Apwobasyon kiyès w ap chèche?
“Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l.” — EBRE 6:10.
1. Ki dezi ki natirèl nou tout genyen, e ki sa sa gen ladan l?
KI JAN W santi w lè yon moun ou konnen e w respekte bliye non w oswa, sa k pi mal la, li pa menm rekonèt ou? Yon eksperyans konsa ka dekouraje w anpil. Poukisa? Se paske nou gen yon dezi ki natirèl lakay nou pou moun aksepte nou. Apwobasyon nou ta renmen jwenn nan gen plis bagay ladan l pase lè yon moun rekonèt nou. Nou vle pou moun yo konnen kèk bagay konsènan ki moun nou ye ak sa nou reyalize tou. — Nonb 11:16; Jòb 31:6.
2, 3. Ki jan dezi nou genyen pou moun apresye nou an ka vin defòme? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
2 Menm jan ak lòt dezi natirèl nou genyen, enpèfeksyon nou gen lakay nou ka fè dezi n genyen pou moun apresye n nan vin dezekilibre oswa vin defòme. Li ka fè n gen gwo anvi pou n jwenn apwobasyon ki pa apwopriye. Monn Satan an ankouraje moun chèche gen renome ak apwobasyon k ap detounen atansyon yo sou Sila a ki vrèman merite pou yo rekonèt li e pou yo adore l, anpalan de Papa nou ki nan syèl la, Jewova Dye. — Rev. 4:11.
3 Nan epòk Jezi a, gen kèk chèf relijye ki te gen yon move pwennvi sou kesyon apwobasyon an. Men ki avètisman Jezi te bay disip li yo: “Veye kò nou ak espè nan Lalwa yo ki renmen mache ak wòb long sou yo, ki renmen pou moun salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan [“pi bon plas”, nòt] nan sinagòg yo ak pi bèl plas nan gwo resepsyon yo.” Men sa l te ajoute: “Moun sa yo ap resevwa yon kondanasyon ki pi rèd.” (Lik 20:46, 47). Yon lòt bò, Jezi te felisite yon vèv malerèz ki te bay yon ti ofrann petèt lòt moun pa t menm remake (Lik 21:1-4). Li klè, pwennvi Jezi te genyen sou kesyon apwobasyon an pa t menm ditou ak pwennvi lòt moun yo te genyen. Atik sa a pral ede n kontinye gen yon pwennvi ki kòrèk, pwennvi Jewova Dye aksepte a.
APWOBASYON KI GEN PLIS VALÈ A
4. Ki apwobasyon ki gen plis valè, e poukisa?
4 Bon, ki apwobasyon ki gen plis valè nou ka fè tout sa n kapab pou n jwenn? Se pa kalite atansyon moun ap chèche jwenn nan lekòl, nan biznis ak nan distraksyon ki gen nan monn sa a. Olye de sa, se kalite apwobasyon Pòl te dekri nan pawòl ki vin annapre yo: “Kòm kounye a nou vin aprann konnen Bondye, oubyen pito, kòm kounye a Bondye vin konnen nou, kòman nou fè retounen nan bagay timoun piti sa yo ankò, bagay ki pa itil e ki san valè, e kòman nou fè vle rekòmanse travay pou yo kòm esklav?” (Gal. 4:9). Ala yon bèl privilèj sa ye pou “Bondye vin konnen nou”, li menm ki se pi gran Dirijan nan linivè a! Li vle gen yon relasyon sere avè n. Jan yon biblis fè konn sa, nou “vin moun li bay yon apwobasyon espesyal”. Lè Jewova aksepte n kòm zanmi l, nou rive atenn objektif prensipal ki fè n egziste a. — Ekl. 12:13, 14.
5. Ki jan n ka mete n nan pozisyon pou Bondye vin konnen nou?
5 Moyiz te jwenn yon benediksyon konsa. Lè l te sipliye Jewova pou l pèmèt li vin konn chemen L yo plis toujou, men repons Jewova te ba l: “M ap fè sa w mande m nan paske w jwenn favè nan je m e mwen konnen w byen.” (Egz. 33:12-17). Nou menm tou nou ka jwenn bonjan benediksyon lè Jewova vin konnen nou pèsonèlman. Men, ki jan n ka mete n nan pozisyon pou Jewova konnen nou? Nou fè sa lè n vin renmen l e lè n vwe lavi n ba li. — Li 1 Korentyen 8:3.
6, 7. Ki sa k ka fè n pèdi relasyon nou gen ak Jewova a?
6 Sepandan, nou bezwen kontinye kenbe relasyon ki gen anpil valè nou gen ak Papa nou ki nan syèl la. Menm jan ak kretyen nan vil Galat Pòl te ekri yo, nou bezwen evite vin esklav bagay nan monn sa a “ki pa itil e ki san valè”, e n pa dwe ap chèche jwenn lwanj nan monn nan (Gal. 4:9). Kretyen sa yo ki t ap viv nan premye syèk la te fè pwogrè jiskaske Bondye vin konnen yo. Sepandan, Pòl te di menm frè sa yo te “retounen [...] ankò” nan bagay ki san valè. Anfèt, se kòmsi Pòl te di: “Apre n fin rive lwen konsa, poukisa n retounen nan bagay ki pa gen sans e ki san valè nou te kite dèyè yo?”
7 Èske n ka twouve n nan yon sitiyasyon konsa jodi a? Wi, nou kapab. Lè n te fèk vin konnen Jewova, menm jan ak Pòl, petèt nou te sispann chèche renome nan monn Satan an. (Li Filipyen 3:7, 8.) Petèt nou te refize opòtinite n te jwenn pou n fè gwo etid, oswa petèt nou te refize kèk pwomosyon oubyen kèk posiblite n te jwenn pou n fè plis lajan nan fè biznis nan monn nan. Talan nou gen nan domèn mizik oswa kapasite n genyen nan domèn spò te ka fè n vin gen renome ak richès, men nou te vire do bay tout bagay sa yo (Ebre 11:24-27). Li pa t ap saj ditou kounye a pou n ta konsidere bon desizyon sa yo kòm ‘opòtinite nou rate’! Yon refleksyon konsa ka pouse n chèche genyen yon seri bagay nan monn sa a nou te deja konsidere kòm bagay “ki pa itil e ki san valè”a.
CHÈCHE GEN PLIS DETÈMINASYON
8. Ki sa k ap fè n gen plis detèminasyon pou n chèche jwenn apwobasyon Jewova?
8 Ki jan n ka chèche gen plis detèminasyon pou n jwenn apwobasyon Jewova olye n chèche jwenn apwobasyon monn nan? Pou n fè sa, nou bezwen sonje de bagay enpòtan. Premyèman, Jewova toujou bay moun k ap sèvi l fidèlman yo apwobasyon l. (Li Ebre 6:10; 11:6.) Li apresye chak sèvitè l yo anpil, e l wè sa “enjis” pou l ta bliye moun ki fidèl anvè l yo. Jewova toujou “konnen moun ki pou li yo”. (2 Tim. 2:19.) Li “konnen chemen moun ki jis yo” e l konn ki jan pou l delivre yo anba eprèv. — Sòm 1:6; 2 Pyè 2:9.
9. Bay kèk egzanp sou fason Jewova montre l apwouve pèp li a.
9 Pafwa, Jewova montre l apwouve pèp li a yon fason ki estrawòdinè (2 Kwo. 20:20, 29). Pa egzanp, konsidere fason Jewova te sove pèp li a nan Lanmè Wouj lè gwo lame Farawon an t ap pousuiv yo (Egz. 14:21-30; Sòm 106:9-11). Evènman sa a te tèlman estrawòdinè moun ki t ap viv nan zòn sa a te kontinye pale de li pandan anviwon 40 an annapre (Joz. 2:9-11). Se pa ti ankouraje sa ankouraje n lè n sonje fason sa yo Jewova montre lanmou ak pisans li genyen toutpandan nou pral fè fas ak atak Gòg ki sot nan peyi Magòg la, yon atak yo te anonse depi byen lontan (Eze. 38:8-12)! Nan moman sa a, n ap vrèman kontan dèske n te chèche jwenn apwobasyon Bondye nou an olye n te chèche jwenn apwobasyon monn nan!
10. Ki aspè nan apwobasyon Jewova nou dwe sonje?
10 Epitou, nou bezwen sonje yon dezyèm bagay ki enpòtan: Nou ka jwenn apwobasyon Jewova yon seri fason nou ka pa t janm atann. Bib la fè konnen moun k ap fè bon aksyon jis pou fè moun wè yo pap jwenn okenn rekonpans nan men Jewova. Poukisa? Se paske yo deja jwenn tout rekonpans yo lè lòt moun fè lwanj pou yo. (Li Matye 6:1-5.) Sepandan, Jezi te di Papa l “ki wè sa k fèt an sekrè” wè ki moun ki pa jwenn lwanj pou bon bagay yo fè pou lòt moun. Li wè aksyon sa yo e l rekonpanse chak moun selon sa yo fè. Men, pafwa, Jewova rekonpanse n yon seri fason nou pa t atann. Ann pran kèk egzanp.
YON JÈN DAM KI TE GEN IMILITE TE RESEVWA YON APWOBASYON LI PA T ATANN
11. Ki jan Jewova te montre l apwouve yon jèn dam ki rele Mari?
11 Lè moman an te rive pou Pitit Gason Bondye a fèt antanke moun, Jewova te chwazi Mari, yon jèn fi ki te vyèj e ki te gen imilite, pou l vin manman timoun sa a ki te espesyal. Mari t ap viv Nazarèt, yon vil yo pa t bay enpòtans, ki te lwen Jerizalèm ak bèl tanp li an. (Li Lik 1:26-33.) Poukisa se Mari Jewova te chwazi bay privilèj sa a? Zanj Gabriyèl te di l “Bondye fè [l] favè”. Mari te montre jan l se yon moun ki kite lespri Bondye gide l lè l t al pale annapre ak Elizabèt ki te fanmi l (Lik 1:46-55). Wi, Jewova te wè Mari, e l te ba l privilèj sa a li pa t atann paske l te yon moun ki fidèl.
12, 13. Ki fason Jewova te montre l apwouve Jezi nan moman l te fèt la ak lè yo te mennen l nan tanp lan 40 jou annapre?
12 Lè Mari te vin fè Jezi, Jewova pa t fè okenn nan ofisyèl oswa dirijan nan Jerizalèm ak Betleyèm yo onè pou yo konnen sa k te rive a. Gen kèk zanj ki te parèt devan yon seri bèje ki gen imilite ki t ap pran swen mouton yo nan savann andeyò Betleyèm (Lik 2:8-14). Annapre, bèje yo t al vizite tibebe a ki te fèk fèt (Lik 2:15-17). Se pa ti sezi Mari ak Jozèf dwe te sezi lè yo te wè se fason sa a yo te onore Jezi! Ann wè diferans ki genyen ant fason Jewova fè bagay yo ak fason Dyab la fè yo. Lè Satan te voye astwològ yo al vizite Jezi ak paran l, se tout Jerizalèm ki te vin boulvèse lè yo te aprann Jezi fèt (Mat. 2:3). Lefètke tout moun te vin okouran Jezi fèt, sa te lakòz lanmò yon pakèt timoun inosan. — Mat. 2:16.
13 Karant jou apre Jezi fin fèt, Mari te dwe pot yon ofrann pou Jewova nan tanp lan nan Jerizalèm ki te nan yon distans anviwon nèf kilomèt parapò ak Betleyèm (Lik 2:22-24). Toutpandan Mari t ap fè vwayaj sa a ak Jozèf ansanm ak Jezi, li te ka ap mande tèt li si prèt ki t ap fè sèvis li nan moman sa a t apral di kèk bagay espesyal anrapò ak wòl Jezi pral jwe alavni. Jezi te jwenn onè, men, se pa fason Mari t ap atann nan. Olye de sa, se yon mesye “ki jis, ki te gen lakrentif pou Bondye” ki rele Simeyon, ansanm ak Àn, yon dam ki te pwofèt, ki te vèv e ki te gen 84 an, Jewova te fè konprann se tipitit sa a ki t ap vin Mesi oswa Kris Li te pwomèt la. — Lik 2:25-38.
14. Ki benediksyon Mari te jwenn nan men Jewova?
14 E Mari menm? Èske Jewova te kontinye apwouve l poutèt li te byen pran swen Pitit Gason l lan e l te byen leve l? Wi, li te fè sa. Bondye te fè yo ekri sa l te fè ak pawòl li te di yo nan Bib la. Sanble Mari pa t kapab vwayaje ak Jezi pandan twazan edmi Jezi te fè ap preche a. Petèt antanke vèv, Mari te oblije ret Nazarèt. Sepandan, menm lè l te rate anpil privilèj, li te gen posiblite pou l te la ansanm ak Jezi nan moman Jezi te mouri a (Jan 19:26). Men, annapre, Mari te ansanm ak disip yo nan Jerizalèm pandan jou ki te mennen nan fèt Pannkòt la lè Bondye te vide lespri sen l sou yo (Tra. 1:13, 14). Li pwobab pou Bondye te chwazi l pa mwayen lespri sen l menm jan ak lòt moun ki te la yo. Si se wi, sa t ap vle di l gen privilèj pou l al viv nan syèl la ak Jezi pou tout letènite. Se pa ti bèl privilèj li te genyen poutèt li te fidèl nan sèvis li!
JEWOVA TE APWOUVE PITIT GASON L LAN
15. Ki jan Jewova te montre l apwouve Pitit Gason l lan pandan l te sou tè a?
15 Jezi pa t chèche jwenn onè nan men chèf relijye yo ak lidè politik nan epòk li a. Men, se pa ti ankouraje l dwe te santi l ankouraje lè Jewova te montre l apwouve l nan twa okazyon lè l t ap pale avè l detan l nan syèl la. Men sa Jewova te di yon ti tan apre Jezi te fin batize nan Rivyè Jouden an: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.” (Mat. 3:17). Nòmalman, Jan ki te konn batize moun nan se sèl lòt moun ki te tande pawòl sa yo. Epi, anviwon ennan anvan lanmò Jezi, gen twa nan apot li yo ki te tande Jewova di pawòl ki vin annapre yo konsènan Jezi: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. Koute l.” (Mat. 17:5). Finalman, kèk jou anvan lanmò Jezi, yon lòt fwa ankò, Jewova te pale ak Pitit Gason l lan detan l nan syèl la. — Jan 12:28.
Ki sa w aprann nan fason Jewova te montre l apwouve Pitit Gason l lan? (Gade paragraf 15-17.)
16, 17. Ki jan Jewova te onore Jezi yon fason li pa t atann?
16 Aktout Jezi te konnen l t apral mouri nan lawont e yo t apral lage fo akizasyon sou do l kòmkwa l se yon moun ki konn blasfeme, li te priye pou se volonte Jewova ki fèt olye se volonte pa l (Mat. 26:39, 42). Li te “andire anba lanmò sou yon poto soufrans, li [te] meprize lawont”, li pa t chèche jwenn apwobasyon monn sa a, men, se apwobasyon Papa l sèlman li te chèche (Ebre 12:2). Ki fason Jewova te montre l apwouve l?
17 Pandan Jezi te sou tè a, li te montre anvi l genyen pou l retounen jwenn glwa li te genyen yon lè bò kote Papa l nan syèl la (Jan 17:5). Pa gen anyen ki montre Jezi te espere jwenn plis pase sa. Li pa t atann pou l jwenn yon swadizan pwomosyon nan syèl la. Men, ki sa Jewova te fè? Li te onore Jezi yon fason li pa t atann lè l te resisite l epi l leve l met nan “yon pozisyon ki wo”, e l te ba l yon bagay okenn lòt moun potko resevwa nan moman sa a, anpalan de lavi imòtèl antanke yon esprib (Flp. 2:9; 1 Tim. 6:16)! Ala yon bèl fason Jewova te montre l apwouve Jezi pou fidelite l!
18. Ki sa k ap ede n evite chèche apwobasyon monn sa a?
18 Ki sa k ap ede n evite chèche apwobasyon monn sa a? Pa janm bliye Jewova toujou apwouve sèvitè fidèl li yo e byen souvan, li fè sa fason yo pa t atann. Kiyès ki konnen ki benediksyon nou pral jwenn alavni san nou pa menm atann sa? Men, pou kounye a, toutpandan n ap andire anba eprèv ak difikilte nan monn mechan sa a, ann toujou sonje se pase monn sa a ap pase, e kèlkeswa apwobasyon l ka ofri a ap pase tou (1 Jan 2:17). Jewova, Papa nou an ki renmen nou, “pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l”. (Ebre 6:10.) Wi, l ap fè n favè, petèt yon fason nou pa ka menm imajine kounye a!
a Nan kèk lòt tradiksyon Labib, pou yo tradui ekspresyon “san valè” a, yo met “fayit”, “pòv” ak “mizerab”.
b Petèt sa te yon benediksyon li pa t atann etandone yo pa pale konsènan imòtalite nan Liv ki te ekri ann ebre yo.