Ou ka vin gen sajès
“Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo.” (2 Timote 3:16). Nan vèsè sa a, mo “enspire” a vle di Bondye Toupisan an te mete panse l yo nan panse moun yo ki te ekri Bib la.
Bondye vle w jwenn byenfè nan sajès li
“Mwen menm, Jewova [...] k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a. Si w te annik suiv kòmandman m yo! Ebyen, lapè ou t ap genyen an t ap anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche, e aksyon ki dwat ou t ap fè yo t ap anpil tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman.” — EZAYI 48:17, 18.
Ou ka konsidere pawòl sa yo tankou yon envitasyon Bondye fè w pèsonèlman. Li vle pou lespri w anpè e pou w gen kè kontan pou toutan, e li ka ede w jwenn bagay sa yo.
Ou ka jwenn sajès Bondye a
“Fòk yo preche bon nouvèl la [...] nan tout nasyon.” — MAK 13:10.
“Bon nouvèl” la gen ladan l pwomès Bondye fè pou l fini ak soufrans, pou l fè tè a vin yon paradi e fè moun nou renmen ki mouri yo retounen viv ankò. Temwen Jewova yo ap preche mesaj sa a ki baze sou Bib la nan lemonnantye.