BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 16
  • Ki sa Jezi te konn fè lè l te sou tè a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Jezi te konn fè lè l te sou tè a?
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • FOUYE PLIS
  • Mirak Jezi yo : Yo te fèt vre oswa se envansyon ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Ki sa nou ka aprann nan mirak Jezi te fè yo?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Kiyès Jezi ye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ki kalite moun Jezi ye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 16
Leson 16. Jezi k ap anseye yon gwoup moun ki gen gason ak fi ladan l sou yon tèt mòn.

LESON 16

Ki sa Jezi te konn fè lè l te sou tè a?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Sa k vin nan tèt anpil moun lè y ap panse ak Jezi se yon tibebe ki san defans, oubyen yon pwofèt ki gen anpil sajès, oubyen yon mesye ki prèske mouri. Men, èske nou pa ka aprann plis bagay sou Jezi lè nou egzamine fason li te viv sou tè a? Nan leson sa a, nou pral egzamine kèk nan bagay ki pi enpòtan Jezi te fè ak fason sa kapab ede w.

1. Ki travay Jezi te konn fè ki pi enpòtan?

Travay Jezi te konn fè ki te pi enpòtan se te “anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a”. (Li Lik 4:43.) Bon nouvèl li te preche a te fè konnen Bondye pral tabli yon Wayòm, oswa yon gouvènman, ki t ap rezoud tout pwoblèm lèzòma. Pandan twazan edmi, Jezi te fè tout sa l kapab pou l fè moun konnen mesaj sa a ki t ap ba yo fòs. — Matye 9:35.

2. Ki sa mirak Jezi te fè yo montre?

Bib la pale de “mirak ak mèvèy Bondye te sèvi [avèk Jezi] pou l fè”. (Travay 2:22.) Bondye te bay Jezi pouvwa pou l gen kontwòl sou tan an, pou l bay plizyè milye moun manje, pou l geri moun ki malad, e menm pou l resisite moun ki mouri (Matye 8:23-27; 14:15-21; Mak 6:56; Lik 7:11-17). Mirak Jezi te fè yo montre se Bondye ki te voye l. Mete sou sa, yo montre Jewova gen pouvwa pou l rezoud tout pwoblèm nou yo.

3. Ki sa nou ka aprann nan fason Jezi te viv la?

Jezi te toujou obeyi Jewova. (Li Jan 8:29.) Jezi te fè tout sa Papa l te mande l fè. Li te fè sa pandan tout vi l sou tè a, menm lè moun te eseye anpeche l fè sa. Li te montre li posib pou moun sèvi Bondye menm nan sitiyasyon difisil. Konsa, Jezi te kite “yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye”. — 1 Pyè 2:21.

FOUYE PLIS

Gade ki jan Jezi te fè moun konnen bon nouvèl la e gade ki jan li te fè mirak.

4. Jezi te konn pataje bon nouvèl la

Jezi te mache anpil sou wout ki plen pousyè pou l te fè kantite moun posib tande bon nouvèl la. Li Lik 8:1, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  • Èske se sèlman gwoup moun ki te konn reyini pou yo koute Jezi yo Jezi te preche?

  • Ki efò Jezi te fè pou l jwenn moun yo?

Bondye te anonse Mesi a t ap gen pou l fè moun konnen bon nouvèl la. Li Ezayi 61:1, 2, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan pwofesi sa a te reyalize sou Jezi?

  • Èske w panse jodi a moun yo bezwen tande bon nouvèl sa a?

Jezi ak kèk nan disip li yo k ap mache antre nan yon bouk.

5. Jezi te anseye yon seri verite ki itil

Nonsèlman Jezi te preche bon nouvèl Wayòm Bondye a, men tou, li te anseye yon seri verite ki itil. Gade kèk egzanp nou jwenn nan diskou li te bay sou mòn nan. Li Matye 6:14, 34 ak 7:12, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki konsèy ki itil Jezi te bay nan vèsè sa yo?

  • Èske w panse konsèy sa a toujou itil nou jodi a?

Jezi k ap bay Diskou sou mòn nan devan yon foul moun ki gen gason, fi ak timoun.

6. Jezi te konn fè mirak

Jewova te bay Jezi pouvwa pou l fè anpil mirak. Li Mak 5:25-34 pou w wè youn nan mirak sa yo oswa gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

VIDEYO: Yon fi ki malad geri (5:10)

  • Ki sa dam ki nan videyo a te kwè?

  • Ki sa w renmen nan mirak sa a?

Li Jan 5:36, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki “temwayaj” mirak Jezi yo te bay sou li, sa vle di, ki sa yo te montre sou li?

Jezi ki mete yon jenou l atè pou l pale ak yon dam ki pè apre san ki t ap koule sou li a te rete pa mwayen yon mirak.

Èske w te konnen?

Pifò bagay nou konnen sou Jezi soti nan kat liv nan Bib la yo rele Evanjil yo, sètadi Matye, Mak, Lik ak Jan. Chak moun ki te ekri Evanjil sa yo te bay yon seri enfòmasyon sou Jezi. Lè nou mete tout enfòmasyon sa yo ansanm, nou vin pi byen konprann fason Jezi te viv.

  • MATYE

    te ekri Evanjil pa l la an premye. Li mete aksan sou sa Jezi te anseye, sitou sou sa Jezi te anseye konsènan Wayòm Bondye a.

  • MAK

    te ekri Evanjil ki pi kout la. Li rakonte plizyè evènman ki enteresan anpil.

  • LIK

    montre nou ki jan lapriyè te enpòtan anpil pou Jezi, e li pale sou fason Jezi te trete fi avèk jantiyès.

  • JAN

    fè nou konnen anpil bagay sou pèsonalite Jezi, paske li pale sou plizyè konvèsasyon Jezi te genyen ak bon zanmi l yo e ak lòt moun.

GEN MOUN KI DI: “Jezi te yon bon moun tou senpleman.”

  • E ou menm, sa w panse?

SA W TE APRANN

Jezi te preche konsènan Wayòm Bondye a, li te fè mirak e li te toujou obeyi Jewova.

Revizyon

  • Ki travay Jezi te konn fè ki te pi enpòtan?

  • Ki sa mirak Jezi te konn fè yo montre?

  • Bay kèk nan verite Jezi te konn anseye yo.

Objektif

FOUYE PLIS

Sou ki sa Jezi te plis pale?

“Wayòm Bondye a — Enpòtans li gen pou Jezi” (Toudegad 1ye oktòb 2014)

Gade ki rezon ki fè nou kapab kwè Jezi te fè mirak yo toutbonvre.

“Mirak Jezi yo: Yo te fèt vre oswa se envansyon?” (Toudegad 1ye out 2004)

Jezi te dispoze fè sakrifis. Gade ki jan sa te gen efè sou yon mesye.

“Mwen t ap mennen yon vi egoyis” (Toudegad 1ye oktòb 2014)

Gade yon lis bagay enpòtan Jezi te fè ak nan lòd li te fè yo.

“Prensipal evènman nan lavi Jezi pandan l te sou tè a” (Labib — Tradiksyon monn nouvo a, Apendis A7)

a N ap jwenn plis enfòmasyon sou Wayòm Bondye a nan leson 31-33.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje