BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 10 p. 28-p. 29 par. 7
  • Fanmi Jezi vwayaje al Jerizalèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fanmi Jezi vwayaje al Jerizalèm
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Vwayaj yo fè pou y al Jerizalèm
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi ki jèn tigason
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Ti Jezi nan tanp lan
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jezi te aprann obeyisans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 10 p. 28-p. 29 par. 7
Jezi ki gen douzan ap poze anseyan Juif yo kesyon nan tanp lan.

CHAPIT 10

Fanmi Jezi vwayaje al Jerizalèm

LIK 2:40-52

  • JEZI GEN DOUZAN E L AP POZE ANSEYAN YO KESYON

  • JEZI FÈ KONNEN JEWOVA SE ‘PAPA L’

Sezon prentan an rive. Se moman pou Jozèf ak fanmi l ansanm ak zanmi yo ak lòt fanmi fè yon vwayaj yo abitye fè chak ane pou y al Jerizalèm pou yo selebre fèt Pak la, jan Lalwa te mande sa (Detewonòm 16:16). Pou yon moun vwayaje sot Nazarèt pou l desann Jerizalèm, l ap fè anviwon 120 kilomèt. Nan moman sa a, moun te okipe anpil e yo te kontan anpil tou. Kounye a, Jezi gen 12 an, e li chofe anpil pou l rive nan fèt la, e l pa ka tann pou l rive toupre tanp lan ankò.

Pou Jezi ak fanmi l, fèt Pak la pa dire yon jounen sèlman. Jou ki vin apre fèt Pak la se premye jou fèt Pen san ledven an ki dire sèt jou (Mak 14:1). Yo konsidere fèt sa a kòm yon pati nan sezon fèt Pak la. Se poutèt sa tout vwayaj la dire anviwon de semèn, sa gen ladan l tan yo pran pou yo ale a ak tan yo pase Jerizalèm pou jis yo retounen Nazarèt. Men, ane sa a, akoz yon bagay ki rive ki gen rapò ak Jezi, vwayaj la dire yon ti tan anplis. Yo vin wè sa k rive a pandan yo t ap retounen sot Jerizalèm.

VWAYAJ KI BAY KÈ KONTAN

Jezi ak fanmi l ap vwayaje al Jerizalèm.

Tout moun te konn jwenn anpil kè kontan lè y ap vwayaje al Jerizalèm nan twa fèt ki te gen nan ane a (Detewonòm 16:15). Pandan vwayaj sa yo, Jezi te ka wè plizyè kote nan peyi a, li te ka aprann jeyografi peyi a, e li te ka rankontre lòt sèvitè Bondye k ap viv nan lòt zòn. Se pa ti enteresan vwayaj sa yo te enteresan!

Pandan vwayaj la, Jozèf ak Mari panse Jezi nan mitan fanmi ak zanmi ki t ap vwayaje ansanm avèk yo pou y al nan nò a. Men, lè tout moun rete yon kote pou yo pase nuit lan, paran Jezi yo pa wè l. Konsa, y al chèche Jezi pami moun yo, men, yo pa jwenn li. Pitit gason yo a pa la ditou. Lè sa a, Jozèf ak Mari retounen Jerizalèm pou y al chèche l.

Yo pase tout yon jounen ap chèche l, men yo pa jwenn li. Se menm bagay la ki rive dezyèm jou a. Finalman, sou twazyèm jou a, yo ale nan tanp lan ki gen anpil pyès. Lè yo rive, yo wè Jezi ki chita nan mitan kèk anseyan juif. Li t ap koute yo, li t ap poze yo kesyon e yo te sezi akoz entèlijans li.

Jozèf ak Mari jwenn Jezi.

Mari mande Jezi: “Pitit mwen, poukisa w fè nou sa? Men papa w avè m ap chèche w ak kè kase.” — Lik 2:48.

Jezi montre l sezi poutèt yo pa t ka rive wè kote l te dwe ye. Men sa l mande yo: “Poukisa nou te oblije ap chèche m? Nou pa konnen se lakay Papa m pou m ye?” — Lik 2:49.

Kounye a, yo vin ansanm ankò. Jezi retounen lakay li Nazarèt ansanm ak Jozèf ak Mari, e li kontinye soumèt devan yo. Li te kontinye gen plis sajès e li te kontinye grandi fizikman. Byenke li te jèn, li te jwenn favè Bondye ak lèzòm. Wi, pandan Jezi te jèn, li kite yon bèl egzanp kòm yon moun ki pa t sèlman enterese nan bagay espirityèl, men ki te demontre respè pou paran l tou.

  • Ki vwayaj Jezi te abitye fè regilyèman ak paran l nan sezon prentan, e poukisa?

  • Lè Jezi te gen 12 an, ki sa Jozèf ak Mari te vin rann yo kont pandan yo t ap retounen sot Jerizalèm, e ki kote yo jwenn li?

  • Ki bèl egzanp Jezi kite pou jèn yo jodi a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje