BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w23 jen p. 2-7
  • Nou menm ansyen, suiv egzanp Jedeyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou menm ansyen, suiv egzanp Jedeyon
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • LÈ L DIFISIL POU W REKONÈT LIMIT OU E POU W MONTRE W GEN IMILITE
  • LÈ L DIFISIL POU N OBEYI OSWA POU N MET KOURAJ SOU NOU
  • LÈ L DIFISIL POU W ANDIRE
  • Gideyòn ak 300 zòm li yo
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jedeyon bat moun Madyan yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jewova — Pi bon Zanmi nou an!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • “Ale ak fòs ou genyen an”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
w23 jen p. 2-7

ATIK ETID 25

Nou menm ansyen, suiv egzanp Jedeyon

“Mwen pa t ap gen tan si m ta vle pale konsènan Jedeyon [...] ak lòt [...] yo.” — EBRE 11:32.

KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl

SA NOU PRAL WÈa

1. Selon 1 Pyè 5:2, ki privilèj ansyen yo genyen?

ANSYEN yo gen responsablite pou yo pran swen mouton Jewova yo ki gen anpil valè pou li. Mesye sa yo ki devwe gen Jewova rekonesans lefètke li ba yo privilèj pou yo sèvi frè ak sè yo, e yo travay di antanke “bèje k ap pran swen yo toutbonvre”. (Jer. 23:4; li 1 Pyè 5:2.) Nou di Jewova mèsi anpil dèske n gen frè sa yo nan kongregasyon yo.

2. Ki difikilte kèk ansyen ka jwenn?

2 Ansyen yo jwenn anpil difikilte nan travay y ap fè a. Yon bagay ki sèten, sa mande anpil travay pou pran swen yon kongregasyon. Tony se yon ansyen k ap viv Ozetazini ki te oblije aprann rekonèt limit li plis toujou anrapò ak kantite travay l ap aksepte fè. Men sa l esplike: “Lè pandemi COVID-19 la te kòmanse, mwen te travay pi plis pou m te ka òganize reyinyon yo ak travay predikasyon an. Men, kèlkeswa kantite travay mwen te fè, se atò te gen travay. Mwen te vin tèlman okipe, mwen pa t jwenn ase tan pou m li Labib, pou m etidye e pou m priye.” Ilir li menm se yon ansyen nan peyi Kosovo ki te jwenn yon lòt difikilte. Lè l t ap viv nan yon zòn ki gen lagè, li te twouve l difisil pou l obeyi enstriksyon òganizasyon an te ba li. Men sa l di: “Mwen te rann mwen kont mwen te bezwen met kouraj sou mwen lè biwo filyal la te mande m si m t ap dakò al ede frè ak sè ki te nan yon zòn ki gen danje. Mwen te pè, e m te twouve sa yo te mande m fè a pa t parèt gen sans.” Tim, yon misyonè k ap viv ann Azi, te twouve l difisil pou l te rive fè aktivite l te gen pou l fè chak jou. Men sa l di: “Pafwa, mwen te jis santi m twò fatige pou m ede frè ak sè yo.” Ki sa ki kapab ede ansyen ki nan menm sitiyasyon sa yo?

3. Lè n egzamine egzanp jij Jedeyon, ki jan sa kapab ede nou tout?

3 Ansyen yo kapab suiv egzanp jij Jedeyon (Ebre 6:12; 11:32). Li te pwoteje pèp Bondye a e li te gide yo tou (Jij 2:16; 1 Kwo. 17:6). Menm jan ak Jedeyon, Bondye bay ansyen yo responsablite pou yo pran swen pèp li a nan yon epòk ki difisil anpil (Tra. 20:28; 2 Tim. 3:1). Kidonk, ansyen yo ka aprann anpil bagay nan egzanp Jedeyon ki te rekonèt limit li, ki te gen imilite, ki te konn obeyi e ki te gen andirans. Epitou, menmsi nou pa ansyen, lè n egzamine egzanp Jedeyon, sa kapab fè n vin gen plis rekonesans pou travay ansyen yo ap fè e sa kapab ede n kolabore ak frè sa yo pi plis toujou. — Ebre 13:17.

LÈ L DIFISIL POU W REKONÈT LIMIT OU E POU W MONTRE W GEN IMILITE

4. Ki jan Jedeyon te montre l te rekonèt limit li e l te gen imilite?

4 Jedeyon se te yon moun ki te rekonèt limit li e ki te gen imiliteb. Lè yon zanj Jewova te fè Jedeyon konnen Jewova chwazi l pou l delivre pèp Izrayèl la anba men moun Madyan yo ki te gen yon gwo lame, men sa mesye sa a ki te gen imilite te reponn: “Nan tribi Manase a se fanmi m ki gen mwens enpòtans, e se mwen ki gen mwens enpòtans lakay papa m.” ​(Jij 6:15). Li pa t kwè li te ka fè travay sa a, men Jewova te konnen li te kapab. Grasa èd Jewova, Jedeyon te rive fè travay sa a.

5. Ki lè l ka difisil pou yon ansyen montre l rekonèt limit li e pou l montre l gen imilite?

5 Ansyen yo fè anpil efò pou yo montre yo rekonèt limit yo e pou yo demontre imilite nan tout bagay (Miche 6:8; Tra. 20:18, 19). Yo pa vante tèt yo pou sa yo kapab fè oswa pou sa yo rive fè, nitou yo pa panse yo pa vo anyen akoz erè yo fè oswa akoz mankman yo genyen. Sepandan, li ka difisil pou yon ansyen montre l gen imilite e pou l rekonèt limit li. Pa egzanp, li ka aksepte plizyè responsablite, epi l vin difisil pou l rive fè tout sa l gen pou l fè. Oubyen gen moun ki ka ap kritike l pou fason l fè yon bagay oswa gen lòt moun ki ka ap fè lwanj pou li pou fason l fè yon lòt bagay. Nan sitiyasyon konsa, ki sa ansyen yo kapab aprann nan egzanp Jedeyon k ap ede yo?

Yon ansyen k ap montre yon frè kote yo met charyo pou temwayaj an piblik yo.

Yon ansyen k ap suiv egzanp Jedeyon montre li rekonèt limit li lè l dispoze mande èd, pa egzanp lè l ap òganize temwayaj ak charyo yo. (Gade paragraf 6.)

6. Lefètke Jedeyon te rekonèt limit li, ki sa ansyen yo ka aprann nan sa? (Gade foto a tou.)

6 Mande èd. Yon moun ki rekonèt limit li konnen li pa kapab fè tout bagay. Jedeyon te rekonèt limit li lefètke l te mande lòt moun ede l (Jij 6:27, 35; 7:24). Ansyen ki gen sajès yo fè menm jan an. Men sa Tony, nou te pale de li pi wo a, fè konnen: “Fason m te leve te fè m gen tandans aksepte plis travay pase sa m te kapab fè. Donk, mwen te deside pale sou kesyon rekonèt limit nou an nan adorasyon an fanmi nou t ap fè, e m te mande madanm mwen èske l wè mwen se yon moun ki rekonèt limit mwen. Epitou, mwen te regade videyo ki gen tit Fòme lòt moun, fè yo konfyans, ba yo responsablite menm jan Jezi te fè sa ki sou sit jw.org la.” Tony te kòmanse mande lòt moun ede l ak travay li te gen pou l fè yo. Ki rezilta sa te bay? Men sa Tony di: “Travay kongregasyon an rive fèt e m vin gen plis tan pou m vin pi pwòch ak Jewova.”

7. Ki jan ansyen yo ka suiv egzanp Jedeyon si yo kritike yo? (Jak 3:13).

7 Rete kalm si yo kritike w. Yon lòt bagay ki ka fè l difisil pou ansyen yo rekonèt limit yo e pou yo montre yo gen imilite, se si yo kritike yo. Yon lòt fwa ankò, egzanp Jedeyon kapab ede yo. Piske Jedeyon te konnen li pa pafè, li te rete kalm lè moun Efrayim yo te kritike l (Jij 8:1-3). Jedeyon pa t fache sou yo. Li te montre l respekte yo e li te ba yo valè lefètke l te koute sa yo t ap di, e kòm li te reponn yo avèk jantiyès, sa te kalme sitiyasyon an. Ansyen ki gen sajès yo suiv egzanp Jedeyon lè yo koute lòt moun avèk atansyon e lè yo rete kalm si yo kritike yo. (Li Jak 3:13.) Konsa, yo ede pou gen lapè nan kongregasyon an.

8. Ki sa frè ki nome yo bezwen fè si y ap fè lwanj pou yo? Bay yon egzanp.

8 Bay Jewova tout glwa a. Lè lòt moun t ap fè lwanj pou Jedeyon apre l te fin pot laviktwa sou moun Madyan yo, Jedeyon te atire atansyon sou Jewova (Jij 8:22, 23). Ki jan frè ki nome yo ka suiv egzanp Jedeyon? Yo dwe bay Jewova louwanj pou sa yo rive fè (1 Kor. 4:6, 7). Pa egzanp, si yo felisite yon ansyen poutèt li anseye byen, li kapab di se grasa Pawòl Bondye a nou konn tout sa n konnen yo oswa li kapab atire atansyon sou fòmasyon nou resevwa nan òganizasyon Jewova a. Pafwa, ansyen yo ka bezwen reflechi pou yo wè si yo pa atire twòp atansyon sou tèt yo. Ann pran egzanp yon ansyen ki rele Timothy. Lè yo te fèk nome Timothy ansyen, li te renmen bay diskou piblik. Men sa l di: “Lè m te konn ap kòmanse diskou yo, mwen te konn di yon pakèt pawòl, epi m te renmen sèvi ak yon seri egzanp ki konplike. Byen souvan, sa te konn fè lòt moun fè lwanj pou mwen. Malerezman, mwen te atire atansyon sou tèt mwen olye m te atire atansyon sou Bib la oswa sou Jewova.” Rive yon lè, Timothy te vin rann li kont li te bezwen fè chanjman nan fason l anseye pou l pa t atire atansyon sou tèt li (Pwo. 27:21). Ki rezilta sa te bay? Men sa l fè konnen: “Gen plizyè moun ki fè m konnen jan diskou m bay ede yo fè fas ak pwoblèm yo genyen, jan l ede yo andire eprèv oswa jan l ede yo vin pi pwòch ak Jewova. Kòmantè sa yo fè m plis kontan toujou pase kèlkeswa lwanj yo te fè pou mwen kèk ane anvan sa.”

LÈ L DIFISIL POU N OBEYI OSWA POU N MET KOURAJ SOU NOU

Jedeyon k ap gad mesye izrayelit yo k ap bwè dlo. Youn nan yo ap pran dlo ak men l met nan bouch li pandan rès mesye yo bese tèt yo nan dlo a pou yo bwè.

Jedeyon te obeyi lè l te diminye kantite sòlda ki te nan lame l la, epi l te chwazi 300 gason ki te montre yo veyatif. (Gade paragraf 9.)

9. Ki sa k te fè l difisil pou Jedeyon obeyi Jewova e pou l te met kouraj sou li? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

9 Apre Jewova te fin chwazi Jedeyon kòm jij, Jedeyon te bezwen obeyi Jewova e l te bezwen met kouraj sou li. Jewova te mande Jedeyon pou l detwi lotèl papa l te fè pou adore Baal la, e se te yon misyon ki te gen danje ladan l (Jij 6:25, 26). Annapre, lè Jedeyon te fin rasanble yon lame, pandan de fwa, Jewova te mande l pou l redui kantite sòlda yo (Jij 7:2-7). Finalman, Jewova te mande l atake lame ènmi an nan mitan lannuit. — Jij 7:9-11.

10. Ki sitiyasyon ki ka fè l difisil pou yon ansyen obeyi?

10 Ansyen yo dwe “dispoze obeyi”. (Jak 3:17.) Yon ansyen ki obeyisan soumèt li ak tout kè l ak sa Bib la di e ak enstriksyon òganizasyon Bondye a bay. Konsa, li bay lòt moun bon egzanp. Aktout sa, pafwa li ka difisil pou l obeyi. Pa egzanp, li ka twouve l difisil pou l kontinye suiv enstriksyon li resevwa. Nan kèk sitiyasyon, li ka ap mande tèt li si yon enstriksyon li resevwa vrèman itil oswa si l ap bon pou l suiv li. Oubyen yo ka mande l pou l fè yon travay ki ka lakòz yo arete l. Nan sitiyasyon konsa, ki jan ansyen yo ka suiv egzanp Jedeyon ki te obeyisan?

11. Ki sa ki kapab ede ansyen yo pou yo obeyi?

11 Byen koute enstriksyon yo ba w epi suiv li. Bondye te di Jedeyon ki jan pou l detwi lotèl papa l la, ki kote pou l bati yon lotèl pou Jewova, e ki bèt pou l ofri kòm sakrifis. Jedeyon pa t kritike enstriksyon Jewova te ba l, li te annik fè sa Jewova te mande l fè. Jodi a, ansyen yo resevwa enstriksyon òganizasyon Jewova a ba yo pa mwayen lèt, anons ak lòt enstriksyon pou pwoteje nou e pou ede nou rete pwòch ak Jewova. Nou renmen ansyen nou yo paske yo suiv enstriksyon òganizasyon an bay fidèlman. E sa bon pou tout kongregasyon an. — Sòm 119:112.

12. Ki jan ansyen yo ka aplike pawòl ki nan Ebre 13:17 la si vin gen yon chanjman nan fason òganizasyon an fè yon seri bagay?

12 Se pou w dispoze adapte w. Sonje Jewova te mande Jedeyon pou l te voye prèske tout sòlda yo lakay yo (Jij 7:8). Petèt Jedeyon te di tèt li: ‘Èske chanjman sa a vrèman nesesè? Èske sa ap mache?’ Aktout sa, Jedeyon te obeyi. Jodi a, ansyen yo suiv egzanp Jedeyon lè yo chanje fason yo te konn fè yon bagay paske òganizasyon an mande yo fè sa. (Li Ebre 13:17.) Pa egzanp, an 2014, Kolèj santral la te fè chanjman nan fason y ap jere kòb ki depanse pou konstwi Sal Wayòm ak Sal asanble yo (2 Kor. 8:12-14). Kongregasyon yo pa t ap gen yon dèt pou yo peye ankò. Okontrè, òganizasyon an itilize ofrann kongregasyon yo fè toupatou sou tè a pou konstwi Sal Wayòm ak Sal asanble tout kote ki gen bezwen, menmsi kòb yon kongregasyon ka bay ta piti anpil. Lè yon frè ki rele José te aprann chanjman sa a, li pa t fin kwè sa t ap mache. Li te di tèt li: ‘Menm yon Sal Wayòm yo pap rive konstwi, se pa konsa sa fèt isit la.’ Ki sa k te ede José soutni desizyon sa a? Men sa l di: “Pawòl ki nan Pwovèb 3:5, 6 yo te fè m sonje pou m fè Jewova konfyans. E sa te bay bon rezilta! Nonsèlman gen plis Sal Wayòm ki vin konstwi, men nou te vin aprann fè ofrann divès fason pou youn ka kouvri pou lòt.”

Yon frè ki abiye yon fason ki rilaks k ap bay yon mesye temwayaj yon kote bis konn kanpe pou pran moun. Gen yon polisye pa dèyè a.

Menm nan zòn kote yo entèdi travay n ap fè a, nou kapab met kouraj sou nou pou n bay yon bon temwayaj. (Gade paragraf 13.)

13. a) Ki konviksyon Jedeyon te genyen? b) Ki jan ansyen yo kapab suiv egzanp Jedeyon? (Gade foto a tou.)

13 Met kouraj sou ou pou w fè volonte Jewova. Jedeyon te obeyi Jewova malgre l te pè e malgre te gen danje nan sa Jewova te mande l fè a (Jij 9:17). Apre Jewova te fin bay Jedeyon asirans li avè l, Jedeyon pa t gen okenn dout Bondye t ap ede l pou l pwoteje pèp Li a. Ansyen k ap viv nan zòn kote yo entèdi travay predikasyon an suiv egzanp Jedeyon. Yo met kouraj sou yo pou yo pran latèt nan òganize reyinyon yo ak travay fè disip la malgre sa ka lakòz yo arete yo, yo poze yo kesyon, yo pèdi travay yo oswa yo fè vyolans sou yoc. Pandan gwo tribilasyon an, ansyen yo pral bezwen met kouraj sou yo pou yo obeyi enstriksyon yo pral resevwa, kèlkeswa danje sa ta gen ladan l. Nou ka jwenn enstriksyon pou n bay yon mesaj jijman ki rèd anpil e pou n konn sa pou n fè pou n sove lè Gòg ki soti nan peyi Magòg atake nou. — Eze. 38:18; Rev. 16:21.

LÈ L DIFISIL POU W ANDIRE

14. Sa k fè Jedeyon te bezwen gen anpil andirans?

14 Antanke jij, Jedeyon te oblije travay di. Lè moun Madyan yo te kouri pou batay la nan mitan lannuit, Jedeyon te pati dèyè yo soti nan vale Jizreyèl rive jis nan Rivyè Jouden an, petèt ki te gen anpil touf bwa arebò l (Jij 7:22). Èske Jedeyon te sispann kouri lè l te rive bò Rivyè Jouden an? Non! Malgre li menm ak 300 mesye l yo te fatige anpil, yo te travèse rivyè a e yo te kontinye kouri dèyè moun Madyan yo. Finalman, yo te rive met men sou moun Madyan yo e yo te pot laviktwa sou yo. — Jij 8:4-12.

15. Ki sa k ka fè l difisil pou yon ansyen andire?

15 Pafwa, yon ansyen ka santi l fatige anpil e l ka santi l faya afòs l ap pran swen kongregasyon an e l ap pran swen fanmi l. Lè konsa, ki jan ansyen yo kapab suiv egzanp Jedeyon?

Yon ansyen k ap sèvi ak Bib la pou l konsole yon mari ak madanm. Gen yon jèn dam ki kouche sou kabann lopital toupre yo a.

Ansyen yo ki gen lanmou ankouraje anpil frè ak sè ki bezwen sa. (Gade paragraf 16-17.)

16-17. Ki sa k te ede Jedeyon andire, e ki asirans ansyen yo kapab genyen? (Ezayi 40:28-31). (Gade foto a tou.)

16 Se pou w gen konfyans Jewova ap ba w fòs. Jedeyon te gen konfyans Jewova t ap ba l fòs, e Jewova te fè sa vre (Jij 6:14, 34). Yon lè, Jedeyon ak mesye l yo te apye e yo t ap kouri dèyè de wa Madyan, alòske petèt wa sa yo te sou chamo (Jij 8:12, 21). Men, Bondye te ede Izrayelit yo met men sou yo e li te ede yo genyen batay la. Menm jan an tou, ansyen yo kapab konte sou Jewova, Sila a ki “pa janm fatige, [e ki] pa janm faya” a. L ap ba yo fòs lè yo bezwen sa. — Li Ezayi 40:28-31.

17 Ann pran egzanp Matthew, yon frè ki nan Komite lyezon ospitalye. Ki sa k te ede l andire? Men sa Matthew di: “Mwen te viv pawòl ki nan Filipyen 4:13 yo. Pandan plizyè fwa, lè m te santi m fatige e m pa t kapab ankò, mwen te konn priye Bondye anpil, mwen te konn sipliye l pou l ban m fòs ak kouraj pou m ka kontinye ede frè m ak sè m yo. Nan moman sa yo, mwen te santi lespri sen Jewova ban m fòs e l te ede m andire.” Menm jan ak Jedeyon, ansyen nou yo k ap travay di ka jwenn difikilte pandan y ap pran swen pèp Jewova a ak tout kè yo. Nòmalman, yo bezwen rekonèt limit yo e yo bezwen konprann yo pap kapab fè tout sa yo ta renmen fè. Sepandan, yo kapab gen konfyans Jewova ap koute priyè yo fè pou yo mande l èd e l ap ba yo fòs pou yo andire. — Sòm 116:1; Flp. 2:13.

18. Selon sa nou te wè, ki jan ansyen yo kapab suiv egzanp Jedeyon?

18 Gen anpil bagay ansyen yo kapab aprann nan egzanp Jedeyon. Ansyen yo dwe rekonèt limit yo e yo dwe montre yo gen imilite anrapò ak kantite travay y ap aksepte fè ak fason y ap reyaji lè moun ap kritike yo oswa lè y ap fè lwanj pou yo. Yo dwe dispoze obeyi e yo dwe met kouraj sou yo, sitou lafen an pa lwen rive. Epitou, yo bezwen gen konfyans Bondye kapab ba yo fòs, kèlkeswa difikilte yo ta jwenn. Vrèmanvre, nou apresye travay di bèje sa yo ap fè e nou “kontinye bay moun konsa anpil valè”. — Flp. 2:29.

KI JAN ANSYEN YO KAPAB SUIV EGZANP JEDEYON...

  • ki te rekonèt limit li e ki te gen imilite?

  • ki te obeyi e ki te met kouraj sou li?

  • ki te gen andirans?

KANTIK 120 Annou chèche vin dou menm jan ak Kris

a Jewova te chwazi Jedeyon pou gide pèp Li a e pou pwoteje yo nan yon moman ki te difisil anpil nan istwa nasyon Izrayèl la. Jedeyon te fè travay sa a fidèlman pandan anviwon 40 an. Men, li te jwenn anpil difikilte. Nou pral wè ki jan egzanp li kapab ede ansyen yo jodi a lè yo jwenn difikilte.

b Yon moun bezwen gen imilite pou l rekonèt limit li. Nou montre nou rekonèt limit nou lè n pa pran tèt nou pou yon pakèt afè e lè n admèt gen yon seri bagay nou pa kapab fè. Nou montre nou gen imilite lè n respekte lòt moun e lè n konsidere yo gen plis enpòtans pase n (Flp. 2:3). An jeneral, yon moun ki rekonèt limit li se yon moun ki gen imilite tou.

c Gade atik ki gen tit “Kontinye adore Jewova lè yo entèdi aktivite nou yo” ki parèt nan Toudegad jiyè 2019, paj 10-11, paragraf 10-13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje