BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 13
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Mesaj kont fo pwofèt yo (1-16)

        • Miray yo badijonnen ak lacho yo ap tonbe (10-12)

      • Mesaj kont medam ki fo pwofèt yo (17-23)

Ezekyèl 13:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “k ap pwofetize sa k sot nan kè yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mi 3:5; Sf 3:4
  • +Jr 14:14; 23:16

Ezekyèl 13:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 23:32

Ezekyèl 13:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 22:30
  • +Eza 2:12; Jl 1:15

Ezekyèl 13:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 29:31, 32

Ezekyèl 13:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 22:28

Ezekyèl 13:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 14:14; 28:15, 16; 29:8, 9
  • +Eze 6:13; 11:10

Ezekyèl 13:10

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di lè yo te bati yon mi ki pa solid pou yo separe chanm kay, yo te badijonnen l ak lacho pou yo fè l parèt solid.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 6:13, 14
  • +Eza 30:10; Eze 22:28

Ezekyèl 13:11

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “yon gwo lapli, e ou menm w ap tonbe, o lagrèl”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 27:8

Ezekyèl 13:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 37:19

Ezekyèl 13:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 30:12, 13

Ezekyèl 13:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 6:13, 14; 28:1-4

Ezekyèl 13:18

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de riban ki gen rapò ak maji moun yo te konn mete nan koud yo oswa nan ponyèt yo.

  • *

    Oswa: “nanm”.

  • *

    Oswa: “nanm”.

  • *

    Oswa: “nanm”.

Ezekyèl 13:19

Nòt anba paj

  • *

    Se yon kalite manje angren.

  • *

    Oswa: “nanm”.

  • *

    Oswa: “nanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mi 3:11
  • +Jr 23:14

Ezekyèl 13:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

Ezekyèl 13:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 6:13

Ezekyèl 13:22

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “fè yo gen lapenn”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 27:14
  • +Jr 23:14
  • +Jr 23:16, 17

Ezekyèl 13:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 18:10, 14; Jr 27:9; Mi 3:6

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 13:2Mi 3:5; Sf 3:4
Eze. 13:2Jr 14:14; 23:16
Eze. 13:3Jr 23:32
Eze. 13:5Eze 22:30
Eze. 13:5Eza 2:12; Jl 1:15
Eze. 13:6Jr 29:31, 32
Eze. 13:8Eze 22:28
Eze. 13:9Jr 14:14; 28:15, 16; 29:8, 9
Eze. 13:9Eze 6:13; 11:10
Eze. 13:10Jr 6:13, 14
Eze. 13:10Eza 30:10; Eze 22:28
Eze. 13:11Eza 27:8
Eze. 13:12Jr 37:19
Eze. 13:15Eza 30:12, 13
Eze. 13:16Jr 6:13, 14; 28:1-4
Eze. 13:19Mi 3:11
Eze. 13:19Jr 23:14
Eze. 13:21Eze 6:13
Eze. 13:22Jr 27:14
Eze. 13:22Jr 23:14
Eze. 13:22Jr 23:16, 17
Eze. 13:23Dt 18:10, 14; Jr 27:9; Mi 3:6
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 13:1-23

Ezekyèl

13 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Pitit lòm, pwofetize kont pwofèt Izrayèl yo+. Men sa pou w di moun k ap envante pwofesi y ap bay yo*+: ‘Tande sa Jewova di. 3 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Malè pou pwofèt ki san konprann k ap pwofetize selon sa k nan lide yo alòske yo pa t resevwa okenn vizyon nan men m+! 4 O Izrayèl, pwofèt nou yo vin tankou rena k ap viv nan mitan dekonm. 5 Nou pap monte al kote ki kraze nan mi an wòch yo pou nou ka repare yo pou moun Izrayèl yo+, yon fason pou moun Izrayèl yo ka rete kanpe nan batay ki pral fèt nan jou Jewova a+.” 6 “Yo fè vizyon pou yo twonpe moun, y ap pwofetize manti. Y ap di: ‘Men sa Jewova di’ e y ap tann pou sa yo di yo reyalize, alòske Jewova pa t voye yo+. 7 Èske vizyon nou fè yo se pa vizyon pou nou twonpe moun? Èske pwofesi n ap bay yo se pa manti? Nou di: ‘Men sa Jewova di’, alòske mwen pa t di anyen.”’

8 “‘Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “‘Piske sa nou di yo se pa laverite e vizyon nou rakonte yo se manti, m ap regle ak nou.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di+.” 9 M ap regle ak pwofèt k ap rakonte vizyon pou yo twonpe moun yo e k ap pwofetize manti yo+. Yo pap pami moun mwen fè konfyans yo, non yo pap ekri nan lis non moun Izrayèl yo, ni yo pap tounen nan peyi Izrayèl. E n ap konnen mwen se Jewova, Seyè ki Souvren an+. 10 M ap fè tout sa paske yo detounen pèp mwen an lè y ap plede di: “Gen lapè”, alòske pa gen lapè vre+. Lè yo bati yon miray ki pa solid, yo masonnen l ak lacho*+.’

11 “Di moun k ap masonnen mi an ak lacho yo mi an ap tonbe. Ap gen yon gwo lapli, ap gen lagrèl* e ap gen gwo tanpèt k ap frape l e k ap kraze l+. 12 E lè mi an tonbe, yo gen pou yo mande nou: ‘Kote sa nou t ap pase sou mi an+?’

13 “Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘M ap fè gwo tanpèt soufle e m ap fè gwo lapli tonbe paske m an kòlè anpil. M ap voye lagrèl pou m kraze mi an paske m an kòlè anpil. 14 M ap kraze mi nou te masonnen ak lacho a, m ap lage l plat atè e moun ap kapab wè fondasyon l. Lè vil la tonbe, n ap mouri anndan l. Lè sa a, n ap konnen mwen se Jewova.’

15 “‘Lè m lage tout kòlè m nèt sou mi an e sou moun ki te pase lacho sou li yo, m ap di nou: “Mi an pa la ankò e moun ki te pase lacho sou li yo pa la ankò+. 16 Pwofèt Izrayèl yo pa la ankò, wi, tout moun ki te konn pwofetize nan Jerizalèm yo e ki te konn fè vizyon ki fè konnen l ap gen lapè, alòske pa t gen lapè pou li vre+.”’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

17 “Kanta pou ou, pitit lòm, vire figi w nan direksyon medam ki nan pèp ou a epi pwofetize kont yo poutèt y ap envante pwòp pwofesi pa yo. 18 Di yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Malediksyon pou medam k ap koud riban pou moun mete nan bra yo* e k ap fè vwal tout gwosè pou tèt moun yo yon fason pou yo eseye detwi lavi* yo! Èske nou panse nou ka ap chèche detwi lavi* moun nan pèp mwen an e pou nou ta sove lavi* pa nou? 19 Nou derespekte m nan mitan pèp mwen an pou kèk ponyen lòj* ak kèk moso pen+. Nou touye moun* ki pa merite mouri e nou pa touye moun* ki merite mouri. Nou fè sa lè n ap bay pèp mwen an manti. E pèp mwen an byen kontan koute manti nou yo+.”’

20 “Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Mwen rayi riban nou yo, o nou menm medam sa yo, riban nou itilize pou nou pran moun* nan pyèj tankou se zwazo yo te ye. M ap rache yo nan bra nou e m ap libere moun nou pran nan pyèj tankou se zwazo yo te ye yo. 21 M ap rache vwal nou yo e m ap sove pèp mwen an anba men nou. Nou pap pran yo nan pyèj ankò. Lè sa a, n ap konnen mwen se Jewova+. 22 Nou fè moun ki jis yo dekouraje akoz manti n ap bay yo+, alòske mwen menm, mwen pa t vle fè yo soufri*. Nou bay moun ki mechan yo fòs+, konsa yo pa sispann fè move bagay y ap fè yo, sa ki t ap fè yo ret an vi+. 23 Kidonk, nou menm medam sa yo, nou pap fè vizyon pou n twonpe moun ankò, ni nou pap fè divinasyon ankò+. Mwen pral sove pèp mwen an anba men nou e n ap konnen mwen se Jewova.’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje