BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Èske l posib pou w “pwoche bò kote Bondye”?
    Annou pwoche bò kote Jewova
    • 3. Ki envitasyon Jewova fè nou, e ki pwomès ki mache ak envitasyon sa a?

      3 Jewova envite nou pwoche bò kote l. Li kontan aksepte nou kòm zanmi l e li vle nou vin zanmi l. Anmenmtan tou, li pwomèt nou si nou fè efò pou nou pwoche bò kote l, li menm tou l ap fè menm bagay la: l ap pwoche bò kote nou. Konsa, n ap ka vin gen yon relasyon sere sere avè l, n ap ka gen “bonjan zanmitay avèk Jewova”a. (Sòm 25:14.) “Bonjan zanmitay” bay ide de bon zanmi ki fè youn lòt konfyans e ki alèz pou yo pale ansanm.

      4. Ki lè w ka di yon moun se yon bon zanmi, e ki jan Jewova montre li se yon zanmi konsa pou moun ki pwoche bò kote l?

      4 Èske w gen yon bon zanmi ou fè konfyans e ou alèz pou w pale avè l? Yon zanmi konsa se yon moun ki gen sousi pou ou. Ou fè l konfyans paske li deja montre li se yon moun ki fidèl. Ou jwenn plis kè kontan lè w pataje sa k fè kè w kontan yo avè l. Lè w ap fè fas ak pwoblèm, ou ka santi w soulaje paske li pran tan pou l koute w avèk anpil konpasyon. Menm lè ta sanble pa gen moun ki konprann ou, li menm li konprann ou. Menm jan an tou, lè w vin pwòch ak Bondye, w ap vin gen yon bon zanmi ki apresye w, ki vrèman gen sousi pou ou e ki konprann ou toutbon (Sòm 103:14; 1 Pyè 5:7). Ou fè l konfyans pou w di l tout santiman ki nan fon kè w paske w konnen li fidèl ak moun ki rete fidèl anvè l (Sòm 18:25). Sepandan, li posib pou nou rive gen privilèj pou nou gen bonjan relasyon ak Bondye paske Bondye pèmèt sa.

  • Èske l posib pou w “pwoche bò kote Bondye”?
    Annou pwoche bò kote Jewova
    • a Yon bagay ki enteresan sèke nan Amòs 3:7, nou jwenn menm mo ebre lè yo tradui l ki bay ekspresyon “bonjan zanmitay” la. Nan vèsè sa a, yo fè konnen Souvren Seyè Jewova pap fè yon bagay san li pa “devwale sekrè” li bay sèvitè l yo. Konsa, li fè yo konnen alavans sa li gen entansyon fè.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje