BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Kòman Bondye konsidere lagè?
    Toudegad — 2015 | 1ye novanm
    • Kèk sòlda, yon cha de gè, plizyè avyon pou lage bonm

      SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

      Kòman Bondye konsidere lagè?

      Kòman w t ap reponn kesyon sa a? Anpil moun panse Bondye dakò ak lagè. Yo panse sa paske Bib la montre Bondye te konn bay kèk nan sèvitè l yo ki t ap viv nan tan lontan lòd pou yo fè lagè. Sepandan, gen lòt moun ki remake Jezi, Pitit Bondye a, te anseye disip li yo pou yo renmen ènmi yo (Matye 5:43, 44). Kidonk, dapre yo menm, rive yon lè, fason Bondye konsidere lagè te vin chanje, konsa jodi a, li pa dakò ak lagè.

      Ki sa w panse? Èske Bondye dakò ak lagè? Si repons lan se wi, nan ki kan li ye nan lagè k ap fèt jodi a? Lè nou jwenn repons kesyon sa yo, sa ka gen efè sou jan nou konsidere lagè. Pa egzanp, si w ta konnen nonsèlman Bondye dakò ak lagè, men tou, li pran pati pou kan pa w la nan yon lagè, sandout ou t ap santi w byen nan pozisyon ou ye a, ou t ap gen konfyans kan pa w la ap gen laviktwa. Yon lòt bò, ki jan w t ap santi w si w ta aprann Bondye ap soutni lòt kan an? Petèt, ou t ap reegzamine pozisyon w sou kesyon an.

      Gen yon bagay ki pi enpòtan toujou nou bezwen konsidere. Lè nou konnen fason Bondye konsidere lagè, sa ka gen efè sou fason nou konsidere Bondye. Si w se youn pami plizyè milyon moun ki soufri anpil akoz lagè lèzòm fè, pa gen dout, ou vle konnen repons kesyon sa yo: Jan kèk moun kwè sa, èske Bondye se yon moun ki renmen lagè, ki kite moun ap fè lagè pou yo fè lòt moun soufri oswa ki menm ankouraje yo fè lagè? Oubyen, èske sa pa di l anyen e li pa enterese nan byennèt moun y ap fè soufri yo?

      Ou ka sezi aprann jan repons Bib la bay diferan anpil parapò ak tout opinyon sa yo. Anplis de sa, depi nan tan lontan pou rive jodi a, fason Bondye konsidere lagè pa chanje. Ann egzamine sa Bib la di sou fason Bondye te konsidere lagè ki te konn fèt nan tan lontan ak nan premye syèk la, lè Jezi te sou tè a. Sa ap ede nou wè ki jan Bondye konsidere lagè jodi a e si alavni lèzòm ap toujou fè lagè.

  • Fason Bondye te konsidere lagè nan tan lontan
    Toudegad — 2015 | 1ye novanm
    • SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KÒMAN BONDYE KONSIDERE LAGÈ?

      Fason Bondye te konsidere lagè nan tan lontan

      Dlo Lanmè Wouj te kòmanse ale avèk Farawon ansanm ak lame l la

      Yo t ap toupizi pèp la. Se pa ni youn ni de fwa pèp la te priye Bondye pou mande l sekou, men yo pa t jwenn okenn sekou, omwen yo pa t jwenn repons tousuit. Pèp sa a se te Izrayelit yo, ki te pèp Bondye nan tan lontan. Se nasyon ejipsyen an ki te pisan ki t ap toupizi moun yo (Egzòd 1:13, 14). Izrayelit yo te fè anpil ane ap tann pou Bondye mete fen nan rejim boutdi Ejipsyen yo. Finalman, moman Bondye te fikse pou l aji a te rive (Egzòd 3:7-10). Labib fè n konnen se Bondye li menm ki te fè lagè ak Ejipsyen yo. Li te lage yon pakèt flewo terib sou yo youn dèyè lòt, epi li te detwi wa Ejip la ak lame l la nan Lanmè Wouj (Sòm 136:15). Konsa, Jewova te montre li se “Sila a ki pisan ki konn fè lagè” pou pèp li a. — Egzòd 15:3, 4.

      Lefètke Bondye te fè lagè ak Ejipsyen yo, sa montre li pa kont tout lagè. Nan kèk lòt okazyon, li te otorize pèp Izrayèl la, pèp li a, fè lagè. Pa egzanp, li te ba yo lòd pou yo fè lagè ak moun Kanaran yo ki te mechan anpil (Detewonòm 9:5; 20:17, 18). Li te bay David, wa Izrayèl la, direksyon sou fason pou l te fè lagè ak moun Filisti yo ki t ap toupizi Izrayelit yo. Bondye te menm bay David yon estrateji pou l fè lagè ki te pèmèt li pot laviktwa. — 2 Samyèl 5:17-25.

      Istwa sa yo ki nan Bib la fè n wè lè lòt nasyon t ap fè Izrayelit yo mechanste e yo t ap toupizi yo, Bondye te otorize Izrayelit yo fè lagè pou pwoteje yo antanke pèp li e pou vrè adorasyon an te kontinye egziste. Men, remake twa pwen kle ki vin apre yo sou lagè sa yo Bondye te konn bay lòd pou yo fè.

      1. SE BONDYE SÈLMAN KI TE KONN DESIDE KIYÈS KI DWE FÈ LAGÈ. Yon lè, men sa Bondye te di Izrayelit yo: “Nou pap gen pou nou goumen.” Poukisa l te di sa? Paske se Bondye li menm ki t ap fè lagè pou yo (2 Kwonik 20:17; 32:7, 8). Li te fè sa souvan, tankou nan okazyon nou te mansyone nan kòmansman atik la. Nan kèk lòt okazyon, Bondye te bay pèp li a, ki t ap viv nan Izrayèl tan lontan an, lòd pou yo fè yon seri lagè li te aksepte, sètadi lagè yo t ap fè pou yo te ka pwoteje Latè pwomiz e pou yo te ka defann li. — Detewonòm 7:1, 2; Jozye 10:40.

      2. SE BONDYE SÈLMAN KI TE KONN DESIDE KI LÈ POU YO FÈ LAGÈ. Avèk pasyans, sèvitè Bondye yo te dwe tann lè Bondye fikse a rive pou yo te fè lagè ak nasyon ozalantou yo ki t ap toupizi yo e ki t ap fè yo mechanste. Toutotan moman sa a pa t rive, yo pa t gendwa pran libète al fè lagè. Lè yo te aji san otorizasyon, yo te pèdi apwobasyon Bondye. Anfèt, Labib montre lè Izrayelit yo te chwazi al fè lagè san se pa Bondye ki te otorize yo fè sa, byen souvan sa te fini mal pou yoa.

      3. Rahab ak fanmi l ki kanpe nan mitan dekonm Jeriko

        Byenke Bondye te fè lagè ak Kananeyen yo, li te epaye kèk nan yo, tankou Rahab ak fanmi l.

        BONDYE PA PRAN PLEZI NAN LANMÒ OKENN MOUN, MECHAN YO LADAN L TOU. Jewova Dye se Sous lavi a e li se Kreyatè limanite (Sòm 36:9). Se sa k fè li pa vle moun mouri. Men, malerezman, gen moun ki fè plan pou yo maltrete lòt moun avèk mechanste e yo menm touye yo (Sòm 37:12, 14). Pou Bondye te fè mechanste sa yo sispann, pafwa, li te konn otorize moun fè lagè ak mechan yo. Epoutan, pandan ane Izrayelit yo t ap fè lagè sa yo, li te toujou “yon Bondye ki gen mizèrikòd” e “ki pa fè kòlè fasil” nan jan l te boule ak moun ki t ap toupizi pèp Izrayèl la (Sòm 86:15). Pa egzanp, anvan Izrayelit yo te fè lagè ak yon vil, Bondye te mande yo pou yo fè moun yo “konnen ki sa yo dwe fè si yo vle fè lapè” avèk yo. Konsa, moun ki nan vil sa a t ap gen posiblite pou yo chanje fason yo aji pou yo te ka evite lagè a (Detewonòm 20:10-13). Nan sans sa a, Bondye te montre l “pa pran plezi nan lanmò moun ki mechan, e [li] ta pito wè yon moun ki mechan chanje fason l ap aji pou l ka rete an vi”. — Ezekyèl 33:11, 14-16b.

      Jan nou sot wè sa, nan tan lontan Bondye te konsidere lagè kòm yon mwayen legal pou l mete fen nan tout kalite enjistis ak mechanste. Men, se Bondye sèlman ki te gen dwa pou l deside ki lè pou yo fè lagè sa yo e kiyès ki te dwe patisipe ladan yo, se pa t lèzòm. Men, èske Bondye te konn fè lagè paske l te anvi wè vyolans? Okontrè, li vrèman rayi vyolans (Sòm 11:5). Èske fason Bondye te konsidere lagè a chanje lè Jezi, Pitit li a, te kòmanse ministè l sou tè a nan premye syèk la?

      a Pa egzanp, yon lè, Izrayelit yo te pèdi lagè yo t al fè ak moun Amalèk yo ansanm ak moun Kanaran yo piske Bondye te ba yo lòd pou yo pa t fè sa (Nonb 14:41-45). Anpil ane apre, wa Jozyas ki te yon wa fidèl t al fè lagè san Bondye pa t ba l dwa fè sa, aksyon sa a li te fè san reflechi te lakòz li pèdi lavi l. — 2 Kwonik 35:20-24.

      b Anvan Izrayelit yo t al fè lagè ak Kananeyen yo, yo pa t fè Kananeyen yo konnen sa yo dwe fè si yo vle fè lapè avèk yo. Poukisa yo pa t fè sa? Paske Bondye te bay Kananeyen yo 400 an pou yo te chanje move fason yo t ap aji. Nan moman Izrayelit yo te vin fè lagè ak Kananeyen yo, antanke gwoup, Kananeyen yo te mechan yo pa t vle chanje (Jenèz 15:13-16). Konsa, Izrayelit yo te dwe elimine yo nèt. Sepandan, lè yon Kananeyen te chanje fason li te konn aji yo te epaye l. — Jozye 6:25; 9:3-27.

  • Fason Bondye te konsidere lagè nan premye syèk la
    Toudegad — 2015 | 1ye novanm
    • SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KÒMAN BONDYE KONSIDERE LAGÈ?

      Fason Bondye te konsidere lagè nan premye syèk la

      Yo t ap toupizi pèp la. Pa gen dout nan sa, Juif nan premye syèk la te konn priye Bondye souvan pou yo mande l sekou menm jan ak zansèt yo. Fwa sa a, yo te anba jouk boutdi Anpi women an. Epi, yo te tande pale de Jezi. Èske Jezi te pwouve li se Mesi yo te anonse ki gen pou vini an? Se pa etonan si yon bon valè nan yo “te gen espwa se mesye sa a ki t apral delivre Izrayèl” anba men Women yo ki t ap maltrete l (Lik 24:21). Men, yo pa t jwenn okenn sekou. Olye de sa, nan ane 70 epòk nou an, lame women an te vini e li te detwi ni Jerizalèm ni tanp lan.

      Ki sa k te pase? Poukisa Bondye pa t fè lagè pou Juif yo, jan l te konn fè sa nan tan lontan? Oubyen, poukisa li pa t otorize yo pou yo fè lagè pou yo te libere tèt yo anba Women yo ki t ap toupizi yo? Èske fason Bondye te konsidere lagè a chanje? Non. Men, gen yon gwo chanjman ki te fèt anrapò ak Juif yo. Yo te rejte Jezi, Pitit Bondye a, antanke Mesi (Travay 2:36). Se sa k fè, antanke nasyon, yo te pèdi relasyon espesyal yo te gen ak Bondye a. — Matye 23:37, 38.

      Ni nasyon juif la ni Latè pwomiz pa t gen pwoteksyon Bondye ankò. Juif yo pa t gen okenn dwa ankò pou yo te pretann yo gen apwobasyon Bondye pou yo fè lagè oubyen pou yo ta panse l ap soutni yo nan lagè. Jan Jezi te predi sa, benediksyon Izrayèl selon lachè a te konn resevwa paske l te gen apwobasyon Bondye, Bondye te retire benediksyon sa yo, e se yon nouvo nasyon li te bay yo, yon nasyon espirityèl. Apre sa, nan Bib la yo te vin rele nasyon sa a “Izrayèl Bondye a”. (Galat 6:16; Matye 21:43.) Se kongregasyon ki fòme ak kretyen ki gen esperans pou y al viv nan syèl la ki Izrayèl espirityèl la. Se pou rezon sa a, nan premye syèk la, yo te di yo: “Kounye a, nou se pèp Bondye.” — 1 Pyè 2:9, 10.

      Piske kretyen nan premye syèk la te vin “pèp Bondye” kounye a, èske Bondye te fè lagè pou yo pou l te ka libere yo anba Women yo ki t ap toupizi yo? Oubyen, èske l te otorize yo fè lagè ak moun ki t ap toupizi yo? Non, li pa t fè sa. Poukisa? Lè Bondye te konn bay lòd pou yo fè lagè, se li menm sèlman ki te konn deside ki lè yo te dwe fè gè sa yo, jan atik ki vin anvan an te montre sa. Bondye pa t fè lagè pou kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, ni li pa t otorize yo patisipe nan lagè nasyon yo t ap fè. Sa klè, premye syèk la se pa t moman pou Bondye fè lagè ak moun ki t ap fè mechanste e ki t ap toupizi lòt moun.

      Konsa, menm jan ak sèvitè Bondye nan tan lontan yo, kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te dwe tann jiskaske moman Bondye chwazi a rive pou l mete fen nan mechanste ak move zak. Antretan, Bondye pa t ba yo otorizasyon pou yo fè lagè ak ènmi yo. Nan ansèyman Jezi Kris te bay yo, li te di sa byen klè. Pa egzanp, li pa t bay disip li yo lòd pou yo fè lagè, okontrè, men sa l te di yo: “Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” ​(Matye 5:44). Lè Jezi t ap anonse moman kote lame women an t apral atake Jerizalèm nan premye syèk la, li pa t bay disip li yo enstriksyon pou yo rete Jerizalèm pou yo ka fè lagè ak Women yo. Okontrè, li te di yo pou yo chape poul yo. Se sa disip yo te fè. — Lik 21:20, 21.

      Mete sou sa, men sa Bondye te enspire apot Pòl pou l ekri: “Pa vanje tèt nou, [...] paske men sa ki ekri: ‘Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.’ Se sa Jewova di.” ​(Women 12:19). Pòl te site pawòl Bondye te di plizyè syèk anvan, jan yo rapòte sa nan Levitik 19:18 ak Detewonòm 32:35. Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan atik sa a, youn nan fason Bondye te konn vanje pou pèp li a nan tan lontan se lè li te ede yo fè lagè ak ènmi yo. Konsa, pawòl Pòl yo montre fason Bondye te konsidere lagè pa t chanje. Nan premye syèk la, Bondye te toujou konsidere lagè kòm yon mwayen legal pou l fè vanjans pou sèvitè l yo e pou l mete fen nan tout kalite move zak ak mechanste. Sepandan, menm jan sa te ye nan tan lontan, se Bondye sèlman ki te konn deside ki lè pou yo fè lagè e kiyès ki dwe patisipe ladan l.

      Sa klè, Bondye pa t otorize kretyen nan premye syèk la fè lagè. Men, e jodi a? Èske gen yon gwoup moun jodi a Bondye otorize fè lagè? Oubyen èske kounye a se moman Bondye chwazi pou l aji pou l fè lagè pou sèvitè l yo? Ki fason Bondye konsidere lagè jodi a? Dènye atik nan seri atik sa yo pral reponn kesyon sa yo.

  • Fason Bondye konsidere lagè jodi a
    Toudegad — 2015 | 1ye novanm
    • SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KÒMAN BONDYE KONSIDERE LAGÈ?

      Fason Bondye konsidere lagè jodi a

      Jodi a, gen moun ki kontinye ap toupizi lòt moun. Anpil moun kontinye ap rele Bondye pou yo mande l sekou e y ap mande si yo pap janm jwenn yon soulajman. Èske Bondye koute rèl yo fè pou mande l sekou? Epi, ki sa n ka di pou moun k ap itilize lagè pou mete fen nan move zak y ap sibi yo? Èske Bondye soutni yo nan efò y ap fè yo? Èske l konsidere yo gen rezon pou yo fè lagè?

      Jezi ak zanj li yo ki sou cheval blan pou yo fè lagè Amagedon an

      Amagedon se lagè ki pral mete fen nan tout lagè.

      Toudabò, verite sa a ka rekonfòte w: Bondye wè soufrans ki gen nan monn nan jodi a e li prevwa fè yon bagay pou sa (Sòm 72:13, 14). Nan Pawòl Bondye a, Labib, Bondye pwomèt moun ‘ki jwenn tribilasyon, l ap ba yo soulajman’. Ki lè sa ap fèt? Sa ap fèt “nan moman Seyè Jezi ap parèt nan syèl la avèk zanj pisan li yo [...], lè l ap vin fè vanjans sou moun ki pa konnen Bondye yo e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an”. (2 Tesalonisyen 1:7, 8.) Jezi pral parèt alavni, lè “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. Bib la rele lagè sa a Amagedon tou. — Revelasyon 16:14, 16.

      Nan lagè sa a ki gen pou fèt alavni an, Bondye pral sèvi ak Jezi Kris, Pitit li a, ansanm ak lòt kreyati espirityèl ki pisan pou l fè lagè ak mechan yo, se pa lèzòm l ap itilize. Lame zanj ki nan syèl la pral mete fen nan tout move zak. — Ezayi 11:4; Revelasyon 19:11-16.

      Jis jodi a, fason Bondye konsidere lagè pa chanje. Li toujou konsidere lagè kòm mwayen legal pou l mete fen nan move zak ak mechanste. Men, jan sa rete yon verite pandan tout listwa, se Bondye sèlman ki gen dwa deside ki lè pou yo fè lagè li otorize yo epi kiyès ki dwe patisipe ladan yo. Jan nou sot wè sa, Bondye deja deside lagè ki pral mete fen nan mechanste e ki pral pèmèt li fè vanjans sou moun k ap toupizi lòt moun se yon lagè ki gen pou fèt alavni, e se Jezi Kris, Pitit li a, ki pral fè gè sa a. Sa vle di Bondye pa dakò ak lagè lèzòm ap fè sou tè a jodi a, menmsi moun k ap fè lagè yo ka panse y ap defann yon bon koz.

      Annou pran yon egzanp. Imajine yon papa ki gen de pitit ki pran goumen youn ak lòt pandan papa yo pa la. Pandan yon ti tan, yo sispann goumen e yo rele papa yo nan telefòn. Youn nan timoun yo di papa l se lòt la ki te kòmanse goumen avè l, e lòt la menm di se paske l t ap maltrete l. Yo toule de rele papa yo, yo chak atann pou l pran pou yo. Sepandan, lè papa a fin tande yo chak, li di yo pou yo sispann goumen e pou yo ret tann li pou l ranje bagay yo lè l vini. Pandan yon ti tan, de timoun yo tann vre. Men, apre sa, yo rekòmanse goumen pi rèd. Lè papa a vini, li fache kont toule de timoun yo e li pini yo toule de paske yo pa t obeyi l.

      Jodi a, byen souvan, nasyon k ap fè lagè yo priye Bondye pou yo mande l ede yo. Men, Bondye pa pran pati pou okenn kan nan lagè lèzòm ap fè jodi a. Okontrè, men sa l di byen klè nan Labib, Pawòl li a: “Pa rann pèsonn mal pou mal”, ni “pa vanje tèt nou”. (Women 12:17, 19). Anplis de sa, li fè nou konnen limanite dwe ret “tann li avèk pasyans” pou l aji. Li pral fè sa nan Amagedon (Sòm 37:7, nòt anba paj). Lè nasyon yo pa ret tann Bondye aji e yo chwazi fè lagè pito, Bondye konsidere se yon zak rebelyon yo fè, yo pran yon dwa ki pa pou yo, e sa fè l fache. Se sa k fè, nan Amagedon, Bondye pral fache anpil kont nasyon yo e li pral retire chirepit ki gen nan mitan yo a yon fwa pou tout lè l pral “fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a”. (Sòm 46:9; Ezayi 34:2.) Anfèt, Amagedon se lagè ki pral mete fen nan tout lagè.

      Youn nan pakèt benediksyon Wayòm Bondye a pral pote se fen li pral mete nan lagè. Jezi te pale de gouvènman sa a nan priyè sa a anpil moun byen konnen, lè l te di: “Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” ​(Matye 6:10). Wayòm Bondye a pap retire lagè sèlman, men tou l ap retire koz ki fè gen lagè a, ki se mechanstea (Sòm 37:9, 10, 14, 15). Nou pa bezwen mande jan disip Jezi yo ap tann benediksyon Wayòm Bondye a pral pote yo avèk enpasyans! — 2 Pyè 3:13.

      Moun k ap viv ansanm nan Paradi a

      Sepandan, konbyen tan nou dwe tann anvan Wayòm Bondye a mete fen nan tout soufrans, nan move zak ak mechanste? Pwofesi yo te anonse nan Bib la k ap reyalize yo montre n ap viv nan “dènye jou” sistèm sa a (2 Timote 3:1-5)b. Talè konsa, Wayòm Bondye a pral mete fen nan dènye jou sa yo nan lagè Amagedon.

      Jan nou te di sa anvan, moun Bondye pral detwi nan dènye lagè sa a se moun ki refize “obeyi bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an”. (2 Tesalonisyen 1:8.) Men, sonje, Bondye pa pran plezi nan lanmò okenn moun, mechan yo ladan l tou (Ezekyèl 33:11). Piske ‘li pa ta renmen detwi pèsonn moun’ nan dènye lagè sa a, kounye a, li veye pou ‘yo preche bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an, sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon’ anvan lafen an rive (2 Pyè 3:8, 9; Matye 24:14; 1 Timote 2:3, 4). Wi, grasa travay predikasyon Temwen Jewova yo ap fè toupatou nan monn nan, jodi a, moun yo gen posiblite pou yo aprann konnen Bondye, pou yo obeyi bon nouvèl sou Jezi a e pou yo viv pou yo ka wè jou kote pap gen lagè ankò a.

      a Wayòm Bondye a pral retire lanmò tou, ki se ènmi lèzòm. Jan atik ki gen tit “Repons Bib la bay” ki nan Toudegad sa a montre sa, Bondye pral resisite yon kantite moun nou pa ka konte, pami yo, gen anpil moun, pandan tout listwa, ki te mouri akoz lagè.

      b Pou w jwenn plis enfòmasyon sou dènye jou yo, gade chapit 9 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje