BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 34 p. 82-p. 83 par. 6
  • Jezi chwazi douz apot

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi chwazi douz apot
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li chwazi apot li yo
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Premye disip Jezi yo
    Koute gran Anseyan an
  • Jezi ap anseye sou yon mòn
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jezi chwazi 12 apot li yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 34 p. 82-p. 83 par. 6
Jezi al sou yon mòn.

CHAPIT 34

Jezi chwazi douz apot

MAK 3:13-19 LIK 6:12-16

  • 12 APOT YO

Sa gen anviwon ennan edmi depi Jan ki te konn batize moun nan te fè konnen Jezi se Timouton Bondye a. Etandone Jezi te kòmanse aktivite l, gen anpil moun sensè ki vin disip li, tankou Andre, Simon Pyè, Jan, e petèt Jak (frè Jan), ansanm ak Filip ak Batèlmi (yo rele Natanayèl tou). Tank tan ap pase, plizyè lòt moun vin suiv Kris tou. — Jan 1:45-47.

Kounye a, Jezi pare pou l chwazi apot li yo. Se yo menm k ap vin konpayon ki pi pwòch li e ki pral resevwa yon fòmasyon espesyal. Men, anvan Jezi chwazi yo, li monte nan yon mòn ki petèt toupre lanmè Galile e ki pa twò lwen Kapènawòm, e li pase tout nuit lan ap priye, sandout li t ap mande Bondye sajès ak benediksyon. Nan demen, li rele disip li yo e li chwazi 12 ladan yo kòm apot.

Pi wo a nou te deja site non sis nan disip Jezi chwazi kòm apot li yo. Li te chwazi tou Matye, sila a li te envite vin suiv li pandan l te nan biwo kontribisyon an. Senk lòt disip Jezi chwazi yo se Jida (ki rele Tade tou e ki “pitit Jak”), Simon, yo rele Kananeyen an, Toma, Jak pitit Alfe a ansanm ak Jida Iskaryòt. — Matye 10:2-4; Lik 6:16.

Jezi priye anvan l chwazi douz apot li yo.

Kounye a, 12 mesye sa yo ap vwayaje ak Jezi e li konnen yo byen. Plizyè ladan yo se fanmi l. Sandout, Jak ansanm ak frè l la, Jan, se kouzen Jezi. Selon sa kèk moun panse, si Alfe se te frè Jozèf ki se papa adoptif Jezi, donk, pitit gason Alfe a, apot Jak, se ta kouzen Jezi tou.

Natirèlman, Jezi pa gen pwoblèm pou l sonje non apot li yo. Men, èske w ka sonje non yo? Bon, yon bagay ki ka ede w se si w ta rive sonje gen de disip ki rele Simon, de ki rele Jak, ak de ki rele Jida. Simon (Pyè) gen yon frè l ki rele Andre, e Jak (pitit Zebede) gen yon frè l ki rele Jan. Sa a se yon bon fason pou nou sonje non uit nan apot yo. Kat lòt yo gen ladan l, yon pèseptè (Matye), yon disip ki t ap vin gen dout pi devan (Toma), youn ki te anba yon pyebwa lè Jezi te rele l (Natanayèl), e zanmi Natanayèl la (Filip).

Onz nan apot Jezi yo se moun Galile, kote Jezi te leve a. Natanayèl se moun Kana. Filip, Pyè ak Andre se moun Betsayida, annapre Pyè ak Andre t al abite Kapènawòm. Sanble se nan vil sa a Matye t ap viv. Jak ak Jan te gen biznis lapèch e yo te abite Kapènawòm oubyen toupre l tou. Sanble Jida Iskaryòt, ki t apral trayi Jezi pi devan, se sèl apot ki moun Jide.

  • Ki gwo desizyon Jezi pran apre l fin pase tout yon nuit ap priye?

  • Ki jan apot Jezi yo rele, e ki jan w ka fè pou w sonje non yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje