BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 145
  • Ki sa Nouvo Jerizalèm nan ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Nouvo Jerizalèm nan ye?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Sa ki pèmèt nou idantifye Nouvo Jerizalèm nan
  • Revelasyon 21:1 — “Yon syèl tounèf ak yon tè tounèf”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Ki moun ki pral nan syèl?
    Repons Bib la bay
  • Revelasyon 21:4 — “L ap siye tout dlo nan je”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
Repons Bib la bay
ijwbq atik 145
Nouvo Jerizalèm nan, jan Bib la pale de li nan liv Revelasyon an.

Ki sa Nouvo Jerizalèm nan ye?

Repons Bib la bay

“Nouvo Jerizalèm nan,” se yon ekspresyon ki parèt de fwa nan Bib la, e li reprezante yon vil ki li menm, reprezante disip Jezi yo ki gen pou yo ale nan syèl la pou yo dirije avè l nan Wayòm Bondye a (Revelasyon 3:12; 21:2). Bib la esplike nou yo ka rele gwoup disip sa a madanm Kris.

Sa ki pèmèt nou idantifye Nouvo Jerizalèm nan

  1. Se nan syèl la Nouvo Jerizalèm nan ye. A chak fwa Bib la pale de Nouvo Jerizalèm nan, li di se nan syèl la li soti e se zanj k ap veye pòtay vil la (Revelasyon 3:12; 21:2, 10, 12). Men tou, gwosè vil la montre li pa t ap kapab sou tè a. Vil la gen fòm yon gwo kare e baz li mezire “12 000 estad” oswa apeprè 2 200 kilomèt (Revelasyon 21:16; Labib Wa Jak).a Sa vle di sou kote kare yo ka mezire prèske 560 kilomèt wotè, si nou t ap etann li nan lespas.

  2. Nouvo Jerizalèm nan, madanm Kris la, se yon gwoup nan disip Jezi yo. Yo rele Nouvo Jerizalèm “lamarye a, madanm Ti Mouton an”. (Revelasyon 21:9, 10.) Dapre deskripsyon sa a, Ti Mouton an se Jezi Kris li reprezante (Jan 1:29; Revelasyon 5:12). “Madanm Ti Mouton an”, lamarye Kris la, reprezante kretyen ki pral jwenn Jezi nan syèl la. Bib la pale de relasyon sa a ki genyen ant Jezi ak kretyen sa yo, tankou relasyon mari ak madanm (2 Korentyen 11:2; Efezyen 5:23-25). Mete sou sa, fondasyon vil la, Nouvo Jerizalèm nan, te fèt ak wòch ki te gen “non 12 apot Ti Mouton an ekri sou yo”. (Revelasyon 21:14.) Se detay sa a ki fè n byen konprann kiyès Nouvo Jerizalèm nan ye, paske kretyen ki gen pwomès pou y al viv nan syèl la “bati [...] tankou yon kay sou apot yo ak pwofèt yo ki sèvi fondasyon”. — Efezyen 2:20.

  3. Nouvo Jerizalèm nan fè pati yon gouvènman. Ansyen Jerizalèm nan se te kapital Izrayèl, kote wa David, pitit li Salomon ak desandan li yo apre li, te dirije “sou twòn Jewova a”. (1 Kwonik 29:23.) Yo te rele Jerizalèm “vil sakre a” paske wa ki te soti nan fanmi David yo ki t ap dirije apati de vil sa a te reprezante Wayòm Bondye a (Neyemi 11:1). Nouvo Jerizalèm nan, yo rele “vil sakre a” tou, fèt ak sila yo ki gen pou y al jwenn Jezi nan syèl la “pou yo dirije tè a antanke wa”. — Revelasyon 5:9, 10; 21:2.

  4. Nouvo Jerizalèm nan ap pote benediksyon pou moun ki sou tè a. Bib la esplike Nouvo Jerizalèm nan “ap desann sot nan syèl la bò kot Bondye”, sa ki montre Bondye ap sèvi avè l pou l chanje bagay yo sou tè a (Revelasyon 21:2). Pawòl sa a pèmèt nou wè gen yon rapò ant Nouvo Jerizalèm nan avèk Wayòm Bondye ap itilize pou l fè volonte l “fèt sou tè a kou nan syèl la”. (Matye 6:10.) Obejktif Bondye se fè benediksyon sa yo vin yon reyalite pou lèzòm sou tè a:

    • L ap retire peche. Gen “yon rivyè dlo lavi” k ap koule sot nan Nouvo Jerizalèm nan e k ap wouze “yon seri pyebwa ki bay lavi”, yo menm ki “la pou geri nasyon yo”. (Revelasyon 22:1, 2.) Gerizon sa a k ap fèt nan domèn fizik ak nan domèn espirityèl pral retire peche e moun ki sou tè a ap vin pafè, jan Bondye te vle sa okòmansman. — Women 8:21.

    • Lèzòm ap vin gen bon relasyon ak Bondye. Peche fè lèzòm vin separe ak Bondye (Ezayi 59:2). Lefètke Bondye ap retire peche, sa pral pèmèt pwofesi sa a reyalize nèt: “Tant Bondye a avèk lèzòm. Bondye pral abite avèk yo, e yo pral vin pèp li. E Bondye li menm ap avèk yo.” — Revelasyon 21:3.

    • Soufrans ap fini e pap gen lanmò ankò. Pa mwayen Wayòm li an, Bondye “ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò.” — Revelasyon 21:4.

a Mezi yo rele estad la te pèmèt women yo mezire distans e yon estad egal 185 mèt.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje