BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w06 1/10 p. 28-32
  • Met espwa w nan Jewova, epi met kouraj sou ou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Met espwa w nan Jewova, epi met kouraj sou ou
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske w gen “ esperans ann abondans ” ?
  • Esperans esansyèl pou lafwa
  • “ Rejwi nan esperans lan ”
  • “ Mwen pap kite nou okenn fason ”
  • “ Met espwa w nan Jewova ”
  • “ Delivrans nou prèske rive ”
  • Ann kenbe esperans nou genyen antanke kretyen an fèm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Esperans nou genyen an pap desevwa nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ki kote nou ka jwenn bonjan espwa?
    Reveye n! — 2004
  • Annou rejwi nan esperans nou an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
w06 1/10 p. 28-32

Met espwa w nan Jewova, epi met kouraj sou ou

“ Met espwa w nan Jewova. Met kouraj sou ou e se pou kè w vin fò. Wi, met espwa w nan Jewova. ” — SÒM 27:14.

1. Ki enpòtans esperans genyen, e ki jan yo itilize mo a nan Ekriti yo ?

BONJAN esperans lan tankou yon limyè ki klere. Li pèmèt nou wè pi lwen pase eprèv ki gen kounye la a, e li pèmèt nou fè fas ak lavni avèk kouraj e avèk jwa. Se sèlman Jewova ki ka ban nou yon esperans ki sèten, e li fè sa pa mwayen Pawòl enspire li a (2 Timote 3:16). Anfèt, “ esperans ” ak “ espere ” parèt plis pase 160 fwa nan Labib, e yo fè referans nonsèlman ak tann yon bon bagay avèk enpasyans e avèk asirans, men tou ak bagay y ap tann nana. Esperans sa a plis pase yon senp dezi, ki petèt pa gen fondman oswa ki pa gen posiblite pou l akonpli.

2. Ki wòl esperans te jwe nan lavi Jezi ?

2 Lè Jezi t ap fè fas ak eprèv ansanm ak difikilte, li te wè pi lwen pase moman prezan an e li te met espwa l nan Jewova. “ Poutèt jwa ki t ap tann li, li te andire yon poto soufrans, li te meprize lawont epi li te chita adwat twòn Bondye a. ” ​(Ebre 12:2). Etandone Jezi te konsantre anpil sou pèspektiv li te genyen pou l jistifye souvrènte Jewova e pou l sangtifye non l, li pa t janm devye kite chemen obeyisans devan Bondye a, kèlkeswa pri sa te ka koute l.

3. Ki wòl esperans jwe nan lavi sèvitè Bondye yo ?

3 Wa David te atire atansyon sou rapò ki genyen ant esperans ak kouraj, lè l te di : “ Met espwa w nan Jewova. Met kouraj sou ou e se pou kè w vin fò. Wi, met espwa w nan Jewova. ” ​(Sòm 27:14). Si nou vle kè nou vin fò, nou pa dwe janm kite esperans nou vin flou, men nou dwe toujou konsève l klè nan lespri nou ak nan kè nou. Lè nou fè sa, sa ap ede nou imite Jezi nan manifeste kouraj ak zèl, pandan n ap patisipe nan travay li konfye disip li yo pou yo fè a (Matye 24:14 ; 28:19, 20). Vrèmanvre, yo mete esperans ansanm ak lafwa ak lanmou kòm yon kalite esansyèl, yon kalite dirab ki parèt tankou yon mak fabrik nan lavi sèvitè Bondye yo. — 1 Korentyen 13:13.

Èske w gen “ esperans ann abondans ” ?

4. Ki sa kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo, anpalan de “ lòt mouton yo ”, ap tann ak tout kè yo ?

4 Sèvitè Bondye yo gen yon bèl avni devan yo. Kretyen wen yo ap tann avèk enpasyans pou y al sèvi bò kote Kris nan syèl la, tandiske “ lòt mouton ” yo gen esperans pou yo “ libere anba esklavaj koripsyon e [pou yo] gen libète glorye pitit Bondye ” sou tè a (Jan 10:16 ; Women 8:19-21 ; Filipyen 3:20). “ Libète glorye ” sa a gen ladan l delivrans anba peche ak tout vye konsekans li pote. An reyalite, Jewova, li menm ki bay “ tout bèl don ak tout kado ki bon nèt ”, t ap toujou bay sèvitè fidèl li yo sa ki pi bon an. — Jak 1:17 ; Izayi 25:8.

5. Ki jan nou ka rive “ gen esperans ann abondans ” ?

5 Ki gwo wòl esperans nou genyen antanke kretyen dwe jwe nan lavi nou ? Men sa nou li nan Women 15:13 : “ Se pou Bondye ki bay esperans lan ranpli nou ak tout lajwa e ak tout lapè grasa kwayans nou dekwa pou nou ka gen esperans ann abondans avèk pisans lespri sen an. ” Wi, nou kapab konpare esperans, non pa ak yon chandèl ki nan fènwa, men ak reyon solèy k ap briye lematen, ki ranpli lavi yon moun ak lapè, ak kè kontan, ak objektif e ak kouraj. N ap note nou gen “ esperans ann abondans ” lè nou kwè nan Pawòl Bondye fè ekri a e lè nou resevwa lespri sen li. Women 15:4 di : “ Tout bagay ki te ekri nan tan lontan yo te ekri pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo. ” Kidonk, mande tèt ou : ‘ Èske mwen kenbe esperans mwen an vivan grasa yon bon etid nan Bib la, lè mwen li li chak jou ? Èske mwen priye souvan pou m resevwa lespri Bondye ? ’ — Lik 11:13.

6. Pou nou kenbe esperans nou vivan, ki sa nou pa dwe kite rive nou ?

6 Jezi, modèl nou an, te jwenn fòs nan Pawòl Bondye a. Si nou egzamine lavi li deprè, nou pap vin “ fatige [e nou pap] depafini nan nanm nou ”. (Ebre 12:3.) Li rezonab pou nou kwè si esperans Bondye ban nou an ap diminye nan panse nou ak nan kè nou, oswa si objektif nou vin santre yon lòt kote, petèt sou bagay materyèl oswa sou objektif pwofàn, fatig espirityèl ka pa pran tan pou anvayi nou, e sa ka menm fè nou pèdi fòs moral nou ak kouraj nou. Yon etadespri konsa ka menm lakòz nou “ fè nofraj konsènan lafwa ” nou (1 Timote 1:19). Sepandan, vrè esperans lan ap fòtifye fwa nou.

Esperans esansyèl pou lafwa

7. Nan ki sans esperans esansyèl pou lafwa ?

7 Labib di : “ Lafwa se tann w ap tann avèk asirans bagay ou espere, se yon demonstrasyon vizib konsènan yon seri reyalite, kwak ou pa wè yo. ” ​(Ebre 11:1). Kidonk, esperans se pa jis yon bagay ki segondè parapò ak lafwa. Li se yon eleman esansyèl pou lafwa. Ann pran egzanp Abraram. Selon pwennvi lèzòm, li menm ak madanm li Sara te depase laj pou yo fè pitit, lè Jewova te pwomèt yo l ap fè yo gen yon eritye (Jenèz 17:15-17). Ki jan Abraram te reyaji ? “ Byenke li te sanzespwa, sepandan li te gen lafwa ki baze sou esperans, li te ka vin papa anpil nasyon. ” ​(Women 4:18). Wi, esperans Bondye te bay Abraram nan te bay lafwa li yon baz solid li t ap gen yon desandans. Kòm rezilta, lafwa li te genyen te kenbe esperans li vivan e li te fòtifye esperans li. Se poutèt sa, Abraram ak Sara te menm gen kouraj pou yo kite kay yo ak fanmi yo pou y al pase rès vi yo anba tant nan yon tè etranje.

8. Ki jan andirans ak fidelite fòtifye esperans ?

8 Abraram te kenbe esperans li solid lè li te obeyi Jewova san rezèv, menm lè sa te difisil (Jenèz 22:2, 12). Menm jan an tou, grasa andirans ak obeyisans nou demontre nan sèvis Jewova, nou ka gen asirans n ap jwenn rekonpans. Dapre sa Pòl te ekri, “ andirans [...] fè yon moun vin nan yon sitiyasyon kote yo apwouve l, e sitiyasyon sa a, bò kote pa l, bay esperans, e esperans pap mennen nan desepsyon. ” ​(Women 5:4, 5). Se poutèt sa, Pòl te ekri tou : “ Nou ta renmen pou nou chak demontre menm dilijans lan yon fason pou nou ka gen yon asirans totalkapital sou esperans lan jiska lafen. ” ​(Ebre 6:11). Yon pwennvi pozitif konsa, ki baze sou yon relasyon entim avèk Jewova, ka ede nou fè fas ak kèlkeswa difikilte nou rankontre, avèk kouraj e avèk jwa.

“ Rejwi nan esperans lan ”

9. Ki sa nou ka fè regilyèman pou ede nou “ rejwi nan esperans lan ” ?

9 Esperans Bondye ban nou an pi siperyè lontan pase nenpòt bagay monn nan ta ka ofri. Sòm 37:34 di : “ Met espwa w nan Jewova epi kenbe chemen l bay la e, li va leve w pou w posede tè a. Lè y ap derasinen mechan yo, w ap wè sa. ” Wi, nou gen tout rezon pou nou “ rejwi nan esperans lan ”. (Women 12:12.) Sepandan, pou nou fè sa, nou dwe kontinye kenbe esperans nou fre nan lespri nou. Èske w reflechi regilyèman sou esperans Bondye ba w la ? Èske w wè tèt ou nan Paradi a, k ap byen mennen an bòn sante, san enkyetid, ki antoure ak moun ou renmen e k ap akonpli travay ki vrèman ba w satisfaksyon ? Èske w konn medite sou tablo Paradi yo konn prezante nan piblikasyon nou yo ? Nou ta ka konpare refleksyon konsa nou fè regilyèman ak netwaye yon fenèt ki bay sou yon bèl peyizaj. Si nou neglije netwaye vit la, sa pap pran anpil tan pou pousyè ak salte anpeche nou wè bote peyizaj la klè. Lè sa a, lòt bagay ka distrè nou. Nou pa ta dwe janm kite sa rive !

10. Poukisa lè nou panse ak rekonpans lan, sa gen bon efè sou relasyon nou ak Jewova ?

10 Natirèlman, rezon prensipal nou genyen pou nou sèvi Jewova se lanmou nou gen pou li (Mak 12:30). Sepandan, nou dwe ap tann rekonpans lan avèk enpasyans. Anfèt, Jewova atann pou nou fè sa ! Ebre 11:6 di : “ San lafwa li enposib pou nou fè li plezi kòmsadwa, paske moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li la, e li tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre. ” Poukisa Jewova vle nou konsidere li antanke Sila a ki rekonpanse moun ? Paske lè nou fè sa, nou montre nou konnen Papa nou ki nan syèl la byen. Li donan e li renmen pitit li yo. Reflechi nan ki pwen nou ta ka gen lapenn e nou ta ka dekouraje fasilman si nou pa t gen “ yon avni ansanm ak yon espwa ”. — Jeremi 29:11.

11. Ki jan esperans Bondye te bay Moyiz te ede l pran desizyon ki saj ?

11 Moyiz se yon bèl egzanp moun ki te rete konsantre sou esperans Bondye te ba li. Antanke “ pitit pitit fi Farawon ”, Moyiz te gen pouvwa, prestij ak richès Ejip a dispozisyon l. Èske li t ap kouri dèyè bagay sa yo oubyen èske li t ap sèvi Jewova ? Avèk kouraj, Moyiz te chwazi sèvi Jewova. Poukisa ? Paske li “ te kite je l fikse la sou rekonpans li t apral jwenn nan ”. (Ebre 11:24-26.) Wi, Moyiz pa t endiferan ditou anrapò ak esperans Jewova te mete devan li.

12. Poukisa esperans kretyen an tankou yon kas ?

12 Apot Pòl te konpare esperans ak yon kas. Nan yon sans figire, kas nou genyen an pwoteje kapasite mantal nou, li pèmèt nou pran desizyon ki saj, li pèmèt nou etabli bonjan priyorite e li pèmèt nou kenbe entegrite nou (1 Tesalonisyen 5:8). Èske w toujou gen kas senbolik ou a nan tèt ou ? Si w toujou genyen l, menm jan ak Moyiz ak Pòl, ou pap baze esperans ou “ nan richès ki pa sèten, men [...] nan Bondye, ki founi nou tout bagay ann abondans pou nou ka jwi yo ”. Se vre, sa mande kouraj pou yon moun vire do bay objektif egoyis pou l ka rejte tandans ki popilè yo, men sa vo lapèn ! Anfèt, pou ki rezon pou w ta aksepte yon bagay ki gen mwens valè pase “ lavi toutbon an ” ki rezève pou moun ki met espwa yo nan Jewova e ki renmen l ? — 1 Timote 6:17, 19.

“ Mwen pap kite nou okenn fason ”

13. Ki asirans Jewova bay sèvitè fidèl li yo ?

13 Piske “ doulè yo ” pa sispann ogmante nan monn nan, moun ki met espwa yo nan sistèm de choz ki la kounye a dwe gen gwo enkyetid lè y ap reflechi sou sa ki gen pou rive (Matye 24:8). Men, moun ki mete espwa yo nan Jewova pa gen krent sa a. Y ap kontinye ‘ viv an sekirite, y ap viv trankil, san yo pa pè okenn malè ’. (Pwovèb 1:33.) Etandone yo pa mete esperans yo nan sistèm ki la kounye a, yo obeyi konsèy Pòl bay la avèk jwa : “ Se pou fason n ap viv la pa gen okenn tras lanmou lajan ladan l, etan nou kontante nou ak sa nou genyen kounye a. Paske li di : ‘ Mwen pap kite nou okenn fason, ni nonplis mwen pap abandone nou okenn fason. ’ ” — Ebre 13:5.

14. Poukisa kretyen yo pa bezwen enkyete yo san nesesite konsènan bezwen materyèl yo ?

14 “ Okenn fason ! ” Ekspresyon sa a montre aklè Bondye ap pran swen nou. Jezi tou te ban nou asirans Bondye gen sousi ak lanmou pou nou, li te di : “ Kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou [bagay materyèl nou bezwen pou n viv]. Konsa, pa janm enkyete pou demen, paske demen ap gen pwòp enkyetid pa l. ” ​(Matye 6:33, 34). Jewova konnen li difisil pou nou zele pou Wayòm li an e anmenmtan pou nou akonpli tout responsablite nou genyen pou nou satisfè bezwen fizik nou. Donk, annou mete tout konfyans nou nan kapasite li e nan dezi li genyen pou l ban nou sa nou gen bezwen. — Matye 6:25-32 ; 11:28-30.

15. Ki jan kretyen yo kenbe ‘ je yo senp ’ ?

15 Lè nou kenbe ‘ je nou senp ’, nou montre nou met konfyans nou nan Jewova (Matye 6:22, 23). Yon je senp se yon je ki sensè, ki gen bon mobil e ki pa gen ni avidite, ni anbisyon egoyis. Gen yon je senp pa vle di viv nan endijans oswa neglije responsablite materyèl nou genyen. Okontrè, li vle di pou nou montre nou gen “ bonsans ” toutpandan n ap mete sèvis Jewova nan premye plas nan lavi nou. — 2 Timote 1:7.

16. Poukisa lafwa ak kouraj nesesè pou yon moun kenbe je l senp ?

16 Konsève yon je senp mande lafwa ak kouraj. Pa egzanp, si yon patwon ensiste pou w travay regilyèman nan yon lè ki rezève pou reyinyon yo, èske avèk kouraj w ap atache ak priyorite espirityèl ou yo ? Si yon moun pa fin kwè Jewova ap reyalize pwomès li fè pou l pran swen sèvitè l yo, lè sa a, Satan jis bezwen ogmante presyon l ap fè, e yon moun konsa ka sispann asiste tout reyinyon yo nèt. Wi, si nou manke lafwa, sa ka bay Satan priz sou nou, opwen se li k ap etabli priyorite pou nou e non pa Jewova. Se t ap vrèman yon trajedi ! — 2 Korentyen 13:5.

“ Met espwa w nan Jewova ”

17. Ki jan moun ki mete konfyans yo nan Jewova jwenn benediksyon depi kounye a ?

17 An plizyè okazyon, Ekriti yo montre moun ki mete espwa yo ak konfyans yo nan Jewova pa janm fayi (Pwovèb 3:5, 6 ; Jeremi 17:7). Se vre, pafwa yo ka bezwen kontante yo ak mwens bagay materyèl, men yo konsidere sa kòm yon ti sakrifis piti konpare ak benediksyon ki rezève pou yo. Konsa, yo demontre yo ‘ mete espwa yo nan Jewova ’ e yo gen konfyans finalman l ap konble tout dezi lejitim moun ki fidèl devan l yo gen nan kè yo (Sòm 37:4, 34). Se sa k fè yo vrèman ere depi kounye a. “ Atant moun ki jis yo se yon jwa, men espwa mechan yo ap peri. ” — Pwovèb 10:28.

18, 19. a) Ki asirans plen lanmou Jewova ban nou ? b) Ki jan nou mete Jewova “ adwat ” nou ?

18 Lè yon tigason ap mache men nan men ak papa l, li santi li pwoteje e li an sekirite. Se menm bagay tou pou nou etan n ap mache avèk Papa nou ki nan syèl la. Jewova te di Izrayèl : “ Pinga w pè, paske mwen avèk ou. [...] M ap ede w toutbon. [...] Paske mwen menm, Jewova Bondye w la, m ap pran men dwat ou, Sila a ki di w : ‘ Ou pa bezwen pè. Mwen menm, m ap ede w. ’ ” — Izayi 41:10, 13.

19 Se pa ti tandrès ki parèt nan egzanp sa a, pou Jewova pran men yon moun ! David te ekri : “ Mwen mete Jewova devan m toutan. Piske li adwat mwen, mwen pap kilbite. ” ​(Sòm 16:8). Ki jan nou mete Jewova “ adwat ” nou ? Nou fè sa omwen de fason. Premyèman, nou kite Pawòl li gide nou nan tout aspè nan lavi nou, e dezyèmman, nou konsantre sou pri glorye Jewova mete devan nou an. Salmis Asaf te di nan yon chante : “ Men mwen toujou avè w, ou pran men dwat mwen. Avèk konsèy ou w ap dirije m, e ansuit w ap mennen m nan laglwa. ” ​(Sòm 73:23, 24). Avèk yon asirans konsa, nou ka vrèman anvizaje lavni avèk konfyans.

“ Delivrans nou prèske rive ”

20, 21. Ki avni k ap tann moun ki met espwa yo nan Jewova ?

20 Chak jou ki pase, li vin pi ijan pou nou mete Jewova adwat nou. Talè konsa, avèk destriksyon fo relijyon an, monn Satan an pral konnen yon tribilasyon li potko janm konnen anvan sa (Matye 24:21). Laperèz pral anvayi limanite ki san lafwa. Sepandan, pandan peryòd konfizyon sa a, sèvitè Jewova yo ki gen kouraj pral rejwi nan esperans yo genyen an ! Jezi te di : “ Lè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe dwat epi leve tèt nou, paske delivrans nou prèske rive. ” — Lik 21:28.

21 Kidonk, se pou nou rejwi nan esperans Bondye ban nou an, e pinga nou kite mannigans Satan yo twonpe nou oswa tante nou. Anmenmtan, annou fè anpil efò pou nou kiltive lafwa, lanmou ak lakrentif pou Bondye. Lè nou fè sa, n ap gen kouraj pou nou obeyi Jewova nan tout sitiyasyon e pou nou kenbe tèt ak Dyab la (Jak 4:7, 8). Wi, “ se pou nou mete kouraj sou nou, e se pou kè nou fò, nou tout k ap tann Jewova ”. — Sòm 31:24.

[Nòt anba paj]

a Byenke nan Ekriti grèk kretyen yo souvan yo aplike mo “ esperans ” lan pou rekonpans selès kretyen wen yo, nan atik sa a, yo pale de esperans nan sans jeneral.

Èske nou ka reponn ?

• Ki fason esperans Jezi te genyen an te ede l jwenn kouraj ?

• Ki rapò lafwa genyen ak esperans ?

• Ki jan esperans ansanm ak lafwa ka bay yon kretyen kouraj pou l etabli priyorite nan lavi l ?

• Poukisa moun ki “ met espwa yo nan Jewova ” ka gade lavni avèk konfyans ?

[Foto nan paj 30]

Kit ou jèn kit ou granmoun, èske w wè tèt ou nan Paradi a ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje