“Nou se temwen m”
“‘Nou se temwen m’, sa a se deklarasyon Jewova fè.” — IZA. 43:10, NW.
1, 2. a) Ki sa yon temwen ye, e ki jan medya yo nan monn nan montre aklè yo echwe nan sans sa a? b) Poukisa Jewova pa depann de medya yo?
KI SA yon temwen ye? Gen yon diksyonè ki defini l konsa: “Se yon moun ki te wè yon evènman e ki vin rapòte sa k pase a.” Pa egzanp, nan vil Pietermaritzburg, ann Afrik disid, gen yon jounal kounye a yo rele The Witness (Temwen an) ki gen plis pase 160 an depi y ap pibliye l. Non sa a apwopriye, paske objektif yon jounal se rapòte evènman ki pase nan monn nan kòmsadwa. Fondatè jounal sa a te bay garanti jounal la t ap di “laverite, tout laverite, e sèlman laverite”.
2 Sepandan, malerezman, medya yo nan monn nan pa rapòte bagay ki te pase nan istwa lèzòm yo jan yo te pase a, e yo konn menm tòde sans sa k pi enpòtan nan istwa sa yo. Se avèk rezon Bondye Toupisan an te sèvi ak Ezekyèl, yon pwofèt ki t ap viv nan tan lontan, pou l te di pawòl sa yo: “Nasyon yo pral konnen mwen se Jewova.” (Eze. 39:7, NW). Men, Moun ki gen dwa pou l dirije linivè a pa depann de medya sa yo. Li gen anviwon uit milyon Temwen k ap fè moun nan tout nasyon konnen l e k ap fè konnen fason l te konn aji ak lèzòm nan tan lontan ak fason l ap aji avèk yo jodi a. Lame Temwen sa yo ap fè moun konnen sa Bondye pwomèt li pral fè pou lèzòm alavni. Lè n bay travay sa a premye plas nan lavi nou, sa montre nou merite pote non Bondye ban nou an, yon non nou jwenn nan Izayi 43:10 (NW), kote Bondye di: “‘Nou se temwen m’, sa a se deklarasyon Jewova fè, ‘wi, sèvitè pa m mwen chwazi.’”
3, 4. a) Ki lè Etidyan Labib yo te vin gen yon lòt non, e ki jan yo te santi yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki kesyon nou pral egzamine kounye a?
3 Ala yon gwo privilèj nou genyen pou n pote non Jewova, paske li se “Wa letènite a”, yon Wa ki di: “Se non sa a m ap toujou genyen, e jenerasyon apre jenerasyon se nan non sa a pou yo sonje m!” (1 Tim. 1:17; Egz. 3:15, NW; konpare ak Eklezyas 2:16). An 1931, Etidyan Labib yo te adopte non Temwen Jewova a. Apre sa, yo te pibliye anpil lèt, nan jounal ki nan men nou a, kèk moun te voye pou eksprime apresyasyon yo. Men sa yon kongregasyon nan peyi kanada te ekri: “Nou kontan anpil pou n aprann bon nouvèl sa a ki fè n konnen nou se ‘Temwen Jewova’, e sa fè n pran plis detèminasyon pou n toujou montre nou diy pou n pote nouvo non sa a.”
4 Ki jan w ka montre w apresye privilèj ou genyen pou w pote non Bondye a. Anplis de sa, èske w ka esplike kontèks vèsè kote non Temwen Jewova a soti a?
TEMWEN BONDYE KI T AP VIV NAN TAN LONTAN YO
5, 6. a) Nan ki sans paran Izrayelit yo te temwen Jewova? b) Ki lòt bagay Bondye te mande paran Izrayelit yo pou yo fè, e poukisa paran kretyen yo bezwen fè menm bagay la tou jodi a?
5 Nan epòk Izayi a, se chak Izrayelit ki te “temwen” Jewova, e tout nasyon an met ansanm te “sèvitè” Bondye (Iza. 43:10, NW). Youn nan fason paran Izrayelit yo te konn bay temwayaj, se lè yo te konn anseye pitit yo fason Bondye te konn boule ak zansèt yo. Pa egzanp, men sa Bondye te di pèp Izrayèl la lè l t ap ba yo enstriksyon pou yo te selebre fèt Pak la chak ane: “Lè pitit nou yo mande nou ‘poukisa nou selebre fèt sa a’, n ap di yo ‘se sakrifis Pak la nou fè pou Jewova paske li te pase anlè tèt kay Izrayelit yo ann Ejip lè l t ap pini Ejipsyen yo, e li pa t fè moun anndan kay nou yo anyen.’” (Egz. 12:26, 27, NW). Paran sa yo te ka esplike pitit yo sa Farawon, dirijan Ejip la, te di, premye fwa Moyiz t al kote l pou l mande l pèmisyon pou Izrayelit yo te ka al adore Jewova nan dezè a. Men sa l te di: “Kilès ki [Jewova] a pou m ta swiv lòd li, pou m kite pèp Izrayèl la ale?” (Egz. 5:2). Nòmalman, yo te ka fè pitit yo konnen tou apre dis flewo yo te fin ravaje peyi a, epi, apre Jewova te fin sove Izrayelit yo anba men lame ejipsyen an nan lanmè Wouj, tout moun te ka wè aklè ki repons Jewova te bay Farawon pou kesyon Farawon te poze a. Jewova te toupisan e li toujou toupisan. Konsa, nasyon Izrayèl la te vin temwen ak je yo, Jewova se vrè Dye a e li se Sila a ki konn akonpli pwomès li fè.
6 Pa gen dout nan sa, nonsèlman Izrayelit ki te apresye privilèj yo te genyen pou yo pote non Jewova a te rapòte bèl evènman sa yo bay pitit yo, men, yo te fè etranje ki te vin ap sèvi kòm esklav lakay yo konn evènman sa yo tou. Yon lòt bagay ki enpòtan tou, sèke Bondye te bay Izrayelit yo lòd pou yo anseye pitit yo kòman pou yo suiv prensip Bondye yo ki sen. Men sa Jewova te di: “Nou dwe sen, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen sen.” (Lev. 19:2, NW; Det. 6:6, 7). Ala yon bèl egzanp paran Izrayelit yo kite pou paran kretyen yo jodi a, paske yo menm tou yo dwe anseye pitit yo chemen ki sen an yon fason pou yo ka ede yo fè louwanj pou non Bondye ki gen anpil glwa! — Li Pwovèb 1:8; Efezyen 6:4.
Lè w ede pitit ou konnen Jewova, sa fè non Jewova jwenn glwa. (Gade paragraf 5, 6.)
7. a) Lè pèp Izrayèl la te ret fidèl ak Jewova, ki efè sa te konn genyen sou nasyon ki ozalantou yo? b) Ki responsablite tout moun ki pote non Bondye yo genyen?
7 Anfèt, lè Izrayelit yo te fidèl, yo te konn bay bèl temwayaj pou non Bondye. Men sa Bondye te di yo: “Tout moun sou tè a ap wè nou se yon pèp ki pote non Jewova, e sa ap fè yo pè nou.” (Det. 28:10, NW). Sepandan, malerezman, listwa montre Izrayelit yo te plis montre yo pa fidèl. Detanzantan, yo te konn al adore zidòl moun fè ak men yo. Anplis de sa, menm jan ak dye yo te konn adore nan peyi Kanaran yo, yo te vin mechan anpil, yo te konn sakrifye pitit yo, e yo te konn toupizi moun ki pòv yo. Ala yon bèl leson sa ye, yon leson ki montre nou dwe fè gwo efò pou n vin sen yon fason pou n ka imite Moun ki pi sen an, li menm nou pote non l lan!
‘GADE! M AP FÈ BAGAY KI NOUVO POU NOU’
8. Ki misyon Jewova te bay Izayi, e ki jan Izayi te reyaji?
8 Jewova te gentan predi nasyon Izrayèl la t apral temwen yon bèl aksyon li t apral fè pou l delivre yo (Iza. 43:19). Sis premye chapit liv Izayi a pale de anpil avètisman Jewova te bay konsènan kèk malè ki t apral tonbe sou Jerizalèm ak sou vil ki te ozalantou yo. Jewova, moun ki konn li kè yon fason ki pafè a, te di Izayi pou l kontinye bay avètisman sa a menmsi pèp la ta mal reyaji devan mesaj la. Izayi te fache e li te vle konnen pou konbyen tan ankò pèp Bondye a t ap rete jan yo ye a. Ki repons Bondye te ba li? Li te di l se “lè y’a fin kraze lavil yo. Lè p’ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann”. — Li Izayi 6:8-11.
9. a) Ki lè pwofesi Izayi te bay konsènan Jerizalèm nan te reyalize? b) Ki sitiyasyon ki egziste jodi a ki mande pou n rete je klè?
9 Izayi te resevwa misyon sa a ozanviwon ane 778 anvan epòk nou an oswa pandan dènye ane rèy wa Ouziya a. Li te kontinye pwofetize pandan anviwon 46 an, jis apre ane 732 anvan epòk nou an, nan moman wa Izkiya t ap reye a. Li te fin pwofetize anviwon 125 an anvan yo te detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an. Kidonk, depi byen lontan alavans, Bondye te gentan fè pèp li a konnen sa k t apral rive nasyon an pi devan. Nan epòk nou an, Jewova ap sèvi ak pèp li a pou l bay anpil avètisman konsènan sa k gen pou rive. Depi nan premye nimewo Toudegad ki te soti sa gen 135 an an, pèp Bondye a pa janm sispann fè lektè yo sonje rèy mechan Satan an pral fini talè konsa, e se Rèy mil an Jezi Kris la ki pral ranplase l. — Rev. 20:1-3, 6.
10, 11. Ki pwofesi Izrayelit ki te Babilòn yo te temwen akonplisman l?
10 Gen anpil Juif fidèl ki te chape nan destriksyon Jerizalèm nan paske yo te soumèt yo devan Babilonyen yo e yo te mennen yo kòm prizonye nan peyi Babilòn (Jer. 27:11, 12). Apre pèp la te fin pase 70 an kòm prizonye, yo te vin temwen akonplisman bèl pwofesi sa a: “Men sa Jewova, Sovè w la, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, di: ‘Poutèt ou menm, m ap voye al kraze tout gwo bwa yo konn fèmen pòtay ki nan Babilòn yo.’” — Iza. 43:14, NW.
11 Lè lè a te resi rive pou pwofesi a akonpli, gen yon gwo evènman ki te pase yon jou swa nan kòmansman mwa oktòb ane 539 anvan epòk nou an. Pandan wa Babilòn nan ak gwo potanta yo t ap bwè diven nan yon seri koup ki sen yo te pran nan tanp Jerizalèm nan, e pandan yo t ap fè louwanj pou dye moun fè ak men yo, lame medo-pès la te anvayi Babilòn. Nan ane 538 oswa 537 anvan epòk nou an, Siris, moun ki te anvayi Babilòn nan, te bay Juif yo lòd pou yo retounen Jerizalèm, e pou yo rebati tanp Jerizalèm nan. Izayi te gentan predi tout bagay sa yo, san wete pwomès Jewova te fè kote l te di li t ap pran swen moun sa yo ki te repanti e li t ap pwoteje yo pandan yo t ap retounen Jerizalèm. Bondye te rele moun sa yo ‘pèp li fòme pou li a, pou yo ka rakonte louwanj li’. (Iza. 43:21, NW; 44:26-28.) Yon fwa Juif sa yo te sot ann egzil e yo te rebati tanp Jewova a nan Jerizalèm, yo te vin tounen temwen l paske yo te wè jan Jewova, sèl vrè Dye a, toujou kenbe pawòl li.
12, 13. a) Ki moun ki te vin fè pati nasyon Izrayèl la lè adorasyon Jewova a te retabli a? b) Ki sa yo atann nan men moun ki fè pati “lòt mouton” yo toutpandan y ap ede “Izrayèl Bondye a”, e ki esperans yo genyen?
12 Gen plizyè milye moun ki pa Izrayelit ki te vin fè pati nasyon an, e annapre, gen anpil moun lòt nasyon ki te vin tounen pwozelit (Ezra 2:58, 64, 65; Estè 8:17). Jodi a, gen “yon gwo foul moun” ki fè pati “lòt mouton” Jezi yo ki montre yo fidèl nan fason y ap ede kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la, yo menm ki se “Izrayèl Bondye a”. (Rev. 7:9, 10; Jan 10:16; Gal. 6:16.) Moun ki fè pati gwo foul la pote non Bondye bay la tou ki se Temwen Jewova.
13 Pandan Rèy mil an Kris la, moun ki fè pati gwo foul la pral gen yon kokennchenn jwa pou yo esplike moun ki pral resisite yo ki sa sa te vle di pou yon moun te yon Temwen Jewova pandan dènye jou sistèm sa a. Men, n ap kapab fè sa sèlman si n rete fidèl anvè non nou pote a depi kounye a, epi n fè tout sa n kapab pou n rete sen. Mete sou sa, kèlkeswa jan n eseye fè efò pou n viv ann amoni ak non sa a, nou dwe mande Bondye padon chak jou pou nenpòt erè nou fè. Nou bezwen rekonèt nou se pechè, e nou dwe rekonèt tou se yon kokennchenn privilèj Bondye fè n lefètke l pèmèt nou pote non l, yon non ki sen. — Li 1 Jan 1:8, 9.
SA NON BONDYE VLE DI
14. Ki sa non Jewova vle di?
14 Pou n ka vin gen plis apresyasyon pou privilèj nou genyen pou n pote non Bondye a, li bon pou n medite sou siyifikasyon non sa a. Non Bondye ki se “Jewova”, jan yo tradui l nan anpil lang, soti nan yon vèb ebre ki kapab dekri yon aksyon k ap fèt, e yo ka mete “Vin tounen” pou li lè y ap tradui l. Kidonk, yo konprann non Jewova vle di “Li fè vin tounen”. Definisyon sa a byen mache nonsèlman ak wòl Jewova jwe antanke Sila a ki kreye linivè fizik la ak tout kreyati entèlijan yo, men tou, li byen mache ak wòl Jewova jwe antanke Sila a ki reyalize objektif li. Toutpandan evènman yo ap reyalize, kèlkeswa sa nenpòt moun ki opoze ak Bondye, tankou Satan, ta ka fè yon fason pou eseye anpeche volonte Bondye fèt, Bondye ap kontinye fè volonte l e l ap kontinye reyalize objektif li.
15. Ki fason Jewova te montre yon lòt aspè nan pèsonalite l ki gen rapò ak siyifikasyon non l? (Gade kare ki gen tit: “Yon non ki gen anpil siyifikasyon” an.)
15 Lè Jewova t ap bay Moyiz misyon pou l fè pèp li a kite peyi Ejip la, Jewova te montre yon lòt aspè nan pèsonalite l lè l te sèvi ak yon vèb nan premye pèsòn pou l pale de non l. Bib la fè konnen: “Bondye di Moyiz: ‘M ap tounen sa m chwazi tounen.’ Mete sou sa, li di l: ‘Men sa w ap di Izrayelit yo: “M ap tounen voye m kote nou.”’” (Egz. 3:14, NW). Konsa, nan kèlkeswa sikonstans lan, Jewova ap vin tounen nenpòt sa k nesesè a pou l akonpli objektif li. Jewova te tounen yon Sovè pou Izrayelit yo ki te nan esklavaj anvan sa. Li te tounen yon Pwotektè ak yon Gid pou yo. Mete sou sa, Jewova te tounen Sila a ki ba yo tout sa yo te bezwen ni nan domèn materyèl ni nan domèn espirityèl.
MONTRE NOU REKONESAN
16, 17. a) Ki jan n ka montre nou rekonesan pou privilèj nou genyen pou n pote non Bondye a? b) Ki kesyon n pral egzamine nan atik ki vin apre a?
16 Jodi a, Jewova kontinye rete fidèl ak siyifikasyon non l lè l fè n jwenn tout sa n bezwen ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl. Anplis de sa, siyifikasyon non Bondye pa sèlman limite ak sa Bondye chwazi tounen. Li gen ladan l sa Bondye fè ki gen rapò ak travay Temwen l yo ap fè pou akonpli objektif li. Lè n medite sou sa, sa ap pouse n kontinye viv yon fason pou non sa a jwenn glwa. Men sa Kåre, yon frè ki gen 84 an e ki te pase 70 ane ki sot pase yo ap sèvi antanke yon Temwen zele nan peyi Nòvèj, fè konnen: “Mwen santi se yon gwo onè sa ye pou m sèvi Jewova, Wa letènite a, epi pou m fè pati pèp ki pote non l lan, yon non ki sen. Se toujou yon gwo privilèj pou m esplike verite ki nan Bib la, epi pou m wè jan je moun yo ap briye tèlman yo kontan lè yo konprann verite sa a. Pa egzanp, mwen kontan anpil pou m fè yo konnen ki travay sakrifis ranson Kris la rive fè ak fason sakrifis sa a ka fè yo jwenn lavi ki pap janm fini an nan yon monn kote lajistis ak lapè pral blayi.”
17 Se vre, nan kèk tèritwa, li vin pi difisil pou n jwenn moun ki vle aprann konnen Bondye. Sepandan, menm jan ak Kåre, èske w pa kontan anpil lè w jwenn yon moun ki dispoze koute, epi w dispoze fè moun sa a konnen non Jewova? Men, nan ki sans nou kapab Temwen Jewova, epi pou n temwen Jezi anmenmtan? Nou pral egzamine kesyon sa a nan atik ki vin apre a.