Ezekyèl
29 Nan dizyèm ane a, nan dizyèm mwa a, nan 12yèm jou nan mwa a, Jewova pale avè m, li di m: 2 “Pitit lòm, vire fas ou nan direksyon Farawon, wa Ejip la, epi pwofetize kont li e kont tout peyi Ejip la+. 3 Se pou w di: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:
“Mwen kont ou, o Farawon, wa Ejip la+,
Ou menm gwo bèt lanmè ki kouche nan dlo Nil la*+,
Ou menm ki di: ‘Se pou mwen Nil la ye,
Se mwen ki te fè l pou mwen+.’
4 M ap mete yon kwòk nan machwè w e m ap fè pwason ki nan Nil la kole sou kal ou yo.
M ap rale w soti nan Nil la ansanm ak tout pwason ki kole sou kal ou yo.
5 M ap lage w nan dezè a ansanm ak tout pwason ki nan Nil la.
W ap tonbe nan dezè a e pap gen pèsonn k ap ranmase w ni k ap antere w+.
M ap fè w tounen manje pou bèt sovaj sou tè a e pou zwazo nan syèl la+.
6 Lè sa a, tout moun k ap viv ann Ejip yo ap konnen mwen se Jewova.
Paske, yo te tankou yon moso wozo ki pa t ka bay moun Izrayèl yo bonjan sipò+.
7 Lè yo te kenbe men w, ou te kraze,
E w te lakòz yo dechire zepòl yo.
Lè yo te apiye sou ou, ou te kase
8 “‘Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “M ap fè ènmi vin atake w ak epe+. M ap elimine ni moun ni bèt ki lakay ou. 9 Peyi Ejip ap tounen yon kote ki vid, yon kote ki devaste+, e moun yo ap konnen mwen se Jewova. Paske, ou* di: ‘Se pou mwen Rivyè Nil la ye, se mwen ki fè l+.’ 10 Se sa k fè mwen kont ni ou menm ni Nil la. M ap fè peyi Ejip tounen yon kote ki vid, yon kote ki devaste e ki gen sechrès+, soti Migdòl+ rive Syèn+, rive nan fwontyè peyi Etyopi. 11 Ni moun ni bèt pap pase ladan l apye+. Pandan 40 an, peyi a pap gen moun ki rete ladan l. 12 M ap fè peyi Ejip tounen peyi ki pi vid ki te ka genyen. Pandan 40 an, vil li yo ap kote ki pi vid ki te ka genyen+. M ap gaye Ejipsyen yo nan mitan nasyon yo, wi, m ap gaye yo nan mitan peyi yo+.”
13 “‘Paske, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Apre 40 an, m ap fè Ejipsyen yo sot nan nasyon kote yo te gaye yo pou m rasanble yo+. 14 M ap fè Ejipsyen yo ki t al ann egzil tounen nan peyi Patwòs+, peyi kote yo soti a, e y ap tounen yon wayòm ki pa gen enpòtans. 15 Ejip ap desann pi ba pase lòt wayòm yo e li pap dirije lòt nasyon yo ankò+. M ap fè l vin tèlman piti, li pap kapab dirije lòt nasyon+. 16 Moun Izrayèl yo pap janm met konfyans yo nan li ankò+. Sèl sa Ejip ap fè pou yo se fè yo sonje yo te fè erè lè yo t ap chèche èd nan men l lan. Lè sa a, y ap konnen mwen se Jewova, Seyè ki Souvren an.”’”
17 Nan 27yèm ane a, nan premye mwa a, nan premye jou nan mwa a, Jewova pale avè m, li di m: 18 “Pitit lòm, Nebikadneza*+, wa Babilòn nan, te fè lame l la travay di anpil kont Ti+. Tèt tout sòlda yo te vin chòv, zepòl yo te vin dekale akoz fwotman. Men, ni li menm ni lame l la pa t resevwa okenn rekonpans pou tout travay yo te fè kont Ti a.
19 “Kidonk, men sa mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen di: ‘M ap lage peyi Ejip nan men Nebikadneza*, wa Babilòn nan+. Li prale ak richès li yo e l ap pran anpil nan bagay li genyen yo. Se konsa m ap peye lame l la.’
20 “‘Pou tout travay li te fè kont li* a, m ap ba l yon rekonpans. M ap ba l peyi Ejip poutèt yo te travay pou mwen+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.
21 “Jou sa a, m ap fè yon kòn pouse pou moun Izrayèl yo*+, m ap ba w posiblite pou w pale nan mitan yo e y ap konnen mwen se Jewova.”