-
Èske Jezi te vle pale de yon lanfè dife ?Toudegad — 2008 | 15 jen
-
-
GEN kèk moun ki kwè nan lanfè ki lonje dwèt sou pawòl Jezi te di nou jwenn nan Mak 9:48 (oswa nan vèsè 44 ak vèsè 46). Li te pale de vè ki pa mouri ak yon dife ki pa etenn. Ki jan w t ap reponn si yon moun ta poze w kesyon sou mo sa yo ?
Selon tradiksyon Bib moun ki poze nou kesyon an genyen, li kapab li swa vèsè 44 swa vèsè 46, oubyen vèsè 48, paske gen kèk vèsyon Labib ki di apeprè menm bagay nan toule twa vèsè sa yoa. Men sa Traduction du monde nouveau a di : “ Si je w fè w trebiche, voye l jete. Li pi bon pou ou pou w antre nan wayòm Bondye a avèk yon sèl je pase pou yo lage w nan jeyèn nan ak de je, kote vè yo genyen yo pa mouri e kote dife a pa etenn. ” — Mak 9:47, 48.
-
-
Èske Jezi te vle pale de yon lanfè dife ?Toudegad — 2008 | 15 jen
-
-
a Maniskri Labib ki pi fyab yo pa mete vèsè 44 ak vèsè 46 la. Biblis yo rekonèt sanble se annapre yo te ajoute yo. Men sa pwofesè Archibald T. Robertson ekri : “ Maniskri ki pi ansyen yo e ki pi egzak yo pa mete de vèsè sa yo. Yo soti nan gwoup maniskri ki soti nan lwès yo ak nan sa k soti nan peyi Siri yo (Bizans). Vèsè sa yo di menm bagay ak vèsè 48 la. Pakonsekan, nou pa mete vèsè 44 ak vèsè 46 la nan tradiksyon pa nou an paske yo pa t la vre. ”
-