BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 37 p. 94-p. 95 par. 1
  • Jezi resisite pitit gason yon vèv

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi resisite pitit gason yon vèv
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Jezi konsole yon vèv ki nan lapenn
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sila ki ka rebay lavi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Nou ka reveye nan lanmò!
    Koute gran Anseyan an
  • “Se pa vre!”
    Lè lanmò pase pran yon moun pa w...
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 37 p. 94-p. 95 par. 1
Jezi ak apot li yo rankontre kòtèj antèman pitit gason yon vèv.

CHAPIT 37

Jezi resisite pitit gason yon vèv

LIK 7:11-17

  • YON REZIRÈKSYON KI FÈT NAN VIL NAYIN

Yon tikras tan apre Jezi fin geri sèvitè ofisye women an, li kite Kapènawòm li pran wout pou l al Nayin, yon vil ki nan direksyon sidwès, e gen plis pase 30 kilomèt ki separe Nayin ak Kapènawòm. Jezi pa poukont li. Disip li yo ansanm ak yon gwo foul moun akonpaye l. Sanble li prèske aswè lè y ap pwoche limit vil Nayin. Lè yo rive la, yo rankontre yon pakèt Juif ki nan yon kòtèj antèman. Gen moun k ap sot nan vil la ak kadav yon jèn gason pou y al antere l.

Manman jèn gason an nan yon sitiyasyon ki tris anpil piske li se yon vèv e se yon sèl pitit la li te genyen. Sandout, apre lanmò mari l, li te pran kouraj paske pitit li renmen anpil la te ansanm avè l. Imajine jan li dwe te pwòch ak pitit li a, tout espwa l ansanm ak avni l te sou pitit sa a. Men kounye a pitit la mouri. Ki moun ki pral ret avè l e ki pral ede l?

Lè Jezi wè dam nan, kè l fè l mal pou jan l wè dam nan nan gwo chagren ak tristès. Se poutèt sa, Jezi pale avè l avèk tandrès, men avèk yon fèmte ki bay vèv la konfyans, epi Jezi di l: “Sispann kriye.” Sepandan, li fè plis pase sa. Li pwoche e li touche branka yo t ap pote kadav la (Lik 7:13, 14). Lè moun ki te nan lapenn yo wè fason l aji a, menm kote a yo kanpe. Yo dwe ap mande tèt yo: ‘Ki sa l vle di menm, e ki sa l pral fè?’

Jezi remèt jèn gason ki resisite a bay manman an; yon foul moun ap gade.

E moun k ap vwayaje ak Jezi ki te wè gwo mirak gerizon li te fè yo? Petèt yo potko janm wè Jezi resisite okenn moun. Byenke gen rezirèksyon ki te fèt anvan sa, èske Jezi ka fè yon mirak konsa (1 Wa 17:17-23; 2 Wa 4:32-37)? Jezi bay jennonm nan lòd sa a: “Jennonm, mwen di w: Leve!” ​(Lik 7:14). E se sa k rive vre. Jennonm nan leve e li kòmanse pale! Jezi remèt li bay manman an ki te nan lapenn men kounye a ki kontan anpil, li pa poukont li ankò.

Lè moun yo wè jennonm nan vivan toutbon, yo louwe Jewova, Sila a ki bay lavi a, yo di: “Gen yon gwo pwofèt ki parèt nan mitan nou.” Gen lòt moun k ap chèche konprann siyifikasyon bèl bagay Jezi fè a, epi yo di: “Bondye vire je l gade pèp li a.” ​(Lik 7:16). Nouvèl konsènan aksyon etonan sa a gaye byen vit nan tout peyi a e petèt nan vil Nazarèt, kote Jezi soti a, ki nan yon distans anviwon dis kilomèt parapò ak kote li fè mirak la. Nouvèl la te menm gaye nan sid Jide.

Jan ki konn batize moun nan toujou nan prizon, e li ta renmen konnen plis bagay sou sa Jezi ka reyalize. Disip Jan yo rakonte l mirak sa yo. Ki jan l reyaji?

  • Ki sa k pase pandan Jezi prèske rive nan vil Nayin?

  • Ki efè sa Jezi wè a gen sou li, e ki sa l fè?

  • Ki jan moun yo reyaji devan mirak Jezi fè a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje