BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 18 p. 46-p. 47 par. 6
  • Aktivite Jezi ogmante, aktivite Jan diminye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Aktivite Jezi ogmante, aktivite Jan diminye
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Aktivite Jan diminye, aktivite Jezi ogmante
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jan ta renmen konn sa Jezi di
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jan ki te konn batize moun nan: Se yon egzanp k ap ede n kenbe jwa nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Èske Jan manke lafwa?
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 18 p. 46-p. 47 par. 6
Jan ki konn batize moun nan ap pale avèk disip li yo.

CHAPIT 18

Aktivite Jezi ogmante, aktivite Jan diminye

MATYE 4:12 MAK 6:17-20 LIK 3:19, 20 JAN 3:22–4:3

  • DISIP JEZI YO BATIZE

  • YO METE JAN KI KONN BATIZE MOUN NAN NAN PRIZON

Nan prentan ane 30 epòk nou an, Jezi ak disip li yo kite Jerizalèm apre fèt Pak la. Sepandan, yo pa retounen lakay yo nan vil Galile, men yo ale nan zòn Jide, yon kote yo batize anpil moun. Sa fè ennan depi Jan te fè yon travay konsa, e jiska prezan li gen kèk disip avèk li, petèt yo nan vale Rivyè Jouden an.

Jezi li menm pa batize okenn moun, men disip li yo fè sa anba direksyon l. Nan moman sa a nan aktivite Jezi, ni Jezi ni Jan t ap anseye Juif ki repanti yo e ki te vyole Lwa Bondye a. — Travay 19:4.

Men, disip Jan yo vin jalou e y ap plenyen bay Jan pou Jezi. Men sa yo di: “[Jezi,] mesye ki te ansanm avè w [la] [...] ap batize moun e tout moun pral jwenn li.” ​(Jan 3:26). Sepandan, Jan li menm pa jalou. Li kontan pou Jezi paske Jezi jwenn siksè e li vle pou disip pa l yo kontan tou. Jan fè yo sonje: “Nou menm, nou temwen mwen te di: ‘Se pa mwen menm ki Kris la, men se voye yo te voye m devan l.’” Li pran egzanp pou l esplike sa l vle di a yon fason pou yo tout ka konprann. Men sa l di: “Moun ki gen lamarye a se lemarye. Men, lè zanmi lemarye a kanpe bò kote l e li tande l k ap pale, li kontan anpil, paske l tande vwa lemarye a. Se sa k fè kè m kontan nèt.” — Jan 3:28, 29.

Kèk mwa anvan sa, Jan, antanke zanmi Lemarye a, te kontan lè l te fè disip li yo fè konesans ak Jezi. Gen ladan yo ki suiv Jezi e ki t ap gen pou vin moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen. Jan vle pou disip ki avè l yo suiv Jezi tou. Anfèt, objektif Jan se pou l prepare chemen an pou travay Kris t ap gen pou fè a. Men sa Jan esplike: “Aktivite Kris dwe kontinye ogmante, men, aktivite pa m dwe kontinye diminye.” — Jan 3:30.

Men sa Jan, nouvo disip Jezi a, te vin ekri annapre konsènan kote Jezi soti e konsènan wòl enpòtan li jwe pou l sove limanite: “Moun ki soti anwo a anlè tèt nou tout. [...] Papa a renmen Pitit la e li remèt li tout bagay. Moun ki demontre l gen lafwa nan Pitit la ap gen lavi ki pap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la pap wè lavi, men l ap sibi kòlè Bondye.” ​(Jan 3:31, 35, 36). Sa a se yon verite enpòtan moun dwe konnen!

Jan ki konn batize moun nan ap pale avèk disip li yo.

Yon ti tan apre Jan ki konn batize moun nan fin fè konnen wòl li e li fin fè konnen aktivite l gen pou l diminye, wa Ewòd fè arete l. Ewòd pran Ewodyad, madanm Filip ki se frè Ewòd, pou madanm li. Lè Jan fè tout moun konnen Ewòd fè adiltè, Ewòd fè mete l nan prizon. Lè Jezi tande yo arete Jan, Jezi kite Jide ansanm ak disip li yo, “li deplase l al Galile”. — Matye 4:12; Mak 1:14.

  • Poukisa Jan t ap batize moun? Poukisa yo te konn batize moun anba direksyon Jezi anvan l te resisite?

  • Kòman Jan montre disip li yo pa dwe jalou pou travay Jezi ap fè a?

  • Pou ki rezon yo te mete Jan nan prizon?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje