lenn vyolèt, fil ble, bon kalite twal ak fil wouj fonse+. Li ka grave tout kalite bagay, li ka fè tout kalite desen yo ba l fè+. L ap travay ak atizan ou genyen ki fò yo ansanm ak atizan mèt mwen, David, papa w, te genyen ki fò yo. 15 Kounye a, mèt mwen, se pou w voye ble, lòj, luil ak diven ou te pwomèt sèvitè w yo+. 16 N ap koupe pyebwa nan Liban+, selon kantite ou bezwen an. N ap mare yo e n ap fè yo pase sou lanmè a pou n pote yo Jope pou ou+. Apre sa, w a monte avèk yo Jerizalèm+.”
17 Apre sa, Salomon konte tout gason ki genyen pami etranje k ap viv nan peyi Izrayèl+, menm jan David, papa l, te fè sa+. Yo jwenn 153 600 gason. 18 Li fè 70 000 ladan yo travay kòm senp travayè*, 80 000 t ap taye wòch nan mòn yo+, e 3 600 t ap sèvi kòm sipèvizè ki te responsab pou yo fè moun yo travay+.