BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 20
  • Ki jan kongregasyon an òganize

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan kongregasyon an òganize
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Ki jan ansyen yo ede n nan kongregasyon an?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • “Montre respè pou moun k ap travay di pami nou” yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • “Rele ansyen yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • “Pran swen twoupo Bondye ki sou kont nou an”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 20
Leson 20. Pandan yon reyinyon nan yon kongregasyon Temwen Jewova yo, yon frè poze yon kesyon e gen plizyè moun ki leve men yo pou fè kòmantè.

LESON 20

Ki jan kongregasyon an òganize?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Jewova se yon Bondye ki gen lòd (1 Korentyen 14:33). Se sa k fè li nòmal pou nou atann pou pèp li a òganize. Ki fason kongregasyon an òganize? E ki sa nou ka fè pou l toujou rete òganize?

1. Kiyès ki chèf kongregasyon an?

“Kris se chèf kongregasyon an.” (Efezyen 5:23). Detan Jezi nan syèl la, l ap dirije aktivite pèp Jewova a toupatou sou tè a. Li nome “esklav fidèl ki prevwayan an”, ki se yon ti gwoup ansyen ki gen eksperyans, e yo rele gwoup sa a Kolèj santral tou. (Li Matye 24:45-47.) Kolèj santral la bay kongregasyon yo sou tout tè a direksyon menm jan apot yo ak ansyen yo te konn fè nan Jerizalèm nan premye syèk la (Travay 15:2). Men, se pa mesye sa yo ki chèf òganizasyon nou an. Yo konte sou Jewova e yo konte sou Pawòl li a pou yo jwenn direksyon e yo soumèt anba direksyon Jezi.

2. Kiyès ansyen yo ye e ki travay yo fè?

Ansyen yo se yon seri gason ki gen plizyè ane depi yo se kretyen ki fidèl. Yo sèvi ak Pawòl Bondye a pou anseye pèp Jewova a, pou ede yo e pou ankouraje yo. Yo pa peye yo pou travay y ap fè a. Yo “pa fè sa paske [y] ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon, men [yo] fè sa avèk dilijans”. (1 Pyè 5:1, 2.) Sèvitè ministeryèl yo ede ansyen yo, e rive yon lè, yo kapab ranpli kondisyon pou yo sèvi kòm ansyen tou.

Kolèj santral la nome kèk ansyen pou sèvi kòm siveyan sikonskripsyon. Siveyan sikonskripsyon yo vizite kongregasyon yo pou ba yo direksyon ak ankourajman. Yo nome yon seri frè ansyen ak sèvitè ministeryèl lè frè sa yo ranpli kondisyon Bib la bay pou sa. — 1 Timote 3:1-10, 12; Tit 1:5-9.

3. Ki responsablite chak Temwen Jewova genyen?

Tout moun nan kongregasyon an “louwe non Jewova” lè yo patisipe nan reyinyon nan kongregasyon an e lè yo fè tout sa yo kapab nan travay predikasyon an selon sitiyasyon yo. — Li Sòm 148:12, 13.

FOUYE PLIS

Aprann ki kalite chèf Jezi ye, aprann fason ansyen yo fè efò pou yo imite l ak fason nou kapab kowopere ni ak Jezi ni ak ansyen yo.

4. Jezi se yon bon chèf

Jezi fè nou yon bèl envitasyon. Li Matye 11:28-30, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki kalite chèf Jezi ye, e ki jan li vle nou santi nou?

Ki jan ansyen yo imite egzanp Jezi? Gade VIDEYO a.

VIDEYO: Ansyen yo ede moun ki te viktim lè tranblemanntè Nepal la (4:56)

Labib fè konnen byen klè jan ansyen yo dwe fè travay yo.

Li Ezayi 32:2 ak 1 Pyè 5:1-3, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan sa fè w santi w lè w konnen ansyen yo fè tout efò yo pou yo ankouraje lòt moun menm jan ak Jezi?

  • Bay kèk fason ansyen yo imite Jezi.

5. Ansyen yo anseye pa mwayen egzanp yo bay

Ki jan Jezi vle ansyen yo konsidere travay yo? Gade VIDEYO a.

VIDEYO: Ansyen yo se moun k ap dirije nou! (7:39)

Jezi te bay enstriksyon sou fason li vle pou moun ki pran latèt nan kongregasyon an aji. Li Matye 23:8-12, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan Bib la di ansyen yo dwe ye? Èske w panse chèf relijye yo suiv sa Bib la di?

A. Foto ki ansanm: Yon ansyen k ap travay pou li menm ak fanmi l gen bon relasyon ak Bondye. 1. L ap priye anvan l etidye Bib la. 2. L ap anseye ti pitit fi l la Labib e madanm li ap ede l. B. Menm ansyen sa a ansanm ak madanm li k ap vizite yon sè nan kongregasyon yo ki malad e ki kouche sou kabann lopital. C. Menm ansyen sa a k ap preche yon mesye lakay li. D. Foto: 1. Menm ansyen an k ap bay yon diskou nan reyinyon kongregasyon an. 2. L ap pase mòp nan Sal Wayòm nan.
  1. Ansyen yo fè efò pou yo kontinye gen bon relasyon ak Jewova e yo ede fanmi yo fè menm bagay la.

  2. Ansyen yo gen sousi pou tout moun nan kongregasyon an.

  3. Ansyen yo preche regilyèman.

  4. Ansyen yo se anseyan. Yo patisipe tou nan netwayaj ak lòt travay k ap fèt nan Sal Wayòm nan.

6. Nou kapab kolabore ak ansyen yo

Labib ban nou yon rezon enpòtan pou n kolabore ak ansyen yo. Li Ebre 13:17, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske w panse li rezonab pou Bib la ankouraje nou pou n obeyi moun k ap dirije yo e pou n soumèt devan yo? Sa k fè se konsa w reponn?

Li Lik 16:10, epi reponn kesyon sa a:

  • Sa k fè l enpòtan pou nou kolabore ak ansyen yo menm nan bagay ki parèt piti?

GEN MOUN KI DI: “Nou pa bezwen fè pati yon relijyon pou nou adore Bondye.”

  • Sa k fè w panse li bon pou nou fè pati yon kongregasyon?

SA W TE APRANN

Jezi se chèf kongregasyon an. Li bay ansyen yo direksyon, e nou kontan kolabore ak ansyen yo paske yo ankouraje nou e yo anseye nou pa mwayen bèl egzanp yo bay.

Revizyon

  • Kiyès ki chèf kongregasyon an?

  • Ki fason ansyen yo ede kongregasyon an?

  • Ki responsablite chak sèvitè Jewova genyen?

Objektif

APRANN PLIS

Gade prèv ki montre Kolèj santral la ansanm ak lòt ansyen yo enterese anpil nan kretyen yo jodi a.

Yo bay frè yo fòs nan moman entèdiksyon (4:22)

Gade ki travay siveyan sikonskripsyon yo ap fè.

Travay yon siveyan sikonskripsyon nan zòn andeyò (4:51)

Gade pou w wè ki wòl enpòtan fi yo genyen nan kongregasyon an.

“Èske fi yo preche pami Temwen Jewova yo?” (Toudegad 1ye septanm 2012)

Gade ki jan ansyen yo travay di pou yo ankouraje kwayan parèy yo.

“Ansyen yo ‘se konpayon travay nou pou nou ka gen lajwa’” (Toudegad 15 janvye 2013)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje