BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 61 p. 146-p. 147 par. 5
  • Li geri yon tigason ki gen demon sou li

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li geri yon tigason ki gen demon sou li
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li geri yon tigason ki gen demon sou li
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi fè yon gwo travay nan Kapènawòm
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Ki kote l jwenn pouvwa pou l fè mirak?
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi geri yon tifi epi l geri yon mesye ki soud
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 61 p. 146-p. 147 par. 5
Yon papa ki mande Jezi pou l geri pitit li ki gen demon sou li.

CHAPIT 61

Jezi geri yon tigason ki gen demon sou li

MATYE 17:14-20 MAK 9:14-29 LIK 9:37-43

  • YO TE BEZWEN GEN YON LAFWA SOLID POU YO GERI YON TIGASON KI GEN DEMON SOU LI

Pandan Jezi, Pyè, Jak ak Jan ap desann sot sou mòn nan, yo rankontre yon gwo foul moun. Gen yon bagay dwòl k ap pase. Espè nan Lalwa yo antoure disip yo, e y ap diskite avèk yo. Men, kou moun yo wè Jezi, yo sezi anpil e yo kouri al salye l. Li mande yo: “Sou ki sa n ap diskite avèk yo la a?” — Mak 9:16.

Gen yon mesye ki sot nan foul la, li met ajenou devan Jezi, li di: “Anseyan, mwen te mennen pitit gason m nan ba ou paske li gen yon movèzespri sou li ki fè l bèbè. Kèlkeswa kote l pran l, li lage l atè, bouch tigason an fè kim, li manje dan e li vin san fòs. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase l, men yo pa t kapab.” — Mak 9:17, 18.

Sanble, espè nan Lalwa yo t ap kritike disip yo poutèt yo pa reyisi geri tigason an, e petèt se nan rizib y ap pase yo. Donk, olye Jezi reponn papa tigason an ki te enkyè, li di foul la: “O! Nou se yon jenerasyon moun ki pa gen lafwa e ki kòwonpi. Pandan konbyen tan m ap oblije rete avèk nou? Pandan konbyen tan m ap oblije sipòte nou?” Se sèten, se ak espè nan lalwa yo Jezi di pawòl sa yo ki gen anpil fòs, yo menm ki t ap bay disip Jezi yo pwoblèm pandan li pa t la. Jezi vire gade papa a ki pèdi espwa, li di: “Mennen tigason an ban mwen.” — Matye 17:17.

Men, pandan tigason an ap vin jwenn Jezi, demon ki sou li a frape l atè e li fè gwo kriz pran l. Tigason an woule atè e kim sot nan bouch li. Jezi mande papa a: “Depi konbyen tan li konsa?” Papa a reponn: “Depi l toupiti. Souvan, li lage l nan dife e li lage l nan dlo tou pou l touye l.” Papa a sipliye Jezi, li di l: “Men, si w kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou. Ede nou.” — Mak 9:21, 22.

Lefètke disip Jezi yo pa reyisi fè anyen pou tigason an, papa a pa gen espwa menm ankò. Jezi sèvi ak pawòl dezespere mesye a di l la pou l ankouraje l. Li di l: “Apa w di: ‘Si w kapab’! Ebyen, tout bagay posib pou moun ki gen lafwa.” Menm kote a, papa tigason an di byen fò: “Mwen gen lafwa! Ede m gen plis lafwa toujou!” — Mak 9:23, 24.

Jezi ki geri yon tigason ki gen yon demon sou li.

Jezi wè foul la ap kouri vin jwenn li. Pandan y ap gade, li pale fèm ak demon an, li di l: “Ou menm, espri ki fè moun bèbè e ki fè moun soud, mwen ba w lòd, soti sou li e pa antre sou li ankò!” Pandan demon an ap soti sou tigason an, li fè l rele e li fè plizyè gwo kriz pran l ankò. Apre sa, tigason an ret atè a san l pa fè okenn mouvman, se sa k fè pifò moun ki te la yo di: “Li mouri!” ​(Mak 9:25, 26). Men, Jezi pran men tigason an e li fè l leve. “Menm lè a, tigason an geri.” ​(Matye 17:18). Nou ka konprann rezon ki fè moun yo sezi pou sa Jezi fè a.

Sa pa gen twò lontan, lè Jezi te voye disip li yo al preche, yo te kapab chase demon. Se poutèt sa kounye a, pandan yo antre nan yon kay, disip yo pran l apa, yo mande l: “Sa k fè nou pa t ka chase demon an?” Jezi esplike yo se paske yo manke lafwa, li di yo: “Se lapriyè sèlman ki pou fè kalite demon sa a soti.” ​(Mak 9:28, 29). Yo te bezwen gen yon lafwa ki solid e yo te bezwen priye Bondye pou yo mande l pisans pou yo te ka chase demon sa a ki gen anpil fòs.

Men sa Jezi di finalman: “Anverite m ap di nou sa: Si lafwa nou gwosè yon grenn moutad, n ap di mòn sa a: ‘Deplase sot la a al lòtbò’, e l ap deplase. E pa gen anyen k ap enposib pou nou.” ​(Matye 17:20). Lafwa gen pouvwa pou ede n akonpli anpil bagay!

Obstak ak difikilte ki bloke pwogrè yon moun ap fè nan sèvis l ap bay Jewova a ka sanble ak yon gwo mòn ki pa ka deplase. Epoutan, si nou fè efò pou lafwa nou vin pi solid, n ap ka venk obstak ak difikilte ki tankou mòn.

  • Ki sitiyasyon Jezi jwenn lè l sot sou mòn nan?

  • Poukisa disip yo pa t kapab chase demon an sou tigason an?

  • Jis nan ki pwen lafwa nou gen pouvwa?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje