BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/12 p. 1
  • Ki rezon ou genyen ‘pou w rejwi’?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki rezon ou genyen ‘pou w rejwi’?
  • Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Ann aprann nan parabòl talan yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Chèche jwenn kè kontan nan sa w kapab fè pou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Viv yon fason pou w bay Jewova louwanj!
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Li sèvi ak egzanp talan yo pou li anseye yo pou yo travay di
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2012
km 7/12 p. 1

Ki rezon ou genyen ‘pou w rejwi’?

1. Ki rezon nou genyen pou nou rejwi nan fen chak mwa?

1 Lè fen chak mwa rive epi yo mande tout moun pou yo remèt rapò sèvis yo, ki rezon ou menm ou genyen ‘pou w rejwi’? (Gal. 6:4.) Kit nou se pyonye espesyal k ap bay 130 èdtan nan travay predikasyon an kit nou se pwoklamatè yo apwouve pou nou remèt rapò nou pa tranch 15 minit, nou tout gen rezon pou nou rejwi nan sèvis n ap bay Jewova ak tout kè nou. — Sòm 100:2.

2. Poukisa nou dwe fè tout sa nou kapab nan sèvis n ap bay Jewova?

2 Antanke Souvren Seyè linivè a, Jewova merite pou nou ba li sa nou genyen ki pi bon an (Mal. 1:6). Piske nou renmen Jewova, nou vwe lavi nou ba li pou nou fè volonte l. Kidonk, nan fen jounen an oubyen nan fen mwa a, si nou konnen nou te bay “premye fwi” nan tan nou, nan talan nou ak nan fòs nou nan sèvis n ap bay Jewova, lè sa a nou chak ap gen rezon pou nou rejwi (Pwo. 3:9). Men, si konsyans nou ap repwoche nou, lè sa a nou dwe reflechi sou sa nou ka fè pou nou amelyore sitiyasyon an. — Wom. 2:15.

3. Poukisa li pa saj pou nou konpare tèt nou ak lòt moun?

3 ‘Pa fè konparezon ak lòt moun’: Li pa saj pou nou konpare tèt nou ak lòt moun oubyen pou nou konpare sa nou fè kounye a ak sa nou te konn fè lè nou te gen plis fòs. Sitiyasyon moun chanje. Kapasite tout moun pa menm. Lè nou konpare tèt nou ak lòt moun, byen souvan sa mennen nan konpetisyon oubyen sa fè nou santi nou pa gen valè (Gal. 5:26; 6:4). Jezi pa t konn konpare moun ak lòt moun. Okontrè, li te felisite chak moun selon sa yo te anmezi pou yo fè. — Mak 14:6-9.

4. Bay kèk leson enpòtan nou ka aprann nan parabòl Jezi te bay sou talan yo.

4 Nan parabòl Jezi te bay sou talan yo, chak travayè te resevwa yon kantite talan “selon kapasite” li genyen (Mat. 25:15). Lè mèt la retounen, li te mande chak travayè pou yo bay yon rapò sou travay yo te fè, moun ki te travay avèk dilijans selon kapasite yo e selon sitiyasyon yo te jwenn felisitasyon nan men mèt la e yo te vin rejwi ak mèt yo (Mat. 25:21, 23). Menm jan an tou, toutpandan nou rete okipe nan travay preche moun yo mesaj Wayòm nan, nou ka gen konfyans nou gen apwobasyon Bondye e sa fè nou gen rezon pou nou rejwi!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje