BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w17 jen p. 32
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Èske w te konnen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Jezi pwòpte tanp lan
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li pirifye tanp lan ankò
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi netwaye tanp lan
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
w17 jen p. 32
Jezi k ap met machann ki t ap achte e ki t ap vann nan tanp lan deyò.

Èske w te konnen?

Èske te gen rezon pou yo rele machann ki te konn vann bèt nan tanp Jerizalèm nan “vòlè”?

SELON sa nou jwenn nan Evanjil Matye a, “Jezi antre nan tanp lan, li mete tout moun ki t ap vann nan tanp lan ak tout moun ki t ap achte ladan l yo deyò, e li chavire tab kanbis yo ak ban moun ki t ap vann pijon yo. E li di yo: ‘Men sa ki ekri: “Y ap rele kay mwen an yon kay pou moun vin lapriyè.” Men nou menm, nou fè l tounen yon gwòt ki chaje ak vòlè’”. — Mat. 21:12, 13.

Liv istwa Juif yo montre machann nan tanp lan te konn eksplwate kliyan yo lè yo te fè yo peye yon pri ki egzajere. Pa egzanp, Michna a (Karètot 1:7) fè konnen nan premye syèk epòk nou an, gen yon lè, pri yon pè pijon pou fè sakrifis te rive koute yon dena annò. Pri sa a te egal ak kantite kòb yon travayè ki pa gen eksperyans te ka touche pou 25 jou travay. Li te akseptab pou moun ki pòv yo bay pijon oswa toutrèl kòm sakrifis, men, menm pri zwazo sa yo te egzajere (Lev. 1:14; 5:7; 12:6-8). Gen yon raben ki te rele Simeyon benn Gamalyèl ki te tèlman fache pou jan moun yo t ap fè biznis, li te diminye nan kantite sakrifis ki te obligatwa yo, e sa pa t pran tan pou de pijon te vin koute yon santyèm ansyen pri a.

Ann amoni ak sa n sot wè pi wo a, Jezi te gen rezon pou l rele machann ki t ap vann nan tanp lan “vòlè” paske yo te konn eksplwate moun e yo te ava.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje