BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 17 p. 44-p. 45 par. 1
  • Li anseye Nikodèm nan nuit

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li anseye Nikodèm nan nuit
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Jezi ap anseye Nikodèm
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Ki jan yon moun jwenn nouvèl nesans lan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Èske se lè yon moun fèt yon lòt fwa l ap sove?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Pran detèminasyon pou w ede moun vin disip
    Renmen moun, epi fè disip
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 17 p. 44-p. 45 par. 1
Jezi pale ak Nikodèm nan nuit.

CHAPIT 17

Li anseye Nikodèm nan nuit

JAN 2:23–3:21

  • JEZI AP PALE AK NIKODÈM

  • KI SA “FÈT YON LÒT FWA ANKÒ” VLE DI?

Pandan Jezi ap asiste fèt Pak la nan Jerizalèm nan ane 30 epòk nou an, li reyalize plizyè siy estrawòdinè oswa mirak. Kòm rezilta, anpil moun met lafwa nan li. Mirak Jezi fè yo enpresyone Nikodèm, yon Farizyen ki manm Sanedren an, pi gwo tribinal Juif yo. Etandone li vle aprann plis bagay toujou, li vizite Jezi apre l fin fè nwa. Li fè sa, petèt, paske li pa vle yo wè l pou l pa vin gen move repitasyon devan lòt lidè juif yo.

Nikodèm di: “Anseyan, nou konnen ou se yon anseyan Bondye voye, paske okenn moun pa ka fè mirak w ap fè yo si Bondye pa avè l.” Kòm repons, Jezi di Nikodèm pou yon moun antre nan Wayòm Bondye a, li bezwen “fèt yon lòt fwa ankò”. — Jan 3:2, 3.

Men, ki jan yon moun ka fèt yon lòt fwa ankò? Men sa Nikodèm mande Jezi: “Li pa ka retounen antre nan vant manman l pou l fèt yon dezyèm fwa, pa vre?” — Jan 3:4.

Se pa sa fèt yon lòt fwa ankò vle di. Men sa Jezi esplike Nikodèm: “Pou yon moun fèt yon lòt fwa ankò, fòk li batize nan dlo e fòk li resevwa lespri sen. Si se pa sa, li pa ka antre nan Wayòm Bondye a.” ​(Jan 3:5). Lè Jezi te batize nan dlo e lespri sen te desann sou li, li te “fèt yon lòt fwa ankò”. Nan moman sa a, detan Bondye nan syèl la, li di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.” ​(Matye 3:16, 17). Nan sans sa a, Bondye anonse li fè yon pitit espirityèl ki gen esperans pou l antre nan Wayòm syèl la. Annapre, nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, gen lòt moun ki batize ki resevwa lespri sen e konsa yo fèt yon lòt fwa ankò antanke pitit espirityèl Bondye. — Travay 2:1-4.

Li difisil pou Nikodèm konprann sa Jezi ap anseye l konsènan Wayòm nan. Se sa k fè, Jezi ba l plis enfòmasyon konsènan wòl espesyal li jwe antanke pitit Bondye ki sou tè a. Men sa l di l: “E menm jan Moyiz te leve sèpan an anlè nan dezè a, se konsa tou yo dwe leve Pitit lòm nan anlè, yon fason pou tout moun ki kwè nan li ka gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 3:14, 15.

Izrayelit sèpan ki gen pwazon an te mòde yo te dwe gade sèpan an kuiv la pou yo pa mouri.

Sa gen lontan depi sèpan ki gen pwazon te mòde Izrayelit yo, e pou yo pa t mouri yo te dwe gade sèpan ki fèt an kuiv la (Nonb 21:9). Se konsa tou, tout moun dwe demontre lafwa nan Pitit Bondye a pou yo ka libere anba kondanasyon lanmò a, sa k ap pèmèt yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Pou Jezi montre jan se lanmou ki pouse Jewova fè sa, Jezi di Nikodèm: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 3:16). Se konsa, sis mwa sèlman apre Jezi kòmanse preche nan Jerizalèm, li fè konnen aklè li se chemen k ap pèmèt limanite sove a.

Jezi di Nikodèm: “Bondye pa t voye Pitit li a nan monn nan pou l kondane monn nan.” Sa vle di Bondye pa t voye Jezi pou l jije moun yo nan entansyon pou l kondane yo pou yo detwi. Okontrè, jan Jezi te di sa, Bondye voye l “pou monn nan ka sove grasa li”. — Jan 3:17.

Se paske Nikodèm pè anpil ki fè li vin kot Jezi lannuit. Se poutèt sa li enteresan pou nou remake Jezi fini konvèsasyon l lan ak pawòl sa a: “Men sou ki baz jijman an ap fèt: Limyè a [Jezi se limyè sa a e sa parèt nan lavi l ak nan ansèyman l] vin nan monn nan, men lèzòm pi renmen fènwa pase limyè, paske aksyon yo pa bon. Paske, yon moun k ap pratike sa ki mal rayi limyè e li pa vin nan limyè a, dekwa pou aksyon l yo pa parèt aklè. Men, moun k ap fè sa ki byen an vin nan limyè a, dekwa pou moun ka wè aklè aksyon l yo se aksyon ki fèt ann amoni ak volonte Bondye.” — Jan 3:19-21.

Kounye a, Nikodèm ki se Farizyen e ki se anseyan Izrayèl la bezwen medite sou sa l fèk tande konsènan wòl Jezi jwe nan objektif Bondye.

  • Ki sa k fè Nikodèm al vizite Jezi, e poukisa se lannuit li fè sa?

  • Ki sa ekspresyon “fèt yon lòt fwa ankò” a vle di?

  • Nan ki sans Jezi pa vini “pou l kondane monn nan”?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje