BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/05 p. 1
  • Fè byen epi pataje ak lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè byen epi pataje ak lòt moun
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Se pou nou kontinye bati youn lòt
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Se pou nou “ jenere, tou pare pou pataje ”
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Konsole moun ki nan lapenn
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • ‘Konsole tout moun ki nan lafliksyon’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 4/05 p. 1

Fè byen epi pataje ak lòt moun

1 Dòkas “ te konn fè anpil bon aksyon ak anpil don mizèrikòd ”. (Tra. 9:36, 39.) Grasa lespri jenere li te genyen an ni moun ki te konnen l ni Jewova Dye te renmen l. Men sa Ebre 13:16 di : “ Pa bliye fè byen e pa bliye pataje ak lòt moun, paske se nan sakrifis konsa Bondye pran plezi. ” Ki jan nou ka fè byen epi ki jan nou ka pataje ak lòt moun ?

2 Youn nan fason nou ka pote byenfè pou lòt moun se lè nou pataje ‘ bagay nou genyen ki gen valè ’ avèk yo (Pwo. 3:9). Kontribisyon nou nan travay mondyal la pèmèt yo konstwi Sal Wayòm, Sal asanble ansanm ak biwo Betèl toupatou sou tè a. Jenewozite nou pèmèt plizyè milyon moun benefisye ni nan enstriksyon Jewova bay ni nan frekantasyon espirityèl ak kretyen parèy yo, yon frekantasyon ki edifyan.

3 Annou pote konsolasyon ak soulajman : Lè gen katastwòf ki frape, pèp Jewova a toujou dispoze pou li “ fè byen ” ni ak konpayon l yo nan lafwa ni ak moun ki pa pataje lafwa l (Gal. 6:10). Apre yon izin chimik te fin eksploze an Frans, gen yon koup ki te abite bò izin nan ki deklare : “ Tousuit, frè nou yo te vini ede nou netwaye apatman nou an ansanm ak pa lòt moun nan bilding nan. Vwazen nou yo te sezi pou yo wè tout moun sa yo ki te vini pou bay èd yo. ” Gen yon lòt sè ki ajoute : “ Ansyen yo te rasanble bò kote nou, yo te vini pou ankouraje nou. An reyalite, nou te pi bezwen sa pase èd materyèl. ”

4 Toutpandan gen anpil fason nou ka fè byen ak vwazen nou yo, pi bon fason nou ka ede yo se lè nou pataje konesans laverite avèk yo, yon konesans ki gen anpil valè e ki gen ladan l “ esperans lavi etènèl ” Jewova li menm pwomèt la (Tit 1:1, 2). Mesaj ki gen nan Bib la pote vrè rekonfò pou moun ki andèy akoz jan kondisyon monn nan ye epi akoz pwòp eta yo antanke pechè (Mat. 5:4). Annou kontinye fè byen epi pataje ak lòt moun chak fwa nou gen pouvwa nan men nou pou nou fè sa. — Pwo. 3:27.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje