Pwogram reyinyon sèvis
Note sa : Pandan gran vakans lan, Ministè Wayòm nan ap gen pwogram pou yon reyinyon sèvis chak semèn. Piske kongregasyon yo ap gen pou yo asiste kongrè distri “ Obeyisans ki onore Bondye ”, yo kapab fè modifikasyon yo wè ki nesesè nan pwogram nan. Si nou twouve li apwopriye, rezève 15 minit nan dènye reyinyon sèvis k ap fèt anvan kongrè a pou nou repale sou konsèy presi ki konsène kongregasyon an, konsèy nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm ki nan men nou an. Yon mwa oswa de mwa apre kongrè a, pran ant 15 a 20 minit nan yon reyinyon sèvis (petèt nou ka pran yon pati nan tan ki rezève pou bezwen kongregasyon an) pou fè yon ti pale sou pwen enpòtan pwoklamatè yo te twouve ki itil nan ministè yo. Reyinyon sèvis espesyal sa a pral ban nou posiblite pou nou esplike kòman nou sèvi ak sa nou te aprann nan kongrè a epi ki jan sa te ede nou pou ministè nou pi efikas.
Semèn 11 avril
Kantik 4
15 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 avril ak Réveillez-vous ! 22 avril. Nou kapab sèvi ak lòt prezantasyon ki reyalis. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre pwoklamatè a k ap preche nan lari.
15 min : “ Pèsevere nan travay predikasyon an. ”a Si gen tan pou sa, mande oditwa a fè kòmantè sou vèsè yo site yo.
15 min : “ Fè byen epi pataje ak lòt moun. ”b Fè yon aplikasyon lokal sou sijè a. Nan kòmantè yo n ap montre fason pratik nou kapab ede lòt moun.
Kantik 47 ak priyè final.
Semèn 18 avril
Kantik 76
10 min : Anons lokal.
20 min : “ Annou kondui etid biblik k ap pwogrese — Uityèm pati. ”c Fè yon demonstrasyon tou kout kote pwoklamatè a bay moun l ap etidye Labib avè l la yon bwochi Temwen Jewova : Kilès yo ye ? Nan ki sa yo kwè ? Pwoklamatè a atire atansyon sou imaj ki nan paj 20 an e li fè yon ti pale sou diskou piblik. Li bay tit pwochen diskou piblik la e li envite moun l ap etidye avè l la pou l vin asiste l.
15 min : Annou viv ak bonsans nou nan yon epòk kote se elektwonik ki pale (Tit 2:11, 12). Yon diskou ki baze sou Ministè Wayòm septanm 2002, paj 8, § 1-7, ak Ministè Wayòm novanm 1999, paj 5, § 24-6 ak paj 6, § 35-6. Si gen tan pou sa, nou ka fè yon aplikasyon lokal sou lòt pwen nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm novanm 1999 la.
Kantik 169 ak priyè final.
Semèn 25 avril
Kantik 111
15 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont ak lèt remèsiman pou ofrann. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rapò yo pou mwa avril la. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye me ak Réveillez-vous ! 8 me. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Nan youn nan prezantasyon yo, montre fason nou ka reponn objeksyon sa a : “ Sa pa enterese m ”. (Gade nan liv Comment raisonner a, paj 16.) Di ki atik ki ka pi fasil enterese moun yo nan tèritwa a.
30 min : “ Louwe Jewova nan gran kongregasyon an. ”d Sekretè kongregasyon an ap fè patisipasyon sa a. Di nan ki kongrè kongregasyon an envite. Egzamine paragraf ki gen nimewo yo, menm jan ak yon etid Toudegad. Fè yon frè ki konn li byen li paragraf yo. Fè yon revizyon sou kare : “ Rapèl pou kongrè distri a. ”
Kantik 8 ak priyè final.
Semèn 2 me
Kantik 148
10 min : Anons lokal. Fè yon ti pale sou atik “ N ap etidye bwochi Kontinye veye ! a ” ki nan paj 6 la. Fè konnen sijè sa a gen ladan l pwogram pou nou etidye bwochi a. Ankouraje tout moun pou yo byen prepare e pou yo patisipe nan etid la chak semèn, apati semèn 23 me.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Tout kalite moun ap sove. ”e Montre fason nou kapab mete enfòmasyon yo an pratik nan tèritwa kongregasyon an.
Kantik 112 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.