Jeremi
46 Men sa Jewova te di pwofèt Jeremi konsènan nasyon yo+: 2 Men sa l di konsènan Ejip+, konsènan lame Farawon Neko+, wa Ejip la, ki te bò Rivyè Efrat la, lame ki te pèdi devan Nebikadneza*, wa Babilòn nan, nan batay ki te fèt Kakemis la, nan katriyèm ane rèy Jewoyakim+, pitit gason Jozyas, wa Jida a:
3 “Prepare ti boukliye* nou yo ak gwo boukliye nou yo,
Epi avanse pou n al batay.
4 Nou menm kavalye, prepare cheval nou yo epi monte.
Pran pozisyon nou e mete kas nou nan tèt nou.
Poli lans nou epi mete jile ki gen ti plak an metal yo sou nou.
5 ‘Sa k fè m wè yo pè konsa a?
Yo kouri tounen. Yo bat sòlda yo byen bat.
Sòlda yo panike, yo chape poul yo, yo pa menm vire gad dèyè.
Toupatou se laperèz.’ Se sa Jewova di.
6 ‘Sa ki rapid yo pa ka sove, sòlda yo pa ka chape.
Nan direksyon nò, arebò Rivyè Efrat la,
Yo bite e yo tonbe+.’
7 Kiyès sa a k ap vini tankou Rivyè Nil la,
Tankou rivyè ki desann?
8 Se Ejip k ap vini tankou dlo Rivyè Nil la+,
Tankou rivyè ki desann.
E li di: ‘M ap monte e m ap kouvri tè a.
M ap detwi ni vil la ni moun ki abite ladan l yo.’
9 Nou menm cheval, se pou nou monte.
Nou menm charyo, se pou nou kouri ak tout boulin.
Se pou sòlda yo vanse,
Wi, moun Etyopi* ak desandan Pout yo ki gen boukliye yo kenbe nan men yo+
10 “Jou sa a se jou pa Jewova, Seyè ki Souvren an, Chèf lame yo. Se yon jou vanjans, yon jou pou l fè vanjans sou ènmi l yo. Epe a ap devore yo, l ap bwè san yo jiskaske l pase swaf li. Paske, Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, gen yon sakrifis* pou l fè nan peyi ki nan nò a, bò kot Rivyè Efrat la+.
11 Monte Galaad al chèche luil santi bon+,
O Ejip, pitit fi ki vyèj la.
Se pou granmesi w ap fè tout remèd ou yo,
Paske, pa gen gerizon pou ou+.
12 Nasyon yo tande lawont ki tonbe sou ou a+,
Yo tande rèl w ap fè yo nan tout peyi a.
Paske, sòlda ap bite sou sòlda,
E yo tonbe ansanm.”
13 Men sa Jewova te di pwofèt Jeremi konsènan moman Nebikadneza*, wa Babilòn nan, t ap gen pou l vini pou l kraze peyi Ejip la+:
14 “Fè moun konn sa nan peyi Ejip, fè yo konn sa nan Migdòl+.
Fè konn sa nan Nòf* ak nan Tapanès+.
Men sa pou w di: ‘Pran pozisyon nou epi pare kò nou,
Paske, gen yon epe k ap vin fè ravaj toutotou nou.
15 Poukisa yo ale ak gason vanyan nou yo?
Yo pa t ka reziste
Paske Jewova te lage yo atè.
16 Yo bite e yo tonbe pa pil e pa pakèt.
Youn ap di lòt:
“Leve! Annou retounen nan mitan pèp nou an, annou retounen nan peyi nou
Poutèt epe k ap fè ravaj la.”’
18 Men sa Wa a, Sila a ki rele Jewova, Chèf lame yo, di: ‘Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman
L* ap vini, l ap menm jan ak Tabò+ ki kanpe nan mitan mòn yo,
Menm jan ak Kamèl+ ki kanpe bò lanmè a.
19 Prepare pakèt nou pou n al ann egzil,
O nou menm moun peyi Ejip yo.
Paske, moun ap pè lè yo wè sa k rive Nòf*.
Y ap met dife ladan l* e pap gen moun ki rete ladan l ankò+.
20 Ejip tankou yon bèl ti gazèl bèf,
Men, gen yon seri moustik k ap sot nan nò k ap vin pike l.
21 Menm sòlda li peye yo tankou ti bèf ki byen gra.
Yo menm tou, yo vire y ale. Yo tout chape poul yo.
Yo pa t ka reziste+,
Paske jou dezas la rive sou yo,
Jou pou yo rann kont lan rive.’
22 ‘Bri l fè a tankou bri yon sèpan k ap file ale,
Paske, y ap vin dèyè l avèk fòs, avèk rach,
Tankou gason k ap koupe pyebwa*.
23 Y ap ratibwaze tout rakbwa l yo’, se sa Jewova di, ‘menmsi sanble pèsonn pa ka antre ladan l.
Paske, yo pi plis pase krikèt. Moun pa ka konte yo.
24 Y ap fè Ejip wont.
Y ap lage l nan men pèp ki abite nan nò a+.’
25 “Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Kounye a, m ap konsantre sou Amon+, ki soti No*+, sou Farawon, sou peyi Ejip, sou dye l yo+, sou wa l yo, wi, m ap konsantre sou Farawon ak tout moun ki met konfyans yo nan li yo+.’
26 “‘M ap lage yo nan men moun k ap chèche touye yo*, m ap lage yo nan men Nebikadneza*, wa Babilòn nan+, ak nan men sèvitè l yo. Men, apre sa, moun ap retounen abite ladan l menm jan ak nan tan lontan.’ Se sa Jewova di+.