BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 4
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Li montre jan y ap ansèkle Jerizalèm (1-17)

        • Li pote peche yo pandan 390 jou e pandan 40 jou (4-7)

Ezekyèl 4:1

Nòt anba paj

  • *

    An jeneral, brik sa yo te fèt ak labou ak pay oubyen ak ajil ak pay.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 63

Ezekyèl 4:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 24:11; Jr 39:1
  • +2Wa 25:1
  • +Jr 6:6; 32:24
  • +Eze 21:22

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 63

Ezekyèl 4:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 12:6; 24:24

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 63

Ezekyèl 4:4

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “li”. Sa vle di sou bò goch Ezekyèl.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 17:21

Ezekyèl 4:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:34; 1Wa 12:19, 20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 67-68

Ezekyèl 4:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 23:27

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 32

    Vrè adorasyon an, p. 67-68

Ezekyèl 4:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 52:4

Ezekyèl 4:9

Nòt anba paj

  • *

    Se yon kalite manje angren.

  • *

    Mo ebre a gen rapò ak yon ble ki pa bon kalite yo te konn plante nan peyi Ejip nan tan lontan.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 4:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 63

Ezekyèl 4:10

Nòt anba paj

  • *

    Anviwon 230 g. Gade Apendis B14.

Ezekyèl 4:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “anviwon yon demi lit”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.

Ezekyèl 4:13

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di ki pa pwòp selon Lalwa.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Oz 9:3

Ezekyèl 4:14

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “nanm mwen”.

  • *

    Oswa: “ki gate”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:31; Le 7:24; 11:40
  • +Dt 14:3; Eza 65:4; 66:17

Ezekyèl 4:16

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “m ap kase baton pen yo”. Petèt y ap pale de baton yo te konn itilize pou yo sere pen.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:26; Eza 3:1; Eze 5:16
  • +2Wa 25:3; Jr 37:21; Lm 1:11; 4:9; 5:9, 10
  • +Eze 12:18

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 63

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 4:22Wa 24:11; Jr 39:1
Eze. 4:22Wa 25:1
Eze. 4:2Jr 6:6; 32:24
Eze. 4:2Eze 21:22
Eze. 4:3Eze 12:6; 24:24
Eze. 4:42Wa 17:21
Eze. 4:5Nb 14:34; 1Wa 12:19, 20
Eze. 4:62Wa 23:27
Eze. 4:7Jr 52:4
Eze. 4:9Eze 4:5
Eze. 4:13Oz 9:3
Eze. 4:14Eg 22:31; Le 7:24; 11:40
Eze. 4:14Dt 14:3; Eza 65:4; 66:17
Eze. 4:16Le 26:26; Eza 3:1; Eze 5:16
Eze. 4:162Wa 25:3; Jr 37:21; Lm 1:11; 4:9; 5:9, 10
Eze. 4:16Eze 12:18
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 4:1-17

Ezekyèl

4 “Pitit lòm, pran yon brik* epi mete l devan w. Grave desen vil Jerizalèm sou li. 2 Ansèkle l+, bati yon miray devan l+, fè yon ranp devan l+, mete kan devan l epi ansèkle l ak materyèl ki fèt pou defonse pòtay ak miray+. 3 Pran yon platin an fè epi mete l ant ou menm ak vil la pou l sèvi kòm yon miray an fè. Apre sa, fikse je w sou li. Se konsa w ap montre ki jan y ap ansèkle vil la. Se yon siy pou pèp Izrayèl la+.

4 “Apre sa, w ap kouche sou bò goch ou pou w pote peche moun Izrayèl yo sou ou*+. W ap pote peche yo pandan tout jou w ap kouche sou bò sa a. 5 M ap egzije w pou w fè sa pandan 390 jou. Kantite jou sa yo koresponn ak kantite ane y ap peche kont mwen+. Se pou w pote peche moun Izrayèl yo. 6 W ap fè sa pandan tout jou sa yo.

“Apre sa, w ap kouche sou bò dwat ou. W ap pote peche moun Jida yo+ pandan 40 jou. Yon jou pou yon ane, yon jou pou yon ane, se sa mwen ba ou. 7 W ap vire fas ou nan direksyon Jerizalèm+ ou ansèkle a avèk bra w san kouvri e se pou w pwofetize kont li.

8 “Gade! M ap mare w ak kòd, yon fason pou w pa ka chanje bò, jiskaske jou ou ansèkle l yo fin pase.

9 “Se pou w pran ble, lòj*, gwo pwa, ti pwa, pitimi ak lòt kalite ble* a. Se pou w mete yo nan yon veso epi se pou w fè pen avèk yo pou w manje. Pandan kantite jou w ap kouche sou bò goch ou a, 390 jou, se sa w ap manje+. 10 W ap peze manje w ap manje a. W ap manje 20 chekèl* manje pa jou. W ap manje l nan lè fiks.

11 “W ap mezire kantite dlo w ap bwè a. W ap bwè yon sizyèm hin* dlo nan lè fiks.

12 “W ap manje l kòmsi w t ap manje yon pen lòj won. Se pou w kuit li devan je yo, se avèk poupou sèch, poupou moun pou w fè dife a.” 13 Apre sa, Jewova di m: “Se konsa Izrayelit yo pral manje pen ki pa pwòp* nan mitan nasyon kote m ap gaye yo+.”

14 Lè sa a, mwen di: “O non, Jewova, Seyè ki Souvren an! Depi lè m piti rive jis jodi a, mwen* pa janm kontamine nan manje vyann bèt yo jwenn ki tou mouri oswa vyann bèt yon lòt bèt te devore+. Mwen pa janm met okenn vyann ki pa pwòp* nan bouch mwen+.”

15 Lè sa a, li di m: “Dakò. M ap kite w itilize poupou bèf pito nan plas poupou moun. W ap kuit pen w lan sou li.” 16 Epi li di m: “Pitit lòm, m ap fini ak rezèv manje* Jerizalèm nan+. Se ak kè sere moun yo pral peze kantite pen y ap manje+, e se nan laperèz y ap mezire kantite dlo y ap bwè+. 17 Sa ap fèt yon fason pou youn ka gade lòt tou sezi lè yo pa gen pen ak dlo ankò e pou yo depafini akoz peche yo.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje