BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp24 no 1 p. 14-15
  • Byen ak mal: Yon desizyon w dwe pran

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byen ak mal: Yon desizyon w dwe pran
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
  • Sou menm sijè a
  • Èske prensip Bib la bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal enpòtan jodi a?
    Kèk lòt sijè
  • Sèvitè Jewova yo renmen sa ki jis
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Byen ak mal: Labib — Yon gid nou ka fè konfyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
  • Annou soutni prensip moral Jewova yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
wp24 no 1 p. 14-15
Jèn gason nou te wè nan atik anvan yo ki byen kontan pandan l ap gade a distans apre l fin rive sou tèt mòn nan.

Byen ak mal: Yon desizyon w dwe pran

Prensip moral nou chwazi respekte yo ap gen gwo efè sou fason lavi n ap ye. Jewova Dye konnen sa. Se sa k fè, li vle nou viv ann amoni ak prensip li yo.

Jewova vle nou viv nan lapè ak kè kontan.

“Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a. Si w te annik suiv kòmandman m yo! Ebyen, lapè ou t ap genyen an t ap anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche, e aksyon ki dwat ou t ap fè yo t ap anpil tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman.” — Ezayi 48:​17, 18.

Antanke Kreyatè nou, Bondye konnen pi bon fason pou nou viv. Li envite nou suiv prensip li yo paske se pou byen nou. Lè nou suiv kòmandman Bondye yo, nou pap bezwen mande tèt nou ki rezilta desizyon nou pran yo ap genyen. N ap toujou pran bon desizyon, desizyon k ap fè nou gen lapè ak kè kontan.

Jewova pa mande nou fè anyen nou pa ka fè.

“Kòmandman m ap ban nou jodi a, pa twò difisil pou nou konprann, ni l pa twò difisil pou nou obeyi.” — Detewonòm 30:11.

Pou n viv ann amoni ak prensip Bondye yo, sa ka mande pou n fè kèk chanjman nan fason n panse ak fason n aji. Sepandan, Jewova pa mande nou twòp. Dayè, antanke Kreyatè nou, li konn sa n ka fè. E tank n ap aprann konnen Jewova, n ap wè “kòmandman l yo pa lou”. — 1 Jan 5:3.

De Temwen Jewova k ap etidye Labib ak yon dam nan liv “Viv ak kè kontan pou toutan!” an.

Jewova pwomèt l ap ede moun ki chwazi viv selon prensip li yo.

“Mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen kenbe men dwat ou, e mwen se Sila a k ap di w: ‘Ou pa bezwen pè, m ap ede w.’” — Ezayi 41:13.

Nou ka rive suiv prensip Bondye yo paske l ap ede nou. Li ka ede nou pa mwayen Labib, Pawòl li a, ki ban nou ankourajman ak espwa.

Plizyè milyon moun toupatou sou tè a twouve lè yo suiv prensip ki nan Bib la, lavi yo vin pi bèl. Sa w panse si w aprann plis sou bonjan konsèy ki nan Bib la? Ou ka kòmanse nan bwochi Viv ak kè kontan pou toutan! an, yon bwochi ki baze sou Bib la e ki disponib gratis sou jw.org. Men leson ki ladan l yo:

  • Ki jan Bib la ka ede w?

  • Bib la bay espwa

  • Èske w ka fè Bib la konfyans?

Pandan w ap fouye nan Bib la, Pawòl Bondye a, w ap wè li pa pase mòd e moun “ap toujou ka fè [l] konfyans, ni jodi a, ni pou toutan”. (Sòm 111:8.) Lè n suiv prensip ki nan Bib la, se pi bon fason nou kapab viv. Men, Bondye pap fòse n fè sa (Detewonòm 30:​19, 20; Jozye 24:15). Se yon desizyon nou chak dwe pran.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje