BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 mas p. 2-7
  • Pa pèdi tan pou w batize

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pa pèdi tan pou w batize
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • MOUN SAMARI YO TE BATIZE
  • SÒL, MOUN TAS, TE BATIZE
  • KÒNÈY TE BATIZE
  • MOUN KORENT YO TE BATIZE
  • LAFWA W KA DEPLASE MÒN
  • “Kontinye suiv” Jezi apre w fin batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Èske w pare pou w vwe Jewova lavi w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Èske w pare pou w batize?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Chèche jwenn repons kesyon sa yo
    Pwogram asanble sikonskripsyon avèk siveyan sikonskripsyon an 2025-2026
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 mas p. 2-7

ATIK ETID 9

KANTIK 51 Nou vwe lavi nou bay Bondye

Pa pèdi tan pou w batize

“Poukisa w ap pèdi tan? Leve pou w al batize.” — TRA. 22:16.

PWEN KLE

Lè n reflechi sou egzanp moun Samari yo, egzanp Sòl, moun Tas, egzanp Kònèy ak egzanp moun Korent yo, sa ap ede n jwenn fòs nou bezwen pou n fè pwogrè pou n batize.

1. Bay kèk bon rezon w genyen pou w batize.

ÈSKE W renmen Jewova Dye, Sila a ki ba w lavi ak tout bèl kado w genyen yo? Èske w vle montre w renmen l? Pi bon fason pou w fè sa se lè w vwe Jewova lavi w e w batize nan dlo. Lè w fè sa, ou vin fè pati fanmi Jewova. Konsa, Jewova, li menm ki Papa w e ki Zanmi w, ap gide w e l ap pran swen w paske w ap vin byen pa l (Sòm 73:24; Eza. 43:​1, 2). Lè n vwe Jewova lavi n e n batize, sa ap ban n posiblite tou pou n viv pou toutan. — 1 Pyè 3:21.

2. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

2 Èske gen yon bagay ki anpeche w batize? Si se sitiyasyon pa w, konnen ou pa poukò w. Gen plizyè milyon moun ki te oblije fè chanjman nan konduit yo ak nan fason yo panse pou yo te ka vin kalifye pou yo batize. Kounye a, y ap sèvi Jewova ak kè kontan e yo chofe nan sèvis li. Ki sa w ka aprann nan egzanp kèk moun ki te batize nan premye syèk la? Ann egzamine kèk nan difikilte yo te jwenn e ann wè sa nou ka aprann nan egzanp yo.

MOUN SAMARI YO TE BATIZE

3. Ki sa kèk moun Samari te ka bezwen fè pou yo te batize?

3 Nan epòk Jezi a, moun Samari yo te fè pati yon sèk ki te nan zòn ansyen vil Sichèm ak Samari, nan nò peyi Jide. Anvan moun Samari yo te batize, yo te bezwen vin gen plis konesans sou Pawòl Bondye a, epi aksepte tout sa k ladan l. Moun Samari yo te kwè se sèlman senk premye liv nan Bib la Bondye te fè ekri, soti nan Jenèz rive nan Detewonòm, e petèt liv Jozye a. Sepandan, sou baz pwomès Bondye te fè ki nan Detewonòm 18:​18, 19 la, moun Samari yo t ap tann Mesi a vini (Jan 4:25). Pou moun Samari yo te batize, yo te dwe aksepte Jezi kòm Mesi Bondye te pwomèt la. “Anpil moun Samari” te fè sa (Jan 4:39). Gen lòt ki te ka oblije fè gwo efò pou yo te konbat gwo prejije ki te gen ant moun Samari yo ak Juif yo. — Lik 9:​52-54.

4. Selon Travay 8:​5, 6, 14, ki jan kèk moun Samari te reyaji lè Filip te preche yo?

4 Ki sa k te ede moun Samari yo pou yo te batize? Lè Filip, moun ki t ap evanjelize a, te “preche moun [Samari] yo konsènan Kris la”, kèk nan yo te “aksepte pawòl Bondye a”. (Li Travay 8:​5, 6, 14.) Aktout Filip te yon Juif, yo pa t gen pwoblèm ak sa. Petèt, yo te sonje vèsè nan senk premye liv nan Bib la ki fè konnen Bondye pa gen patipri (Det. 10:​17-19). Yo te “suiv sa Filip t ap di yo” anrapò ak Kris la e yo te wè aklè Bondye te avè l. Filip te fè anpil mirak tou, san wete li te geri moun ki malad e l te chase demon. — Tra. 8:7.

5. Ki leson nou ka aprann nan egzanp moun Samari yo?

5 Moun Samari sa yo te ka pa vle koute sa Filip t ap anseye yo paske l te yon Juif oswa paske yo pa t abitye tande ansèyman sa yo. Men, yo pa t fè sa. Moun Samari yo pa t pèdi tan pou yo te batize lè yo te vin gen konviksyon sa Filip t ap anseye yo a se laverite. Men sa Bib la di: “Lè yo vin kwè Filip, ki te anonse yo bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a e konsènan non Jezi Kris, yo te vin batize, gason kou fi.” (Tra. 8:12). Èske w gen konviksyon Pawòl Bondye a se laverite e Temwen Jewova yo pa gen prejije epi yo fè efò pou yo montre yo renmen youn lòt toutbon, sa ki montre yo se vrè kretyen (Jan 13:35)? Donk, ou pa bezwen pè batize. Ou mèt gen konfyans Jewova ap beni w.

6. Ki jan eksperyans Ruben te fè a kapab ede w?

6 Ruben, yon frè k ap viv nan peyi Almay, te grandi nan yon fanmi Temwen Jewova. Sepandan, lè l te timoun, li te gen dout Jewova egziste toutbonvre. Ki jan l te rive elimine dout li te genyen yo? Lè l te remake li te manke konesans, li te deside fè yon bagay. Men sa l di: “Nan etid pèsonèl mwen, m te bezwen chèche elimine dout mwen te genyen yo. Mwen te oblije etidye sijè ki pale sou evolisyon plizyè fwa.” Li te li liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous? a. Liv sa a te gen yon gwo efè sou Ruben. Li te di tèt li: ‘Waw! Jewova reyèl.’ Pandan Ruben t al vizite syèj mondyal la, li te vin gen plis rekonesans pou fanmi nou fòme antanke frè ak sè nan lemonnantye a ki gen tèt ansanm. Lè Ruben te retounen nan peyi Almay, li te batize lè l te gen 17 an. Si w gen dout sou sa w te aprann yo, chèche elimine dout sa yo lè w fè rechèch nan piblikasyon nou yo. Ou ka rive elimine dout ou genyen yo grasa yon “konesans egzak”. (Efe. 4:​13, 14.) E pandan w ap tande eksperyans ki montre pèp Jewova a lòt kote sou tè a gen lanmou ak inite nan mitan yo e w wè sa tou nan kongregasyon w ye a, w ap vin pi apresye fanmi nou fòme antanke frè ak sè nan lemonnantye a.

SÒL, MOUN TAS, TE BATIZE

7. Ki chanjman Sòl te oblije fè nan fason l te panse?

7 Ann pran egzanp Sòl, moun Tas. Li t ap fè anpil pwogrè nan relijyon juif la e l te byen konn Lwa Juif yo (Gal. 1:​13, 14; Flp. 3:5). Nan yon epòk kote anpil Juif te konsidere kretyen yo kòm aposta, Sòl te pèsekite kretyen yo avèk raj. Li te panse se volonte Bondye li t ap fè (Tra. 8:3; 9:​1, 2; 26:​9-11). Pou Sòl te aksepte Jezi e pou l te batize antanke kretyen, li t ap bezwen dispoze aksepte yo pèsekite l.

8. a) Ki sa k te ede Sòl pou l te batize? b) Selon Travay 22:​12-16, ki jan Anànyas te ede Sòl? (Gade foto a tou.)

8 Ki sa k te ede Sòl pou l te batize? Lè Seyè Jezi te parèt devan Sòl detan l nan glwa li, Sòl te vin avèg (Tra. 9:​3-9). Li te fè twa jou san manje e san dout li t ap medite sou eksperyans li te sot fè a. Sa te fè Sòl vin gen konviksyon Jezi se Mesi a e disip Jezi yo te nan vrè relijyon an. Sòl dwe te vin gen anpil remò lefètke l te patisipe nan lanmò Etyèn (Tra. 22:20)! Apre twa jou, te gen yon disip ki te rele Anànyas ki te vin kot Sòl, li te fè l vin wè ankò e l te ankouraje l pou l batize san pèdi tan. (Li Travay 22:​12-16.) Avèk imilite, Sòl te aksepte l ede l e li te batize. — Tra. 9:​17, 18.

Sòl ki kanpe nan yon dlo pou yo batize l. Gen kèk moun k ap gade ak kè kontan.

Menm jan ak Sòl, èske w ap aksepte ankourajman w jwenn pou w batize? (Gade paragraf 8.)


9. Ki leson ou ka aprann nan eksperyans Sòl la?

9 Gen plizyè leson nou ka aprann nan eksperyans Sòl la. Li te kapab kite ògèy oswa lakrentif li te ka gen pou moun anpeche l batize. Men, li pa t fè sa. Avèk imilite, Sòl te chanje fason l t ap viv lè l te aksepte laverite konsènan Kris (Tra. 26:​14, 19). Sòl te dispoze vin yon kretyen, menm lè l te konnen li t ap jwenn pèsekisyon (Tra. 9:​15, 16; 20:​22, 23). Apre l te fin batize, li te kontinye konte sou Jewova pou ede l andire plizyè eprèv (2 Kor. 4:​7-10). Lè w batize antanke Temwen Jewova, sa ka pase lafwa w anba eprèv oswa sa ka fè w jwenn difikilte, men, w ap jwenn èd. Ou kapab gen konfyans Bondye ak Kris ap ede w san mank. — Flp. 4:13.

10. Ki jan egzanp Anna ka itil ou?

10 Anna se yon sè ki te grandi ann Ewòp delès. Apre manman l te fin batize, papa l te dakò l etidye Labib lè l te gen nevan. Sepandan, lè lòt moun nan fanmi an ki t ap viv nan menm kay ak Anna te aprann Anna t ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo, yo te kòmanse ba l pwoblèm. Fanmi sa yo te konsidere se yon wont pou yon moun kite relijyon zansèt li yo. Lè Anna te gen 12 an, li te mande papa l pèmisyon pou l batize. Papa l te vle konnen si se li ki te deside poukont li pou l batize oswa si se presyon yon moun t ap fè sou li. Men sa Anna te reponn: “Mwen renmen Jewova.” Papa l te dakò pou l batize. Apre l te fin batize, yo te pase l nan rizib e yo te maltrete l plizyè fason. Men sa youn nan fanmi l yo te di l: “Pito w te lage kò w nan imoralite e w te lage kò w nan fimen olye w te vin Temwen Jewova.” Ki sa k te ede Anna? Men sa l di: “Jewova te ede m rete djanm, e manman m ak papa m te ede m anpil.” Anna ekri tout moman Jewova te ede l nan lavi l. Tanzantan, li gade sa l te ekri yo pou l pa bliye fason Jewova te ede l. Si w pè pou yo pa pèsekite w, sonje Jewova ap ede w tou. — Ebre 13:6.

KÒNÈY TE BATIZE

11. Ki sa k te ka fè Kònèy yon jan renka pou l batize?

11 Bib la bay egzanp Kònèy tou. Li te “yon ofisye nan lame women an” ki t ap kòmande anviwon 100 sòlda (Tra. 10:​1, nòt). Antanke ofisye, petèt, li te gen gwo renome nan sosyete a ak nan lame a. Bib la fè konnen tou, li “te konn fè anpil byen pou moun ki pòv”. (Tra. 10:2.) Jewova te voye apot Pyè vin preche l bon nouvèl la. Èske pozisyon Kònèy te genyen an te fè l ap pèdi tan pou l batize?

12. Ki sa k te ede Kònèy pou l te batize?

12 Ki sa k te ede Kònèy pou l te batize? Selon sa Bib la di, “li menm ak tout moun lakay li te gen [...] lakrentif pou Bondye”. Epi, Kònèy te toujou ap sipliye Bondye (Tra. 10:2). Lè Pyè te anonse Kònèy bon nouvèl la, li menm ak fanmi l te aksepte Kris e yo te batize lapoula (Tra. 10:​47, 48). Pa gen dout, Kònèy te dispoze fè nenpòt chanjman ki te nesesè nan lavi l pou l te ka adore Jewova ansanm ak fanmi l. — Joz. 24:15; Tra. 10:​24, 33.

13. Ki leson ou ka aprann nan egzanp Kònèy?

13 Menm jan ak Sòl, Kònèy te ka kite pozisyon l te genyen an anpeche l vin kretyen. Men, li pa t fè sa. Èske gen gwo chanjman w ap bezwen fè nan lavi w pou w batize? Si se sitiyasyon pa w, Jewova ap ede w. L ap beni w si w pran detèminasyon pou w aplike prensip ki nan Bib la nan lavi w pou w ka sèvi l.

14. Ki jan egzanp Tsuyoshi ka itil ou?

14 Tsuyoshi k ap viv nan peyi Japon te oblije fè chanjman nan travay li pou l te ka vin kalifye pou l batize. Li te asistan direktè yon gwo lekòl ki konn aprann moun fè dekorasyon ak flè. Direktè lekòl la te konn ranje flè pou antèman boudis e l te konn fè kèk bagay ki gen rapò ak fo relijyon. Lè direktè a pa t ka la nan antèman yo, Tsuyoshi te konn ale nan plas li pou fè bagay sa yo. Sepandan, lè Tsuyoshi te vin aprann laverite sou lanmò, li te konnen li pa t ap ka batize si l te kontinye patisipe nan seremoni fo relijyon. Li te pran desizyon pou l pa t patisipe ladan yo ankò (2 Kor. 6:​15, 16). Tsuyoshi te pale ak direktè a sou sa. Ki rezilta sa te bay? Tsuyoshi te kapab rete nan travay la san l pa t oblije patisipe nan seremoni sa yo. Li te batize ennan apre l te kòmanse etidye Labiba. Si w bezwen fè chanjman nan travay ou pou w fè Bondye plezi, ou mèt gen asirans l ap bay ou menm ak fanmi w sa nou gen bezwen. — Sòm 127:2; Mat. 6:33.

MOUN KORENT YO TE BATIZE

15. Ki sa k te ka anpeche moun Korent yo batize?

15 Yo te konnen moun Korent nan tan lontan yo kòm moun ki materyalis e ki imoral. Anpil moun ki t ap viv Korent t ap mennen yon vi Bondye pa apwouve. Se sèten, anviwònman sa a te yon danje pou nenpòt moun ki ta vle aksepte bon nouvèl la. Sepandan, lè apot Pòl te vin nan vil sa a e l te preche bon nouvèl konsènan Kris la, “anpil moun nan vil Korent ki te tande bon nouvèl la te kòmanse kwè, e yo te vin batize”. (Tra. 18:​7-11.) Epi, seyè Jezi Kris te parèt devan Pòl nan yon vizyon e l te di l: “Mwen gen anpil moun nan vil sa a.” Donk, Pòl te fè ennan edmi ap preche nan zòn nan.

16. Ki sa k te ede kèk moun nan vil Korent yo pou yo te batize? (2 Korentyen 10:​4, 5).

16 Ki sa k te ede moun Korent yo pou yo te batize? (Li 2 Korentyen 10:​4, 5.) Pawòl Bondye a ak lespri sen Bondye ki gen anpil fòs te ede yo fè gwo chanjman nan lavi yo (Ebre 4:12). Moun nan vil Korent ki te aksepte bon nouvèl konsènan Kris la te rive abandone yon seri move abitid tankou bwè pou sou, vòlè ak omoseksyalite. — 1 Kor. 6:​9-11.b

17. Ki sa w ka aprann nan egzanp moun Korent yo?

17 N ap remake, menm lè kèk moun nan vil Korent te gen yon seri move abitid ki te anrasinen byen fon yo te bezwen konbat, yo pa t di li twò difisil pou yo vin kretyen. Yo te fè anpil efò pou yo vin mache nan wout jennen ki mennen nan lavi ki pap janm fini an (Mat. 7:​13, 14). Èske w ap goumen pou w pot laviktwa sou yon move abitid ou genyen pou w ka batize? Pa janm bay vag! Sipliye Jewova pou l ba w lespri sen pou ede w reziste kont anvi ou genyen pou w fè sa ki mal.

18. Ki jan egzanp Monika a ka itil ou?

18 Monika k ap viv nan peyi Jòji te fè gwo efò pou l sispann di mo sal e pou l evite divètisman ki pa kòrèk pou l ka fè pwogrè pou l batize. Men sa l te di: “Lè m te nan adolesans mwen, lapriyè se te fòs mwen. Jewova te konnen mwen te vle fè sa ki dwat, li te toujou la pou l ede m e pou l gide m.” Monika te batize lè l te gen 16 an. Èske gen kèk move abitid ou bezwen abandone pou w ka sèvi Jewova fason l vle a? Kontinye mande l fòs pou w fè chanjman w ap bezwen fè yo. Jewova ap kontan ba w lespri sen. — Jan 3:34.

LAFWA W KA DEPLASE MÒN

19. Ki sa k ka ede w fè fas ak yon seri difikilte ki tankou mòn? (Gade foto a tou.)

19 Ou mèt gen konfyans Jewova renmen w e l vle w vin fè pati fanmi l, kèlkeswa difikilte ou jwenn nan lavi w ki te ka fè l difisil pou w batize. Men sa Jezi te di kèk nan disip li yo nan premye syèk la: “Si lafwa nou gwosè yon grenn moutad, n ap di mòn sa a: ‘Deplase sot la a al lòtbò’, e l ap deplase. E pa gen anyen k ap enposib pou nou.” (Mat. 17:20). Moun ki te tande pawòl sa yo nan moman sa a te gen sèlman kèk ane depi yo te ansanm ak Jezi, donk, yo te bezwen vin gen plis lafwa. Men, Jezi te ba yo asirans si yo te vin gen plis lafwa, Jewova t ap ede yo deplase difikilte ki tankou mòn. Jewova ap ede w fè menm bagay la tou!

Yon gwoup frè ak sè ki kontan nan yon kongrè, y ap bat bravo pandan moun ki pral batize yo ap mache pou yo ale.

Ou mèt gen konfyans Jewova renmen w e l vle w vin fè pati fanmi l. (Gade paragraf 19.)c


20. Ki jan egzanp kretyen yo nan premye syèk la ak egzanp kretyen nan epòk nou an nou jwenn nan atik sa a ankouraje w?

20 Si w wè gen difikilte ki anpeche w batize, fè efò pou w elimine yo san pèdi tan. Chèche jwenn konsolasyon ak fòs nan egzanp kretyen nan premye syèk yo ak kretyen nan epòk pa nou an. Nou swete pou egzanp yo ankouraje w epi pouse w vwe Jewova lavi w pou w batize. Se pi bon desizyon ou ka pran nan lavi w!

KI SA W TE APRANN NAN EGZANP KRETYEN NAN PREMYE SYÈK LA NOU PRAL SITE LA YO SOU FASON POU W FÈ FAS AK PWOBLÈM POU W KA BATIZE?

  • Moun Samari yo.

  • Sòl, moun Tas, ak Kònèy.

  • Moun Korent yo.

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

a N ap jwenn byografi frè Tsuyoshi Fujii nan Reveye n! 8 out 2005, paj 20-23 (fransè).

b Gade videyo ‘Ki sa ki anpeche w batize?’ ki sou jw.org.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon gwoup frè ak sè ki kontan akeyi moun ki fèk batize.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje