Jeremi
20 Pachou, yon desandan Imè, ki te prèt e ki te responsab an chèf nan kay Jewova a t ap koute pandan Jeremi t ap pwofetize bagay sa yo. 2 Annapre, li bat pwofèt Jeremi e li mete l nan sèp*+ ki te nan Pòtay Benjamen an, pòtay ki te pi wo a e ki toupre kay Jewova a. 3 Men, nan demen, lè Pachou retire Jeremi nan sèp la, Jeremi di l:
“Jewova ba w yon lòt non. Li pa rele w Pachou. Li rele w: Laperèz toupatou+. 4 Paske, men sa Jewova di: ‘M ap fè laperèz anvayi ni ou menm ni tout zanmi w yo. Ènmi yo ap touye yo ak kout epe devan je w+. M ap lage tout moun Jida yo nan men wa Babilòn nan, gen nan yo l ap mennen ann egzil Babilòn e gen lòt l ap touye ak kout epe+. 5 M ap bay ènmi yo tout richès ki gen nan vil sa a, tout sa ki ladan l ki gen valè ak tout trezò wa Jida yo genyen+. Ènmi yo ap pran tout bagay sa yo e yo pral Babilòn ak yo+. 6 Men kanta pou ou menm Pachou ak tout moun lakay ou, nou prale ann egzil kòm prizonye. Ou pral Babilòn e se la w ap mouri. Se la y ap antere ni ou menm ni tout zanmi w yo akoz ou te konn ba yo manti lè w ap pwofetize+.’”
7 Ou twonpe m, o Jewova, wi, ou twonpe m.
Ou sèvi ak fòs ou kont mwen e w pote laviktwa sou mwen+.
Tout lajounen y ap ri m,
Tout moun ap pase m nan rizib+.
8 Paske, chak fwa pou m pale, m oblije rele pou m di:
“Vyolans, destriksyon!”
Akoz pawòl Jewova a, tout lajounen y ap joure m e y ap pase m nan rizib+.
9 Se sa k fè mwen te di: “Mwen pap pale de li ankò,
Mwen pap pale nan non l ankò+.”
Men, pawòl la te tankou yon dife nan kè m, li te tankou yon dife ki fèmen nan zo m.
Mwen te bouke kenbe l
E mwen pa t ka rete an silans ankò+.
10 Paske, mwen te tande y ap di anpil move pawòl.
Toupatou te gen bagay ki te fè m pè+.
“Akize l. Annou akize l!”
Tout moun ki t ap swete lapè pou mwen yo t ap tann mwen tonbe+.
Yo t ap di: “Petèt l a fè yon vye erè.
Konsa, n a kapab pote laviktwa sou li e n a kapab tire revanj sou li.”
11 Men, Jewova te avè m tankou yon sòlda ki fè moun pè+.
Se poutèt sa, moun k ap pèsekite m yo ap tonbe e yo pap pot laviktwa sou mwen+.
Y ap wont anpil paske yo pap reyisi.
Yo pap janm bliye imilyasyon y ap pran pou toutan an+.
12 Men, ou menm, o Jewova, Chèf lame yo, ou egzamine moun ki jis yo,
Ou wè panse ki pi pwofon* yon moun genyen e w wè sa k nan kè a+.
Kite m wè jan w ap tire revanj sou yo+,
Paske, se ou menm mwen bay plede kòz mwen+.
13 Chante pou Jewova! Fè louwanj pou Jewova!
Paske, li delivre pòv yo* anba men moun k ap fè sa k mal yo.
14 Malediksyon pou jou mwen te fèt la!
Wi, pa dwe gen okenn benediksyon pou jou manman m te fè m nan+!
15 Malediksyon pou moun ki t al bay papa m bon nouvèl
Ki te fè l kontan anpil la, moun ki te di l:
“Pitit la fèt, se yon tigason.”
16 Se pou moun sa a vin tankou vil Jewova te kraze san l pa regrèt yo.
Nan maten, se pou l tande yon rèl, e a midi, se pou l tande siyal pou lagè a.
17 Poukisa l pa t tou touye m nan vant manman m?
Konsa, vant manman m t ap tou tounen yon kavo pou mwen,
E manman m t ap ret ansent nèt+.