Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Jedoutoun*+. Yon chante David te ekri.
39 Mwen te di: “M ap veye kò m
Pou m pa peche ak lang mwen+.
M ap met yon baboukèt nan bouch mwen pou m ka veye l+
Toutotan gen mechan devan m.”
2 Mwen pa t ka di anyen, mwen te fè silans+,
Mwen te pe bouch mwen, menm sa ki bon m pa t di.
Men, mwen t ap soufri anpil.
3 Kè m t ap boule anndan m.
Pandan m t ap reflechi*, dife a te kontinye ap boule.
Finalman, mwen te di:
4 “O Jewova, ede m konnen ki jan m ap fini,
E ki kantite tan m ap viv+,
Pou m ka konnen jan lavi m kout*.
5 Vrèmanvre, se de twa jou sèlman ou ban mwen+,
E kantite tan m ap viv la pa anyen devan w+.
Se sèten, chak moun tankou yon vapè*, menmsi yo santi anyen pa ka rive yo+. (Sela)
6 Se sèten, lòm mache tankou lonbray.
Li kouri adwat agoch* pou granmesi.
Li anpile richès san l pa konn kiyès ki pral jwi yo+.
7 Kidonk, ki espwa pou m genyen, o Jewova?
Tout espwa m se nan ou.
8 Sove m anba peche m yo+.
Pa kite moun sòt la manke m dega.
10 Retire malè ou lage sou mwen an.
Mwen fin depafini paske w frape m.
11 Ou pini lòm pou peche l pou w korije l+,
Ou detwi bagay ki gen valè pou li yo tankou mit.
Vrèmanvre, lòm tankou yon vapè+. (Sela)
12 Koute priyè m, o Jewova,
Koute lè m ap rele w pou m mande w sekou+.
Pa fè kòmsi w pa wè dlo k ap soti nan je m yo.
Paske pou ou mwen se yon senp etranje+,
13 Pa gade m pandan w an kòlè, pou m ka fè yon ti rejwi
Anvan m mouri epi m pa la ankò.”