BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • cf chap. 18 p. 182-191
  • “ Kontinye suiv mwen ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Kontinye suiv mwen ”
  • “Vin suiv mwen”
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Lavi Jezi mennen apre l fin kite tè a
  • Kòlè ak jwa Wa mesyanik la
  • Benediksyon ki vide sou sèvitè Wa a ki fidèl yo
  • Poukisa nou dwe suiv “Kris”?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • “ Chemen an e laverite a e lavi a ”
    “Vin suiv mwen”
Gade plis
“Vin suiv mwen”
cf chap. 18 p. 182-191

CHAPIT 18

“ Kontinye suiv mwen ”

1-3. a) Ki fason Jezi te kite apot li yo, e poukisa se pa t yon separasyon ki t ap lage yo nan dezespwa ? b) Poukisa nou dwe aprann ki jan de vi Jezi mennen apre l fin retounen nan syèl la ?

ONZ mesye kanpe ansanm sou yon mòn. Avèk anpil lanmou ak anpil admirasyon, y ap gade yon douzyèm moun. Li gen fòm yon imen, men anfèt, se Jezi apre l fin resisite. Yon lòt fwa ankò, li vin tounen pitit espirityèl Jewova ki pi pisan an. Jezi rasanble apot li yo pou yo rankontre l yon dènye fwa sou mòn Olivye.

2 Sandout, mòn sa a, ki fè pati yon chenn mòn kalkè ki anfas vale Kidwòn nan Jerizalèm, raple Jezi yon pakèt souvni. Se sou pant mòn sa yo vil Betani ye, kote Jezi te resisite Laza. Sa gen apèn kèk semèn, nan menm zòn sa a, Jezi te kòmanse vwayaj an triyonf li an sou do yon bourik soti Betfaje pou antre Jerizalèm. Epitou, siman se sou mòn Olivye jaden Jetsemane a te ye, kote Jezi te pase plizyè èdtan nan gwo soufrans anvan yo arete l. Kounye a, sou menm mòn sa a, Jezi ap prepare l pou l kite zanmi ak disip ki pi pwòch li yo. Avèk afeksyon, li pwononse dènye pawòl li yo. Apre sa, li kòmanse monte kite tè a ! Apot yo rete kloure sou plas, je yo fikse ap gade Mèt yo yo renmen an pandan l ap monte nan syèl la. Finalman, yon nyaj anpeche yo kontinye wè l. — Travay 1:6-12.

3 Èske nan sèn sa a ou santi gen yon melanj jwa ak chagren, èske w wè se yon separasyon ki t ap lage yo nan dezespwa ? Anfèt, se pa konsa sa te ye. Jan de zanj fè apot yo sonje sa, istwa lavi Jezi pa fini la (Travay 1:10, 11). Nan plizyè sans, ale Jezi ale nan syèl la se sèlman yon kòmansman. Pawòl Bondye a pa kite nou nan inyorans konsènan sa ki rive Jezi apre sa. Li enpòtan pou nou aprann ki jan de vi Jezi mennen apre l fin kite tè a. Poukisa ? Sonje pawòl sa yo Jezi te di Pyè : “ Kontinye suiv mwen. ” ​(Jan 21:19, 22). Nou tout, nou bezwen obeyi kòmandman sa a, pa senpleman kòm yon chwa nou fè pou yon tan, men kòm fason n ap mennen lavi nou. Pou nou ka fè sa, nou bezwen konprann sa Mèt nou an ap fè kounye a e nou bezwen konprann asiyasyon li resevwa nan syèl la.

Lavi Jezi mennen apre l fin kite tè a

4. Ki jan Bib la te revele alavans sa k t ap pase nan syèl la apre Jezi retounen la ?

4 Konsènan rive Jezi nan syèl la, bèl akèy li te resevwa, e rejwenn li te rejwenn Papa l nan lajwa, Labib pa di anyen sou sa. Sepandan, Labib te revele alavans sa k t ap pase nan syèl la yon tikras tan apre Jezi retounen la. Ou ka konprann sa, pandan plis pase 15 syèk, regilyèman pèp juif la te konn asiste yon seremoni ki sen. Yon jou chak ane, gran prèt la te konn antre nan Trèsen tanp lan ak san sakrifis jou Pwopisyasyon an pou l wouze devan lach alyans lan. Nan jou sa a, gran prèt la te prefigire Mesi a. Jezi te akonpli sans pwofetik seremoni sa a yon fwa pou tout apre l retounen nan syèl la. Li te vin nan prezans grandyoz Jewova nan syèl la, andwa ki pi sen nan linivè a, e li te prezante valè sakrifis ranson li an bay Papa l (Ebre 9:11, 12, 24). Èske Jewova te aksepte l ?

5, 6. a) Ki prèv ki montre Jewova te aksepte sakrifis ranson Kris la ? b) Kiyès ki benefisye ranson an, e kòman ?

5 N ap jwenn repons lan lè nou reflechi sou sa k te pase kèk jou apre Jezi monte nan syèl la. Yon ti gwoup ki gen anviwon 120 kretyen te reyini Jerizalèm nan yon chanmòt lè, toudenkou, yon bri tankou bri yon gwo van k ap pase rapid te plen kote yo te reyini an. Yon seri lang kòmsi se te lang dife te parèt sou tèt yo, yo te vin ranpli ak lespri sen e yo te kòmanse pale divès lang (Travay 2:1-4). Evènman sa a te siyifi nesans yon nouvo nasyon, Izrayèl espirityèl la, nouvo ‘ ras Bondye chwazi a ’, “ yon klas prèt ki wa ”, pou yo akonpli volonte Bondye sou tè a (1 Pyè 2:9). Sa klè, Jewova Dye te aksepte sakrifis ranson Kris la e li te apwouve l. Vide lespri sen te vide sou disip yo se te youn nan premye benediksyon ranson an te rann posib.

6 Depi lè sa a, ranson Kris la vin pwofitab pou disip li yo nan lemonnantye. Kit nou pami “ ti twoupo ” ki wen an ki pral reye ak Kris nan syèl la, kit nou pami “ lòt mouton ” yo ki pral viv anba dominasyon l sou tè a, nou benefisye sakrifis li a (Lik 12:32 ; Jan 10:16). Se baz esperans nou e se baz pou peche nou padone. Toutotan nou kontinye “ egzèse lafwa ” nan ranson sa a, etan n ap suiv Jezi chak jou, nou ka gen yon konsyans klè ansanm ak yon bèl esperans pou lavni. — Jan 3:16.

7. Ki otorite Jezi te resevwa apre li retounen nan syèl la, e ki jan w ka soutni L ?

7 Ki sa Jezi ap fè depi lè l retounen nan syèl la ? Li gen yon kokenn otorite (Matye 28:18). Anfèt, Jewova mete l chèf sou kongregasyon kretyen an, yon asiyasyon li akonpli avèk amou e yon fason ki jis (Kolosyen 1:13). Jan sa te predi, Jezi mete gason ki responsab pou yo veye sou bezwen twoupo l la (Efezyen 4:8). Pa egzanp, li te chwazi Pòl pou l te vin “ apot nasyon yo ”, li te voye l simaye bon nouvèl la toupatou (Women 11:13 ; 1 Timote 2:7). Nan fen premye syèk la, Jezi te bay sèt kongregasyon ki nan tèritwa Wòm te gen ann Azi yo felisitasyon, konsèy ak koreksyon (Revelasyon, chapit 2-3). Èske w rekonèt Jezi kòm Chèf kongregasyon kretyen an (Efezyen 5:23) ? Pou w ka kontinye suiv li, ou dwe ankouraje yon etadespri obeyisan, yon etadespri kowoperasyon nan kongregasyon w lan.

8, 9. Ki otorite Jezi te resevwa an 1914, e ki sa sa ta dwe siyifi pou nou anrapò ak desizyon n ap pran ?

8 Jezi te resevwa plis otorite toujou an 1914. Nan ane sa a, Jewova te tabli l Wa nan Wayòm mesyanik Li a. Lè Jezi te kòmanse reye, “ lagè eklate nan syèl la ”. Ki rezilta sa te bay ? Yo pimpe Satan ak demon l yo sou tè a, sa ki pwovoke yon epòk malè. Gè k ap vale teren, krim, gwo laperèz, maladi, tranblemanntè ak grangou ki frape limanite jounen jodi a raple nou Jezi ap domine nan syèl la kounye a menm. Satan toujou “ chèf monn sa a ” pou ‘ yon tan ki kout ’. (Revelasyon 12:7-12 ; Jan 12:31 ; Matye 24:3-7 ; Lik 21:11.) Sepandan, Jezi ap bay tout limanite posiblite pou yo aksepte dominasyon L.

9 Li esansyèl pou nou pran pozisyon bò kote Wa mesyanik la. Nan desizyon n ap pran chak jou, nou dwe chèche gen apwobasyon l, nou pa dwe chèche apwobasyon monn kòwonpi sa a. Pandan “ Wa dè wa, Seyè dè seyè ” a ap enspekte limanite, kè li ki jis ap bouyi ak kòlè e anmenmtan lajwa anvayi kè l (Revelasyon 19:16). Poukisa ?

Kòlè ak jwa Wa mesyanik la

10. Ki tanperaman natirèl Jezi, Mèt nou an, genyen, epoutan ki sa ki ranpli l ak yon kòlè ki jis ?

10 Mèt nou an, menm jan ak Papa li, se yon moun ki gen kè kontan natirèlman (1 Timote 1:11). Lè Jezi te sou tè a, li pa t gen tandans kritike, ni li pa t yon moun ki difisil pou moun kontante. Epoutan, gen anpil bagay k ap pase sou tè a jodi a ki dwe fè l ranpli ak yon kòlè ki jis. Se sèten li fache kont tout òganizasyon relijye sa yo ki pretann yo reprezante l. Men, li te predi sa : “ Se pa tout moun k ap di m : ‘ Seyè, Seyè ’, k ap antre nan wayòm syèl la, men se moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la. Anpil moun pral di m nan jou sa a : ‘ Seyè, Seyè, èske se pa t nan non w nou te [...] fè anpil zèv pisans ? ’ Epoutan m ap deklare yo lè sa a : Mwen pa t janm konnen nou ! Retire kò nou bò kote m, nou menm k ap pratike ilegalite. ” — Matye 7:21-23.

11-13. Poukisa gen moun ki ka twouve sa dwòl pou Jezi pale di ak moun k ap fè “ anpil zèv pisans ” nan non l, men anfèt, poukisa l fache ? Bay yon egzanp.

11 Anpil moun jodi a ki di yo se kretyen gendwa twouve pawòl sa yo dwòl. Poukisa pou Jezi ta pale di konsa ak moun ki fè “ anpil zèv pisans ” nan non l ? Legliz lakretyente yo finanse òganizasyon k ap fè zèv, yo ede moun ki pòv, yo konstwi lopital ak lekòl e yo fè anpil lòt travay. Pou nou konprann rezon ki fè yo merite kòlè Jezi, annou pran yon egzanp.

12 Yon papa ak yon manman bezwen fè yon vwayaj. Kòm yo pa ka ale ak timoun yo, yo anplwaye yon moun pou pran swen yo. Enstriksyon yo ba li yo senp : “ Pran swen timoun nou yo. Ba yo manje, veye pou yo pwòp, pa kite anyen mal rive yo. ” Men, lè paran yo retounen, yo sezi wè timoun yo ap mouri grangou, yo sal, yo malad e yo nan yon eta mizerab. Timoun yo la ap rele moun paran yo te anplwaye a, men li pa okipe rèl y ap fè yo. Sa k fè sa ? Li byen wo sou yon nechèl, l ap lave fenèt. Paran yo fache, yo mande yon esplikasyon. Moun nan reponn : “ Gade tout sa m fè ! Ou pa wè jan fenèt yo bèl ? Epitou, mwen te fè reparasyon nan kay la pou tout fanmi an ka pwofite ! ” Èske sa t ap kalme paran yo ? Jamè ! Yo pa t janm mande moun nan pou l fè travay sa yo, yo te sèlman vle pou l pran swen pitit yo. Piske l te refize suiv enstriksyon yo te ba li a, sa fè paran yo fache anpil.

13 Lakretyente aji menm jan ak moun paran yo te anplwaye pou l pran swen pitit yo. Jezi te kite enstriksyon pou moun k ap reprezante l yo nouri moun yo espirityèlman, lè yo anseye yo laverite ki nan Pawòl Bondye a, e lè yo ede yo rete pwòp espirityèlman (Jan 21:15-17). Epoutan, lakretyente echwe yon fason lamantab, li pa obeyi enstriksyon Jezi yo. Li kite moun yo nan grangou espirityèl, fo ansèyman lage yo nan konfizyon e yo inyore verite fondamantal Bib la (Izayi 65:13 ; Amòs 8:11). Menm tantativ li fè pou l amelyore monn nan pa ka jistifye dezobeyisans volontè l la. Anfèt, nou ka konpare monn nan ak yon kay ki kondane pou l detwi ! Pawòl Bondye a demontre aklè monn Satan an pral detwi talè konsa. — 1 Jan 2:15-17.

14. Ki travay ki fè kè Jezi kontan jodi a, e poukisa ?

14 Yon lòt bò, Jezi, ki nan syèl la, dwe kontan anpil lè l gade anba sou tè a epi l wè plizyè milyon moun k ap ranpli misyon yo genyen pou yo fè disip la, misyon li te konfye moun k ap suiv li yo anvan l te kite tè a (Matye 28:19, 20). Ala yon bèl privilèj nou genyen pou nou patisipe nan jwa Wa mesyanik la ! Annou kenbe detèminasyon nou pou nou pa janm sispann ede “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. (Matye 24:45.) Kontrèman ak klèje kretyente a, avèk obeyisans, ti gwoup frè wen sa yo ap dirije travay predikasyon an e y ap nouri timouton Kris yo fidèlman.

15, 16. a) Ki jan Jezi santi l devan mank lanmou ki sitèlman ap domine jodi a, e ki jan nou fè konn sa ? b) Nan ki sans lakretyente merite kòlè Jezi ?

15 Nou mèt sèten Wa a fache lè l wè mank lanmou k ap domine sou tè a jodi a. Nou ka raple nou ki jan Farizyen yo te kritike Jezi dèske li te fè gerizon nan jou Saba. Kè yo te tèlman di, yo te tèlman pran abitid suiv pwòp tradisyon pa yo, yo pa t ka wè pi lwen pase pwòp fason yo te entèprete Lwa Moyiz la ak lwa oral la, e entèpretasyon yo a te baze sou prejije yo te genyen. Mirak Jezi yo te pote yon pakèt byenfè pou moun yo ! Men, lajwa, soulajman ak ranfòsman lafwa ki te vin genyen pa mwayen mirak sa yo pa t gen okenn enpòtans nan je mesye sa yo. Ki santiman Jezi te genyen anvè yo ? Yon lè, li te “ pwonmennen rega l sou yo avèk endiyasyon, li vin tris anpil devan ensansiblite kè yo ”. — Mak 3:5.

16 Jodi a, Jezi wè plis bagay lontan ki fè l “ tris anpil ”. Atachman dirijan nan lakretyente yo genyen pou tradisyon ak doktrin ki depaman ak Ekriti yo avegle yo. Anplis, yo fache anpil akoz predikasyon bon nouvèl Wayòm Bondye a. Anpil kote nan monn nan, se klèje a ki dèyè pèsekisyon fewòs kont kretyen yo k ap eseye, avèk senserite, preche mesaj Jezi te preche a (Jan 16:2 ; Revelasyon 18:4, 24). Anmenmtan, byen souvan, manm klèje sa yo konn egzòte pwòp disip pa yo pou yo ale nan lagè, e pou yo touye moun, kòmsi aksyon konsa ta ka fè Jezi Kris plezi !

17. Ki jan vrè disip Jezi yo fè kè l kontan ?

17 Yon lòt bò, vrè disip Jezi yo fè efò pou yo demontre yo renmen pwochen yo. Malgre opozisyon, yo pataje bon nouvèl la ak “ tout kalite moun ”, jan Jezi te konn fè sa (1 Timote 2:4). E lanmou yo demontre youn pou lòt se yon lanmou eksepsyonèl. Se prensipal siy ki idantifye yo (Jan 13:34, 35). Kòm yo trete pwochen yo avèk amou, respè ak diyite, yo vrèman ap suiv Jezi, e sa fè kè Wa mesyanik la kontan !

18. Ki sa ki fè Mèt nou an tris anpil, epoutan ki jan nou ka fè l kontan ?

18 Annou pa bliye tou Mèt nou an tris anpil lè disip li yo sispann andire, lè yo kite lanmou yo pou Jewova rafredi e lè yo sispann aji antanke sèvitè Li (Revelasyon 2:4, 5). Sepandan, Jezi kontan wè moun ki andire jiska lafen (Matye 24:13). Donk, annou fè tout posib nou pou nou toujou kenbe kòmandman Kris la nan lespri nou, kote l te di : “ Kontinye suiv mwen. ” ​(Jan 21:19). Annou reflechi sou kèk nan benediksyon Wa mesyanik la pral vide sou sila yo ki andire jiska lafen.

Benediksyon ki vide sou sèvitè Wa a ki fidèl yo

19, 20. a) Ki benediksyon nou jwenn depi kounye a dèske nou suiv Jezi ? b) Ki jan lè nou suiv Jezi, sa ede nou pou nou satisfè bezwen nou genyen pou nou gen yon papa ?

19 Suiv Jezi se fason pou nou gen yon vi ki vrèman beni depi kounye a. Si nou aksepte Kris antanke Mèt nou, si nou suiv direksyon l e si nou kite egzanp li gide nou, n ap jwenn trezò moun nan lemonnantye ap chèche anven. N ap beni ak travay ki fè lavi nou gen anpil sans, n ap gen yon objektif nan lavi a, n ap gen yon fanmi kwayan parèy nou ki ini pa mwayen yon vrè lyen lanmou, n ap gen yon konsyans klè, e n ap gen lapè nan lespri nou. An rezime, n ap viv ak kè kontan e n ap satisfè. E n ap jwenn plis benediksyon toujou.

20 Jewova bay Jezi kòm “ Papa etènèl ” pou sila yo ki espere viv sou tè a pou toutan. Jezi se yon ranplasman pou Adan, papa imen an, ki te trayi desandan l yo yon fason ki sitèlman tris (Izayi 9:6, 7). Lè nou aksepte Jezi antanke “ Papa etènèl ” nou e nou egzèse lafwa nan li, nou vin gen yon espwa lavi etènèl ki sèten. Anplis de sa, sa fè nou vin pi pwòch Jewova Dye toujou. Jan nou te aprann sa, lè yon moun ap fè efò pou l suiv egzanp Jezi chak jou, se pi bon fason posib pou l obeyi lòd sa a Bondye bay la : “ Se pou nou vin imitatè Bondye, antanke pitit byenneme. ” — Efezyen 5:1.

21. Ki jan moun k ap suiv Kris yo reflete limyè nan yon monn fènwa ?

21 Pandan n ap imite Jezi ak Papa li, Jewova, nou gen yon privilèj estrawòdinè. Nou reflete yon limyè ki klere anpil. Nan yon monn ki blayi nan fènwa, kote Satan twonpe plizyè milya moun, e kote moun sa yo ap imite pèsonalite l, nou menm k ap suiv Kris, nou simaye reflè limyè ki pi klere a : limyè verite biblik, limyè bèl kalite kretyen, limyè bonjan jwa, vrè lapè, lanmou toutbon. Anmenmtan, nou vin pi pwòch Jewova, e se sa ki objektif ki pi enpòtan an, ki pi wo nivo posib la, pou nenpòt kreyati entèlijan.

Foto nan paj 190

22, 23. a) Ki benediksyon k ap vini alavni sou moun ki kontinye suiv Jezi fidèlman yo ? b) Ki ta dwe detèminasyon nou ?

22 Epitou, reflechi sou sa Jewova vle fè pou ou alavni pa mwayen Wa mesyanik li a. Talè konsa, Wa sa a pral fè yon gè jis kont monn mechan Satan an. Viktwa Jezi a sèten (Revelasyon 19:11-15) ! Apre sa, Kris pral kòmanse Rèy mil an l lan sou tè a. Gouvènman selès li a pral pèmèt chak moun ki fidèl benefisye byenfè ranson an e l ap fè yo vin pafè. Imajine ou menm ki ak tout sante w sou ou, ou toujou ret jèn e ou toujou djanm, w ap travay ak kè kontan ansanm ak limanite ki fòme yon fanmi ki ini, pou nou fè tè a tounen yon paradi ! Nan fen Rèy mil an sa a, Jezi ap remèt Papa l dominasyon an (1 Korentyen 15:24). Si w kontinye suiv Kris fidèlman, w ap jwenn yon benediksyon ki sitèlman estrawòdinè, ou pa menm ka imajine, anpalan de “ libète glorye pitit Bondye yo ” ! (Women 8:21.) Wi, n ap vin gen tout benediksyon Adan ak Èv te genyen e yo te pèdi a. Antanke pitit gason ak pitit fi terès Jewova, n ap libere nètale anba tach peche Adan an. Vrèmanvre, “ lanmò pap la ankò ”. — Revelasyon 21:4.

23 Raple w jèn chèf rich nou te pale de li nan chapit 1 an. Li te refize envitasyon Jezi a, lè Jezi te di l : “ Vin suiv mwen. ” ​(Mak 10:17-22). Pa janm fè erè sa a ! Nou swete pou w aksepte envitasyon Jezi a avèk jwa e ak tout kè w. Nou swete pou w detèmine pou w andire, pou w kontinye suiv Ekselan Bèje a chak jou, chak ane, e pou w viv pou w wè l finalman k ap pèmèt tout objektif Jewova yo reyalize yon fason glorye !

Ki jan w ka suiv Jezi ?

  • Ki sa k ap ede w met panse w ann amoni ak panse Kris ? — 1 Korentyen 2:13-16.

  • Ki fason ou deside suiv Jezi fidèlman plis toujou ? — 1 Pyè 2:21.

  • Ki jan w pral evite danje pou w ta kite lanmou w pou Jezi rafredi ? — Revelasyon 3:14-18.

  • Ki jan w ka montre w vrèman vle pou Kris dirije tè a nan yon avni ki pa lwen ? — Revelasyon 22:17, 20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje