BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w09 1/10 p. 13-18
  • Èske w kite Bondye pale avè w chak jou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w kite Bondye pale avè w chak jou?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Fason w kapab kenbe yon pwogram pou w li Labib regilyèman
  • Ki sa ki kapab fè lekti a enteresan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Kenbe Pawòl Bondye a fèm
    Adore sèl vrè Dye a
  • Konsantre w sou lekti w ap fè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Byen pwofite lekti Labib ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
w09 1/10 p. 13-18

Èske w kite Bondye pale avè w chak jou?

KONBYEN fwa ou gade tèt ou nan glas? Pifò nan nou fè sa chak jou, petèt nou menm fè sa plizyè fwa pa jou. Poukisa? Paske aparans nou gen enpòtans pou nou.

Lè n ap li Labib se kòmsi nou t ap gade tèt nou nan yon glas (Jak 1:23-25). Mesaj ki nan Pawòl Bondye a gen pouvwa pou l ede nou wè tèt nou jan nou ye vrèman. Li kapab “pèse fon [nan nou] jis li separe nanm nan ak lespri a”. (Ebre 4:12, NW.) Sa vle di li montre diferans ki genyen ant sa nou parèt nou ye pa deyò ak sa nou ye toutbonvre pa anndan. Li fè nou wè ki kote nou bezwen fè ajisteman nan nou, menm jan ak yon glas.

Labib pa sèlman montre nou ki kote nou bezwen fè ajisteman nan nou, men tou, li ede nou fè ajisteman sa yo. Men sa apot Pòl te ekri: “Tout Ekriti se Bondye ki enspire li, e li itil pou anseye, pou reprimande, pou mete bagay yo annòd, pou disipline nan ladwati.” ​(2 Timote 3:16, 17, NW). N ap remake yo pale de kat byenfè nan vèsè sa a. Twa ladan yo se: reprimande, mete bagay yo annòd ak disipline. Toule twa bagay sa yo mande pou nou fè ajisteman nan etadespri nou ak nan aksyon nou. Si nou oblije gade nan yon glas regilyèman pou nou kapab asire nou aparans nou kòrèk, nou pa bezwen mande jan li enpòtan pou nou li Labib, Pawòl Bondye a, regilyèman!

Lè Jewova Dye te nome Jozye pou l dirije nasyon Izrayèl la, li te di l pawòl sa yo: “Liv lalwa sa a pa dwe kite bouch ou, e ou dwe li ladan l tou ba lajounen kou lannuit, dekwa pou w pran san w pou w fè selon tout sa ki ekri ladan l, paske se konsa w ap reyisi nan chemen w e se konsa w ap aji avèk sajès.” ​(Jozye 1:8, NW). Wi, pou Jozye te ka reyisi dirije nasyon an byen, li te bezwen li Pawòl Bondye a “lajounen kou lannuit”, sètadi regilyèman.

Menm jan an tou, Sòm premye ede nou wè byenfè yon moun ap jwenn lè l li Labib regilyèman. Li di: “Byennere moun ki pa mache nan konsèy mechan, ki pa kanpe nan chemen pechè e ki pa chita sou chèz mokè. Men, plezi l se nan lwa Jewova, e nan lwa l, li li tou ba lajounen kou lannuit. E vrèmanvre, l ap vin tankou yon pyebwa ki plante bò kouran dlo, ki bay fwi lè sezon l rive, fèy li pa fennen, e tout sa l fè ap reyisi.” ​(Sòm 1:1-3, NW). Pa gen dout nan sa, nou ta renmen pou se yon moun konsa nou ye.

Gen anpil moun ki pran abitid li Labib chak jou. Yo te mande yon kretyen poukisa li li Labib chak jou. Men repons li te bay: “Si m priye Bondye plizyè fwa nan yon jounen e mwen atann pou l koute m, èske mwen menm tou mwen pa ta dwe koute sa l di m lè m li Pawòl li a chak jou? Si nou vle yon bon zanmi pou li, se pa ta dwe nou menm sèlman k ap pale.” Li gen rezon. Lè n ap li Bib la se kòmsi nou t ap koute Bondye paske lè nou fè sa nou vin gen pwennvi l.

Fason w kapab kenbe yon pwogram pou w li Labib regilyèman

Petèt ou te deja kòmanse yon pwogram lekti Labib. Èske w fin li tout Bib la depi nan kòmansman l rive jis nan fen l? Se yon bèl fason nou kapab vin pi byen konnen sa l gen ladan l. Sepandan, gen kèk moun ki konn fè pwogram pou yo li Labib, men chak fwa yo kòmanse pwogram nan, yo toujou kanpe nan wout. Èske sa konn rive w tou? Ki sa w kapab fè pou w rive fin li tout Bib la nèt? Ou kapab eseye de sijesyon ki vin apre yo.

Yon moun ap li Labib

Èske w ka rezève tan pou w li Labib chak jou?

Met nan pwogram ou pou w li Labib chak jou. Chwazi yon lè chak jou kote w ap kapab plis gen posiblite pou w fè lekti a. Anplis, rezève yon lòt lè pou sizoka ou pa fè l nan premye lè ou chwazi a. Si pou yon rezon kèlkonk ou pa kapab fè lekti Labib la nan lè ou te chwazi a, w ap kapab fè l nan lòt lè ou te rezève a, yon fason pou w pa janm kite yon jou pase san w pa li Pawòl Bondye a. Si w aji konsa, w ap imite Bereyen yo. Men sa Labib di nou sou yo: “Yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t’ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t’ap di yo a se vre.” —Se nou menm ki mete mo yo ann italik; Travay 17:11.

Se pou w gen yon objektif byen klè nan tèt ou. Pa egzanp, si w li twa a senk chapit nan Bib la chak jou, nan ennan sèlman w ap fin li tout Bib la. Pwogram ki nan paj apre yo ap montre w ki jan ou kapab fè sa. Poukisa w pa pran rezolisyon pou w suiv li? Nan kolòn ki make “DAT” la, ekri dat ou ta renmen fin li chak gwoup chapit. Ansuit, chak fwa ou fin li yon pòsyon, tcheke kaz ki koresponn avè l la. Konsa, w ap kapab wè pwogrè w ap fè.

Lè w fin li tout Bib la nèt, pa kanpe. Ou kapab sèvi ak menm pwogram nan pou w li tout Bib la chak ane. Petèt, chak ane, ou kapab kòmanse nan yon pati diferan. Men, si w ta vle pran plis tan pou w fè lekti a, ou kapab pran de oswa twa jou pou w li chak pati ki nan pwogram nan.

Chak fwa w ap li Labib, w ap jwenn yon seri nouvo pwen ou kapab aplike nan lavi w, pwen ou pa t janm remake anvan. Sa k fè sa? Se paske “monn sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat”, e lavi nou ansanm ak sitiyasyon nou toujou ap chanje tou (1 Korentyen [1 Korent] 7:31). Se sa k fè ou bezwen pran detèminasyon fèm pou w gade nan glas la, sètadi Labib, Pawòl Bondye a, chak jou. Konsa, w ap asire w ou kite Bondye pale avè w chak jou. —Sòm 16:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje