BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “Fè sa ki jis” pandan n ap mache avèk Bondye
    Annou pwoche bò kote Jewova
    • 13 Si nou montre nou rekonesan pou mizèrikòd Bondye jistis nou an gen lakay li, nou pap kouri jije lòt moun sou bagay ki pa konsène nou vrèman oswa sou bagay ki pa twò enpòtan. Men avètisman Jezi te bay nan Sèmon sou montay la: “Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou.” ​(Matye 7:1). Selon Evanjil Lik la, men sa Jezi te di ankò: “Sispann kondane, e yo pa gendwa kondane nou.”a (Lik 6:37). Jezi te montre li rekonèt lèzòm enpafè gen tandans pou yo jije lòt moun. Nenpòt moun ki t ap koute l, ki te gen abitid jije lòt moun yon fason ki di, te dwe sispann jije lòt moun.

      14. Pou ki rezon nou dwe “sispann jije” lòt moun?

      14 Poukisa nou dwe “sispann jije” lòt moun? Premyèman, otorite nou genyen sou lòt moun gen limit. Disip Jak fè nou sonje “gen yon sèl moun ki fè lwa, e se li sèl ki jij”, anpalan de Jewova. Se sa k fè Jak mande kareman: “Kiyès ou ye pou w ap jije pwochen w?” (Jak 4:12; Women 14:1-4). Anplis de sa, etandone nou enpafè, li fasil pou nou jije lòt moun yon fason ki pa jis. Anpil nan atitid ak mobil nou genyen yo, tankou prejije, santiman kòmkwa yo fè nou abi, wè tèt nou sèlman, ka tòde fason nou wè lòt moun parèy nou. Nou gen lòt limit ankò. Lè nou reflechi sou limit sa yo, sa dwe anpeche nou kouri kritike erè lòt moun fè. Nou pa ka li nan kè moun, ni nou pa konnen sitiyasyon yon moun nèt. Ebyen, kiyès nan nou ki gen dwa akize yon kretyen parèy nou kòmkwa li gen move mobil oubyen pou nou ta ap kritike efò l ap fè pou l sèvi Bondye? Li ta pi bon pou nou imite Jewova lè nou chèche sa k bon lakay frè ak sè nou yo olye nou rete sou defo yo.

      15. Ki pawòl e ki konduit ki pa gen plas yo nan mitan sèvitè Bondye yo, e poukisa?

      15 E pou moun nan fanmi nou menm? Malerezman, jounen jodi a, yon moun ka wè se anndan lakay li yo jije l pi di, alòske li ta dwe santi l an pè lè l lakay li. Souvan, nou tande istwa kote mari, madanm, oswa paran ap joure youn lòt, oubyen ap goumen youn ak lòt. Men, pawòl pouri, pase moun nan rizib yon fason ki blesan ak maltrete lòt moun pa gen plas yo nan mitan sèvitè Bondye yo (Efezyen 4:29, 31; 5:33; 6:4). Lè fanmi yo lakay yo, yo dwe aplike konsèy Jezi te bay pou yo “sispann jije” e pou yo “sispann kondane” a. Pa bliye, demontre jistis gen ladan l boule ak lòt moun jan Jewova boule avèk nou. E Bondye nou an pa janm boule avè nou yon fason ki di oswa ki mechan. Okontrè li “gen anpil konpasyon” pou moun ki renmen l yo (Jak 5:11). Ala yon bon egzanp li ban nou pou nou imite!

  • “Fè sa ki jis” pandan n ap mache avèk Bondye
    Annou pwoche bò kote Jewova
    • a Gen kèk tradiksyon Labib ki mete “pa jije” e “pa kondane”. Fason yo tradui vèsè sa yo fè konprann yon moun ‘pa dwe kòmanse jije’ e li ‘pa dwe kòmanse kondane’. Sepandan, moun ki te ekri pawòl sa yo nan Bib la te itilize vèb yo nan fòm negatif e nan tan prezan (aksyon an kontinye fèt). Donk, moun ki te kontinye ap fè aksyon sa yo te dwe sispann.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje