Ann kenbe je nou senp
1. Ki sa sa vle di pou yon moun gen yon je ki senp, e poukisa se yon bagay ki enpòtan ?
1 Nan Sèmon sou montay la, Jezi te atire atansyon sou kokenn enfliyans je senbolik nou ka genyen sou fason n ap viv. Li di : “ Si je w senp, tout kò w ap klere. Men si je w mechan, tout kò w ap nan fènwa. ” (Mat. 6:22, 23). Yon je ki senp se yon je ki rete kole sou yon sèl objektif : fè volonte Bondye. Se pa yon je ki kite enkyetid anrapò ak byen materyèl distrè l (Mat. 6:19-21, 24-33). Ki sa ki ka ede n kenbe je nou senp ?
2. Ki pwennvi Pawòl Bondye a ankouraje nou genyen sou byen materyèl ?
2 Ann aprann kontante nou : Se Bib la ki mande pou yon moun pran swen moun lakay li (1 Tim. 5:8). Men, se pa yon rezon pou se toujou dèyè bagay ki pi bon ki egziste a, bagay dènye kri a, pou yon moun ap kouri (Pwo. 27:20 ; 30:8, 9). Labib ankouraje nou depreferans pou nou aprann kontante nou ak nesesite lavi a, “ manje ak rad ” (1 Tim. 6:8 ; Ebre 13:5, 6). Si nou koute konsèy sa a, n ap anmezi pou nou rete ak je nou fikse sou sa l ta dwe fikse.
3. Ki sa ki ka ede n evite mete chay sou do nou ?
3 Nou montre nou gen sajès lè nou evite fè yon pakèt dèt ki pa nesesè, lè nou evite chaje kò nou ak yon seri de byen ki mande anpil tan ak anpil swen oswa lè nou evite plen tèt nou ak objektif yo menm tou ki mande anpil tan ak anpil atansyon (1 Tim. 6:9, 10). Ki jan nou ka fè sa ? Lè nou anvizaje antreprann yon aktivite, li bon pou nou reflechi sou sa nan lapriyè e pou nou gade pou nou wè si sa pa pral anpyete sou objektif espirityèl nou. Nou bezwen pran rezolisyon pou nou kite bagay espirityèl yo nan premye plas nan lavi nou. — Fil. 1:10 ; 4:6, 7.
4. Poukisa li bon pou nou chèche mwayen pou n senplifye fason n ap viv ?
4 Ann senplifye fason n ap viv : Yon lòt bagay ankò ki ka ede nou reziste lè bagay materyèl soti pou lemante nou, se lè nou fè efò pou nou senplifye fason n ap viv. Gen yon frè ki te twouve fanmi l pa bezwen gen yon pakèt byen materyèl pou l anfòm. Men ki sa l deklare : “ Kounye a, gen anpil bagay mwen ka fè nan kongregasyon an pou m sèvi frè yo. Mwen pa gen okenn dout sou sa : depi yon sèvitè Jewova fè vrè adorasyon an pase anvan enterè pèsonèl li, Jewova beni l. ” Èske ou menm tou ou pa ta ka senplifye fason w ap viv dekwa pou w jwenn plis benediksyon ?
5. Pou nou kenbe je nou senp, poukisa li enpòtan pou nou toujou ap fè efò ?
5 Si nou vle reziste devan enfliyans Satan, devan monn materyalis li a e devan pwòp enpèfeksyon nou, nou dwe toujou ap fè efò. Olye pou n ap gade adwat agoch, ann kite je nou fikse sou volonte Bondye ak sou bèl esperans lavi etènèl ki plase devan nou an. — Pwo. 4:25 ; 2 Kor. 4:18.