BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 18
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Alyans Jozafa fè ak Ahab (1-11)

      • Pwofèt Mikaya anonse y ap pèdi batay la (12-27)

      • Yo touye Ahab nan Ramòtgalaad (28-34)

2 Kwonik 18:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 17:5
  • +1Wa 16:28, 33; 21:25

2 Kwonik 18:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “konvenk li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 22:2-4; 2Kw 19:2
  • +Dt 4:41-43; 1Kw 6:77, 80

2 Kwonik 18:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 2:1; 1Wa 22:5, 6

2 Kwonik 18:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 3:11
  • +1Wa 22:7, 8

2 Kwonik 18:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 18:4; 19:9, 10
  • +Jr 38:4

2 Kwonik 18:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 22:9-12

2 Kwonik 18:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pouse”.

2 Kwonik 18:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mi 3:5

2 Kwonik 18:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 30:9, 10
  • +1Wa 22:13-17

2 Kwonik 18:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 23:28; Tr 20:27

2 Kwonik 18:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:14, 17; Nb 27:16, 17

2 Kwonik 18:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 22:18

2 Kwonik 18:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 6:1; Eze 1:26; Re 20:11
  • +Jb 1:6; Dn 7:9, 10
  • +1Wa 22:19-23

2 Kwonik 18:20

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “espri”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 104:4

2 Kwonik 18:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 19:14; Eze 14:9

2 Kwonik 18:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 18:10
  • +2Kw 18:7
  • +Jr 20:2; Mk 14:65
  • +1Wa 22:24-28

2 Kwonik 18:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 16:10; Tr 5:18

2 Kwonik 18:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 16:29

2 Kwonik 18:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 20:8; 1Wa 22:29-33; 2Kw 18:2

2 Kwonik 18:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 14:10; 2Kw 13:14

2 Kwonik 18:33

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “nan kan an”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 22:34, 35

2 Kwonik 18:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 18:22

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 18:12Kw 17:5
2 Kwo. 18:11Wa 16:28, 33; 21:25
2 Kwo. 18:21Wa 22:2-4; 2Kw 19:2
2 Kwo. 18:2Dt 4:41-43; 1Kw 6:77, 80
2 Kwo. 18:42Sa 2:1; 1Wa 22:5, 6
2 Kwo. 18:62Wa 3:11
2 Kwo. 18:61Wa 22:7, 8
2 Kwo. 18:71Wa 18:4; 19:9, 10
2 Kwo. 18:7Jr 38:4
2 Kwo. 18:81Wa 22:9-12
2 Kwo. 18:11Mi 3:5
2 Kwo. 18:12Eza 30:9, 10
2 Kwo. 18:121Wa 22:13-17
2 Kwo. 18:13Jr 23:28; Tr 20:27
2 Kwo. 18:16Le 26:14, 17; Nb 27:16, 17
2 Kwo. 18:171Wa 22:18
2 Kwo. 18:18Eza 6:1; Eze 1:26; Re 20:11
2 Kwo. 18:18Jb 1:6; Dn 7:9, 10
2 Kwo. 18:181Wa 22:19-23
2 Kwo. 18:20Sm 104:4
2 Kwo. 18:22Eza 19:14; Eze 14:9
2 Kwo. 18:232Kw 18:10
2 Kwo. 18:232Kw 18:7
2 Kwo. 18:23Jr 20:2; Mk 14:65
2 Kwo. 18:231Wa 22:24-28
2 Kwo. 18:262Kw 16:10; Tr 5:18
2 Kwo. 18:27Nb 16:29
2 Kwo. 18:28Joz 20:8; 1Wa 22:29-33; 2Kw 18:2
2 Kwo. 18:31Eg 14:10; 2Kw 13:14
2 Kwo. 18:331Wa 22:34, 35
2 Kwo. 18:342Kw 18:22
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 18:1-34

2 Kwonik

18 Byenke Jozafa te gen anpil richès ak anpil glwa+, li te ranje yon maryaj ant yon moun nan fanmi l ak yon moun nan fanmi Ahab+. 2 Plizyè ane apre, li desann Samari pou l al wè Ahab+. Ahab te ofri yon pakèt mouton ak yon pakèt bèf kòm sakrifis pou li e pou tout moun ki te avèk li yo. Apre sa, Ahab sipliye l* pou l monte avè l pou y al atake Ramòtgalaad+. 3 Ahab, wa Izrayèl la, di Jozafa, wa Jida a: “Èske w pral avè m Ramòtgalaad?” Jozafa di l: “Mwen menm avè w, nou se youn. Pèp mwen an ak pèp ou a fè youn. N ap ede w nan gè a.”

4 Men, Jozafa di wa Izrayèl la: “Tanpri, anvan sa, chèche konnen sa Jewova panse+.” 5 Se sa k fè, wa Izrayèl la te rasanble tout pwofèt yo, 400 gason, e li di yo: “Èske m ta dwe atake Ramòtgalaad, oubyen m pa ta dwe fè sa?” Yo di l: “Monwa, ou mèt monte, vrè Dye a ap lage l nan men w.”

6 Men, Jozafa di: “Èske pa gen yon pwofèt Jewova nan peyi a+? Annou pale avè l tou+.” 7 Lè sa a, wa Izrayèl la di Jozafa: “Gen yon lòt moun ankò+ nou kapab pale avè l pou n konn sa Jewova panse, men, mwen pa vle wè misye, paske li pa janm bay pwofesi ki bon pou mwen, se toujou sa ki mal li di+. Li rele Mikaya, li se pitit gason Imla.” Men, Jozafa di: “Monwa, pa di yon bagay konsa non!”

8 Se sa k fè wa Izrayèl la rele yon moun k ap travay pou li, li di l: “Kouri al chèche Mikaya, pitit gason Imla a+.” 9 Twouve, wa Izrayèl la ak Jozafa, wa Jida a, te chita, yo chak sou twòn pa yo, ak rad wa yo sou yo. Yo te chita bò kote yo konn bat manje angren bò pòtay Samari a, e tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo. 10 Apre sa, Sedesyas, pitit gason Kenayana, te fè plizyè kòn an fè, epi li di: “Men sa Jewova di: ‘Avèk kòn sa yo w ap pèse* moun Siri yo jiskaske w fin detwi yo nèt.’” 11 Tout lòt pwofèt yo t ap pwofetize menm jan an, yo t ap di: “Monte al Ramòtgalaad e w ap reyisi+. Jewova ap lage l nan men w monwa.”

12 Moun ki t al chèche Mikaya a di Mikaya: “Tande, tout pwofèt yo pwofetize an favè wa a. Tanpri, se pou w di menm bagay ak yo+, se pou w pale an favè wa a+.” 13 Men, Mikaya di: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman kèlkeswa sa Bondye m nan di m, se sa m ap di+.” 14 Apre sa, l al kot wa a, epi wa a di l: “Mikaya, èske nou ta dwe al atake Ramòtgalaad, oubyen nou pa ta dwe fè sa?” Menm kote a, li di: “Ou mèt monte al atake l, w ap reyisi. Bondye ap lage l nan men w.” 15 Lè sa a, wa a di l: “Konbyen fwa mwen dwe fè w fè sèman nan non Jewova se laverite sèlman pou w di m?” 16 Mikaya di l: “Mwen wè tout Izrayelit yo ki gaye sou mòn yo tankou mouton ki san bèje+. Jewova di: ‘Yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”

17 Epi, wa Izrayèl la di Jozafa: “Èske m pa t di w: ‘Li pa janm bay pwofesi ki bon pou mwen, se toujou sa ki mal li di+’?”

18 Mikaya di: “Ebyen, se pou w koute sa Jewova di. Mwen wè Jewova ki chita sou twòn li+ e tout lame syèl la+ kanpe bò kote l, sou bò dwat li ak sou bò goch li+. 19 Apre sa, Jewova di: ‘Kiyès k ap twonpe Ahab, wa Izrayèl la, yon fason pou l monte Ramòtgalaad e pou li mouri la?’ Youn di yon bagay, epi yon lòt di yon lòt bagay. 20 Epi, gen yon zanj*+ ki vin kanpe devan Jewova e ki di l: ‘Mwen menm, m ap twonpe l.’ Jewova mande l: ‘Ki jan w ap fè sa?’ 21 Li reponn: ‘Mwen prale e m ap fè tout pwofèt li yo bay manti.’ Bondye di l: ‘W ap twonpe l, e mete sou sa, w ap reyisi. Ale, fè sa w di a.’ 22 Se konsa, Jewova kite yon zanj fè pwofèt sa yo ba w manti+ e Jewova deside pou l fè malè tonbe sou ou.”

23 Lè sa a, Sedesyas+, pitit gason Kenayana a, pwoche bò kote Mikaya+, li ba l yon kalòt+ epi li di: “Kòmsi w vle di pouvwa Jewova te ban mwen an soti sou mwen e se avè w li sèvi pou l pale kounye a+?” 24 Mikaya di: “Gade! W ap konnen si se avè m l ap sèvi lè jou a rive pou w antre nan chanm ki pi anndan an pou w kache.” 25 Lè sa a, wa Izrayèl la di: “Pran Mikaya, mennen l bay Amon, chèf vil la, ak Jowas, pitit gason wa a. 26 Men sa pou w di yo: ‘Wa a di: “Mete nonm sa a nan prizon+, epi ba l pen ak dlo jiskaske m retounen sennesòf. Men, se pou n ba l pi piti pase sa n konn bay la.”’” 27 Lè sa a, Mikaya di: “Si w tounen sennesòf, ou mèt konnen Jewova pa t pale avè m+.” Apre sa, li di: “Se pou nou tout ki la a sonje sa.”

28 Se konsa, wa Izrayèl la ak Jozafa, wa Jida a, monte al Ramòtgalaad+. 29 Epi, wa Izrayèl la di Jozafa: “M ap abiye yon fason pou yo pa rekonèt mwen e m ap antre nan batay la, men ou menm, se pou w met rad wa w sou ou.” Vrèmanvre, wa Izrayèl la abiye yon fason pou moun pa rekonèt li, epi yo antre nan batay la. 30 Wa peyi Siri a te bay kòmandan li genyen ki te sou charyo yo lòd, li di yo: “Se ak wa Izrayèl la sèlman pou nou batay, pinga nou batay ak okenn lòt moun, piti kou gwo.” 31 Kou kòmandan ki te sou charyo yo wè Jozafa, yo di tèt yo: “Se wa Izrayèl la.” Lè sa a, yo vire pou y al batay avè l. Epi, Jozafa mande sekou+, e Jewova te ede l. Menm lè a, Bondye fè yo sispann suiv li. 32 Lè kòmandan ki te sou charyo yo wè se pa wa Izrayèl la, menm kote a, yo sispann suiv li.

33 Men, gen yon mesye ki tire yon flèch konsa konsa, epi flèch la al pran wa Izrayèl la. Flèch la te pase nan fant jile li te gen sou li a ki te gen yon pakèt ti plak an fè ladan l. Lè sa a, wa a di moun ki t ap kondui charyo l la: “Kase tèt tounen, fè m soti nan batay la*, paske m blese grav+.” 34 Batay la te kontinye pandan tout jounen sa a, e yo te oblije soutni wa Izrayèl la pou l te ka ret kanpe nan charyo l la, devan moun Siri yo, jis nan aswè e wa a mouri kou solèy la kouche+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje