Jeremi
25 Nan katriyèm ane rèy Jewoyakim+, pitit gason Jozyas, wa Jida a, ki te premye ane rèy Nebikadneza*, wa Babilòn nan, Bondye te bay Jeremi yon mesaj ki te konsène tout moun Jida yo. 2 Men sa pwofèt Jeremi te di konsènan tout* moun Jida yo ak tout moun ki abite Jerizalèm yo:
3 “Soti nan 13yèm ane rèy Jozyas+, pitit gason Amon, wa Jida a, rive jodi a, sa fè 23 an depi Jewova ap ban mwen mesaj ban nou. Mwen pa t sispann pale ak nou*, men, nou pa t koute+. 4 Jewova pa t sispann voye* pwofèt li yo, sèvitè l yo, kote nou, men nou pa t panche zòrèy nou pou nou koute+. 5 Yo te konn di nou: ‘Kase tèt tounen tanpri, kite move chemen nou pran yo e sispann fè bagay mal n ap fè yo+ pou nou ka kontinye viv pandan lontan nan peyi Jewova te bay nou menm ak zansèt nou yo depi byen lontan an. 6 Pa suiv fo dye yo, pa sèvi yo e pa pwostène devan yo. Pa fè m fache akoz zidòl nou yo. Si nou pa koute, m ap fè yon malè tonbe sou nou.’
7 “‘Men, nou pa t koute m’. Se sa Jewova di. ‘Olye de sa, nou te fè m fache akoz zidòl nou yo, e se te pou malè nou+.’
8 “Se sa k fè, men sa Jewova, Chèf lame yo, di: ‘“Kòm nou pa obeyi sa m di nou, 9 m ap voye chèche nasyon ki nan nò yo+,” se sa Jewova di, “m ap voye chèche Nebikadneza*, wa Babilòn nan, sèvitè m nan+, e m ap fè yo vin atake peyi sa a+ ansanm ak moun ki abite ladan l yo ak tout nasyon ki toupre yo+. M ap detwi peyi sa a ansanm ak lòt nasyon yo. Sa k ap rive a ap fè moun pè, l ap fè yo sezi. Destriksyon sa a ap dire pou toutan. 10 M ap fè moun pa tande vwa moun k ap rejwi nan mitan yo ankò+. Pèsonn pap tande vwa gason ak vwa fi k ap marye k ap rejwi+, pèsonn pap tande bri moulen e yo pap wè limyè lanp ki limen. 11 E tout peyi sa a ap tounen yon pil mazi, yon kote ki fè moun pè. Nasyon sa yo ap gen pou yo sèvi wa Babilòn nan pandan 70 an+.”’
12 “‘Men kou 70 an an rive nan bout li+, m ap fè wa Babilòn nan ak nasyon l lan peye pou peche yo fè a+’. Se sa Jewova di. ‘M ap fè peyi moun Kalde yo tounen yon dezè pou toutan+. 13 M ap fè tout sa m te di kont peyi sa a reyalize, tout sa ki ekri nan liv sa a, wi, tout sa Jeremi te pwofetize kont tout nasyon yo. 14 Paske, gen anpil nasyon ak gwo wa+ k ap fè yo tounen esklav+, men, m ap fè nasyon sa yo peye pou aksyon yo+.’”
15 Paske, men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di m: “Pran koup sa a nan men m, koup ki gen diven kòlè m ladan l lan, e fè tout nasyon kote m voye w yo bwè diven an. 16 Y ap bwè, y ap balanse de bò e y ap aji tankou moun fou lè m fè ènmi yo atake yo ak epe+.”
17 Vrèmanvre, mwen te pran koup la nan men Jewova e m te fè tout nasyon kote Jewova te voye m yo bwè diven an+. 18 Mwen te kòmanse ak Jerizalèm e ak lòt vil Jida yo+, wa yo te genyen yo ansanm ak chèf yo, pou Bondye te ka fini ak yo, pou l te ka sèvi ak yo pou l fè moun sezi, pou l fè moun pale yo mal+, jan sa pa lwen reyalize jodi a. 19 Apre sa, mwen te bay Farawon, wa peyi Ejip la, bwè diven an ansanm ak sèvitè l yo, chèf li yo, tout pèp li a+, 20 tout etranje k ap viv nan mitan Ejipsyen yo, tout wa peyi Ouz yo, tout wa peyi Filisti yo+, Achkelon+, Gaza, Ekwon, rès moun Achdòd yo, 21 Edòm+, Mowab+, desandan Amon yo+, 22 tout wa peyi Ti yo, tout wa Sidon yo+, tout wa ki nan zile ki nan lanmè a, 23 Dedan+, Tema, Bouz, tout moun ki koupe cheve yo rive bò tanp yo+, 24 tout wa moun Arabi yo+, tout wa k ap dirije tout moun ki nan dezè a, 25 tout wa Zimri yo, tout wa Elam yo+, tout wa moun peyi Medi yo+, 26 tout wa ki nan nò yo youn apre lòt, ni sa k pre ni sa k lwen, ak tout lòt wayòm ki sou tè a. Apre sa, wa Chechak*+ la ap bwè diven an.
27 “E se pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “Se pou nou bwè diven an, se pou nou vin sou e se pou nou vomi. Se pou nou tonbe san nou pa leve. Paske, m ap fè ènmi nou yo atake nou+.”’ 28 Si yo refize pran koup la nan men w pou yo bwè diven an, men sa pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Se pou nou bwè l. 29 Paske, tande sa. Si m ap fè yon malè tonbe sou vil ki pote non m nan an premye+, èske nou menm n ap rete san m pa pini nou+?”’
“‘Nou pap rete san m pa pini nou, paske, m ap frape tout moun sou tè a ak yon epe.’ Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.
30 “Se pou w fè yo konnen tout pawòl sa yo. Men sa pou w di yo:
‘Detan Jewova anlè a, l ap gwonde,
Detan li kote li rete a ki sakre, l ap fè tande vwa l.
L ap gwonde byen fò sou kote li abite a.
L ap rele menm jan ak moun k ap kraze rezen ak pye yo nan près diven,
L ap chante yon chante laviktwa kont tout moun ki abite sou tè a.’
31 ‘Gen yon bri k ap rive jis nan dènye bout tè a,
Paske, Jewova gen pwoblèm ak nasyon yo.
Se li menm menm k ap pwononse jijman sa a kont tout moun*+.
Li gen pou l touye mechan yo ak kout epe.’ Se sa Jewova di.
32 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:
‘Tande, gen yon malè k ap tonbe sou nasyon yo youn apre lòt,+
E gen yon gwo tanpèt k ap soti nan dènye bout tè a+.
33 “‘Jou sa a, Jewova ap touye moun soti nan yon bout tè a rive nan yon lòt bout tè a. Moun pap nan lapenn pou yo, yo pap ranmase kadav yo ni yo pap antere yo. Y ap vin tankou fimye atè a.’
34 Nou menm bèje, se pou n rele e se pou n kriye.
Woule kò nou atè, nou menm gwo potanta ki nan twoupo a,
Paske, lè pou yo masakre nou an ak lè pou yo gaye nou an rive,
E nou gen pou nou tonbe e pou nou kraze tankou yon veso ki gen anpil valè ki tonbe atè.
35 Bèje yo pa gen kote pou yo chape,
E gwo potanta ki nan twoupo a pap chape.
36 Tande sa! Bèje yo ak
Gwo potanta ki nan twoupo a ap rele,
Paske Jewova ap ratibwaze patiraj yo a.
37 Kote moun rete ki te pezib yo vin pa gen vi ladan yo
Poutèt Jewova an kòlè anpil.