Èske nou sonje?
Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon ki vin apre yo:
Lè òganizasyon Bondye a bay enstriksyon, ki jan frè yo, tankou siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen yo nan kongregasyon an, dwe reyaji?
Yo dwe obeyi san pèdi tan. Yo ka mande tèt yo: ‘Èske m ankouraje frè m ak sè m yo pou yo fidèl ak Jewova? Èske m suiv enstriksyon òganizasyon Bondye a ban mwen san pèdi tan?’ — w16.11, paj 11.
Ki lè vrè kretyen yo te vin prizonye nan Babilòn?
Sa te rive yon ti tan apre lanmò apot yo. Nan moman sa a, gen yon klèje ki te kòmanse parèt. Legliz ak Leta t ap ankouraje apostazi e yo te eseye toufe vwa kretyen ki te tankou ble yo. Men, pandan plizyè dizèn ane ki te vin anvan 1914 yo, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo te kòmanse jwenn libète yo. — w16.11, paj 23-25.
Poukisa travay Lefèvre d’Étaples te fè a te gen anpil enpòtans?
Pandan ane 1520 yo, Lefèvre te tradui Labib an fransè yon fason pou nenpòt moun te ka genyen l. Esplikasyon l te bay sou yon seri pasaj nan Bib la te gen enfliyans sou Maten Litè, William Tyndale, ak Jan Kalven. — wp16.6, paj 10-12.
Ki diferans ki genyen ant “moun ki fikse panse yo sou lachè” ak “moun ki fikse panse yo sou lespri”? (Wom. 8:6.)
Yon moun ki fikse panse l sou lachè ret konsantre sou dezi ki mennen nan peche, li toujou ap pale de bagay lachè e l ap fè lwanj pou yo. Yon moun ki fikse panse l sou lespri konsantre lavi l sou bagay ki gen rapò ak Bondye ansanm ak sa Bondye panse. Yon kretyen konsa kite lespri sen dirije l. Moun ki fikse panse l sou lachè ap jwenn lanmò e moun ki fikse panse l sou lespri ap jwenn lavi ak lapè. — w16.12, paj 11-14.
Ki kèk bagay nou ka fè pou n gen mwens enkyetid?
Met bagay ki pi enpòtan yo an premye, montre w rezonab, planifye yon ti tan chak jou pou w rilaks, pran plezi nan sa Jewova kreye, renmen fè blag, fè egzèsis regilyèman epi dòmi ase. — w16.12, paj 18-20.
Ki jan “Bondye te transfere [Enòk] pou l pa t wè lanmò”? (Ebre 11:5.)
Sanble Bondye te fè Enòk mouri tou dousman san Enòk pa t konnen l t ap mouri. — wp17.1, paj 12-13.
Poukisa l toujou enpòtan pou n konn limit nou?
Yon moun ki konn limit li se yon moun ki gen yon pwennvi kòrèk sou tèt li e ki byen konnen sa l ka fè ak sa l pa ka fè. Nou dwe fè atansyon sou fason konduit nou ka gen efè sou lòt moun e nou pa dwe bay tèt nou twòp enpòtans. — w17.01, paj 18.
Ki prèv ki montre Bondye te dirije kolèj santral premye syèk la menm jan l ap dirije Kolèj santral la jodi a?
Grasa èd lespri sen, yo te rive byen konprann yon seri verite ki nan Bib la. Grasa èd zanj yo, yo te dirije travay predikasyon an e yo te konte sou Pawòl Bondye a lè yo t ap bay konsèy. Se menm bagay la tou jodi a. — w17.02, paj 26-28.
Ki sa k fè n konsidere ranson an kòm yon bagay ki gen anpil valè?
Gen kat rezon ki fè sa: Moun ki bay li a, rezon ki fè l te bay li, sakrifis li te fè pou l bay li a ak bezwen ranson an rive konble. Nou ta dwe reflechi sou rezon ki fè bagay sa yo enpòtan. — wp17.2, paj 4-6.
Apre yon kretyen fin pran yon desizyon, èske l ka chanje lide?
Nou dwe kenbe pawòl nou. Men, gendelè, li bon pou n rekonsidere yon desizyon nou te pran. Apre moun Niniv yo te fin repanti, Bondye te chanje desizyon l te pran an. Pafwa, gen nouvo sitiyasyon oswa enfòmasyon ki ka mande pou n fè menm jan an. — w17.03, paj 16-17.
Ki sa k fè pawòl negatif moun di sou lòt moun se yon danje?
Li ka fè moun pèdi kontwòl yon sitiyasyon e l ka fè pwoblèm nan vin pi grav. Kit nou gen rezon, kit nou gen tò, lè n tonbe nan di pawòl ki blese moun sa pap janm amelyore sitiyasyon an. — w17.04, paj 21.