BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fy chap. 1 p. 4-12
  • Èske gen yon sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske gen yon sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi ?
  • Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI SA YON FANMI YE ?
  • FANMI ANBA PRESYON
  • SEKRÈ POU GEN KÈ KONTAN NAN YON FANMI
  • “Bati fanmi nou”
    Ministè Wayòm nan — 2011
Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
fy chap. 1 p. 4-12
Gwo foto nan paj 4

CHAPIT EN

Èske gen yon sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi ?

Foto nan paj 5

1. Poukisa fanmi ki djanm yo enpòtan nan sosyete a ?

FANMI se enstitisyon ki pi ansyen sou latè, e li jwe yon wòl esansyèl nan sosyete a. Toutolon listwa, se fanmi ki djanm yo ki kontribye pou fè sosyete ki djanm. Fanmi se pi bon anviwònman pou leve timoun pou yo vin granmoun ki gen matirite.

2-5. a) Dekri sekirite yon timoun santi l genyen nan yon fanmi ki gen kè kontan. b) Ki pwoblèm ki egziste nan kèk fanmi ?

2 Yon fanmi ki gen kè kontan se yon refij ki bay pwoteksyon ak sekirite. Pandan yon ti moman, imajine fanmi ideyal la. Aswè, nan moman repa, paran ki gen sousi pou pitit yo chita ansanm ak yo e y ap pale sou sa k te pase nan jounen an. Timoun yo chofe, y ap rakonte papa yo ak manman yo sa k te pase nan lekòl la. Ti moman rilaks sa a yo pase ansanm nan reba yo chak fòs pou yon lòt jounen nan monn ki deyò a.

3 Nan yon fanmi ki gen kè kontan, yon timoun konnen papa l ak manman l ap pran swen l lè l malad, petèt y ap fè woulman pou yo rete bò kabann li tout nuit lan. Li konnen li ka pale ak manman l oubyen ak papa l sou pwoblèm timoun rankontre nan laj li ye a, e l ap resevwa konsèy ak sipò nan men yo. Wi, timoun nan santi li an sekirite, kèlkeswa jan monn deyò a chaje ak pwoblèm.

4 Lè timoun yo vin gran, jeneralman yo marye e yo vin gen fanmi pa yo. Gen yon pwovèb oryantal ki di : “ Se lè yon moun gen pwòp pitit li, li rann li kont valè dèt li gen anvè paran l. ” Grasa yon pwofon rekonesans ansanm ak yon lanmou pwofon, timoun yo ki vin gran fè tout sa yo kapab pou yo fè fanmi pa yo gen kè kontan. E anplis, yo pran swen paran yo ki aje kounye a, paran ki pran plezi pou yo ansanm ak pitit pitit yo.

5 Rive nan pwen sa a, ou kapab ap reflechi konsa : ‘ Bon, mwen renmen fanmi m, men, li pa tankou fanmi yo sot dekri la a. Madanm mwen pa gen menm orè travay avèk mwen e li difisil pou nou wè youn ak lòt. Nan konvèsasyon nou, nou plis pale sou pwoblèm lajan. ’ Oubyen petèt ou di : ‘ Pitit mwen yo ak pitit pitit mwen yo ap viv nan yon lòt vil, e mwen pa janm gen opòtinite pou m wè yo. ’ Se vre, lavi nan anpil fanmi konn pa lavi ideyal la, byen souvan pou rezon ki pa depann de volonte moun yo. Malgre tou, gen moun ki gen kè kontan nan fanmi yo. Kòman sa fè posib ? Èske gen yon sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi ? Repons lan se wi. Men, anvan nou pale sou sa, nou dwe reponn yon kesyon ki enpòtan.

KI SA YON FANMI YE ?

6. Sou ki jan de fanmi nou pral pale nan liv sa a ?

6 Nan peyi oksidantal yo, jeneralman, se yon papa, yon manman ak pitit yo ki fòme yon fanmi. Gran paran yo viv nan kay pa yo poukont yo toutotan yo kapab. Menmsi pitit yo kenbe kontak ak paran ki pa pwòch paran yo, obligasyon yo genyen anvè paran sa yo limite. Se sitou sou jan de fanmi sa a nou pral pale nan liv sa a. Sepandan, nan dènye ane sa yo, gen lòt sòt de fanmi ki vin pi kouran chak jou, tankou fanmi kote se yon sèl paran k ap leve pitit li, fanmi kote omwen youn nan timoun yo se pitit yon sèl nan konjwen yo, e anfen, fanmi kote papa a ak manman an pap viv ansanm pou yon rezon kèlkonk.

7. Ki sa yon fanmi elaji ye ?

7 Nan kèk kilti, li kouran pou gen sa yo rele fanmi elaji. Nan fanmi sa yo, selon koutim nan, si posib, se pitit gran paran yo ki pran swen yo, e fanmi an gen relasyon etwat ak paran ki pa pwòch paran e li gen responsablite anvè yo. Pa egzanp, manm fanmi an ka gen pou yo soutni neve ak nyès, pou yo elve yo e pou yo menm peye lekòl pou yo e yo ka gen pou yo fè menm bagay sa yo pou fanmi ki pi lwen toujou. Prensip nou pral egzamine nan liv sa a aplikab pou fanmi elaji yo tou.

FANMI ANBA PRESYON

8, 9. Ki pwoblèm ki egziste nan kèk peyi ki montre fanmi ap chanje ?

8 Jodi a, fanmi ap chanje, men malerezman se pa nan bon sans lan. Pa egzanp ann End, li ka rive yon madanm ap viv ak fanmi mari li epi se anba otorite bòpè l ak bèlmè l l ap travay nan kay la. Toutfwa, jodi a li pa ra pou moun wè dam endyèn yo ap travay deyò. Epoutan, sanble yo toujou atann pou yo fè menm travay yo abitye fè nan kay la. Kesyon ki soulve nan anpil peyi se kesyon sa a : Parapò ak lòt manm fanmi an, ki kantite travay yo ta dwe atann pou yon fi k ap travay deyò fè nan kay la ?

9 Nan sosyete oryantal yo, se yon koutim pou manm fanmi elaji yo gen relasyon solid antre yo. Sepandan, akoz enfliyans sistèm endividyalis monn oksidantal la ansanm ak strès pwoblèm ekonomik bay, fanmi elaji tradisyonèl yo ap febli. Konsa, anpil moun konsidere pran swen manm fanmi yo ki aje tankou yon fado olye pou yo konsidere sa kòm yon devwa oswa kòm yon privilèj. Gen kèk paran aje yo maltrete. Anfèt, nan anpil peyi jodi a, yo maltrete moun ki granmoun yo e yo neglije yo.

10, 11. Ki enfòmasyon ki montre nan peyi Ewòp yo fanmi ap chanje ?

10 Divòs vin pi kouran chak jou. Ann Espay, kantite divòs ki te gen nan kòmansman dènye deseni 20yèm syèk la se 1 sou chak 8 maryaj. Sa se yon ogmantasyon rapid, piske apèn 25 an anvan sa, se te 1 sou chak 100. Ann Angletè, kote pousantaj divòs la pi elve ann Ewòp (4 maryaj sou 10 gen pou kraze), gen yon ogmantasyon rapid nan kantite fanmi kote se yon sèl paran k ap leve pitit li.

11 Anpil moun ann Almay sanble abandone fanmi tradisyonèl la nèt. Nan ane 1990 yo, 35 pousan kay ann Almay te gen yon sèl moun e 31 pousan te gen de moun sèlman. An Frans tou, moun yo marye mwen souvan e moun ki marye yo divòse pi souvan e pi bonè pase lontan. Gen yon kantite moun, kantite ki pa sispann ogmante, ki prefere viv ansanm san yo pa andose responsablite ki gen nan maryaj. Se yon tandans yo remake nan lemonnantye.

12. Ki soufrans timoun yo ap andire paske fanmi jodi a chanje ?

12 E pou timoun yo menm ? Nan peyi Etazini ak anpil lòt peyi ankò, gen pi plis timoun chak jou ki fèt andeyò maryaj, e se jèn adolesan ki paran kèk nan timoun sa yo. Anpil tifi adolesan gen yon bann timoun pou divès papa. Dapre rapò ki soti nan lemonnantye, gen plizyè milyon timoun ki pa gen kay ki lage nan lari. Anpil nan timoun sa yo se sove yo sove poutèt y ap maltrete yo lakay yo oubyen se timoun fanmi yo mete yo deyò paske yo pa ka pran swen yo ankò.

13. Ki pwoblèm ki gaye ki anpeche fanmi yo gen kè kontan ?

13 Wi, fanmi an kriz. Mete sou sa nou sot mansyone la a, gen adolesan ki antre an rebelyon, gen timoun yo maltrete, gen vyolans konjwen fè youn sou lòt, gen alkolis ak lòt kalite pwoblèm terib ankò, tout sa anpeche anpil fanmi gen kè kontan. Se sèten, fanmi pa yon refij pou yon bon kantite timoun ak granmoun.

14. a) Selon kèk moun, ki sa ki lakòz fanmi an kriz ? b) Kòman yon moun nan premye syèk la ki byen konnen lalwa te dekri monn jodi a, e ki efè akonplisman pawòl li yo genyen sou lavi fanmi ?

14 Sa k fè fanmi an kriz ? Pou kèk moun, sa ki lakòz fanmi an kriz jodi a, se paske medam yo rantre sou mache travay la, sa vle di y al travay deyò. Gen lòt moun ki lonje dwèt sou prensip moral yo k ap degrade jodi a. San konte lòt koz ankò. Gen prèske de mil an, gen yon moun byen koni, ki byen konnen lalwa, ki te predi anpil presyon t ap gen pou aflije fanmi yo, lè li te ekri : “ Nan dènye jou yo, pral gen tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte. Paske lèzòm ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap awogan, ògeye, blasfematè, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, san fidelite, y ap san afeksyon natirèl, san lespri antant, medizan, san metriz, fewòs, san lanmou pou sa ki byen, trèt, tèti, gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye. ” ​(2 Timote 3:1-4). Ki moun ki ta ka doute pawòl sa yo ap akonpli jodi a ? Nan yon monn ki gen jan de sitiyasyon sa yo, ki jan yon moun ta fè etone dèske anpil fanmi an kriz ?

SEKRÈ POU GEN KÈ KONTAN NAN YON FANMI

15-17. Nan liv sa a, ki otorite yo pral montre ki gen sekrè pou pèmèt gen kè kontan nan yon fanmi ?

15 Pa manke konsèy sou fason pou gen kè kontan nan yon fanmi. Nan peyi oksidantal yo, gen liv ak jounal agogo ki bay konsèy nan domèn nan. Pwoblèm nan sèke konseye imen yo kontredi youn lòt, e yon konsèy ki anvòg jodi a ka pa efikas demen.

16 Kidonk, ki kote nou ka chèche konsèy ki fyab pou fanmi ? Bon, èske w t ap dispoze egzamine yon liv ki fin ekri depi plis pase 1 900 ane ? Oubyen èske w t ap panse yon liv konsa pa alamòd ankò ? Alaverite, se nan yon liv konsa vrè sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an twouve l.

17 Liv sa a se Labib. Tout prèv montre se Bondye li menm ki enspire li. Nan Labib nou jwenn deklarasyon sa a : “ Tout Ekriti se Bondye ki enspire li, e li itil pou anseye, pou reprimande, pou mete bagay yo annòd, pou disipline nan ladwati. ” ​(2 Timote 3:16). Nan liv sa a, nou pral ankouraje w pou w egzamine jan Labib ka ede w “ mete bagay yo annòd ” lè w ap rankontre presyon ak pwoblèm fanmi yo ap fè fas jodi a.

18. Poukisa li rezonab pou nou aksepte Bib la antanke otorite anrapò ak konsèy sou maryaj ?

18 Si w gen tandans rejte ide Bib la ka ede fanmi yo pou yo gen kè kontan, reflechi sou pwen sa a : Moun ki enspire Bib la se li menm ki vini ak dispozisyon pou gen maryaj (Jenèz 2:18-25). Bib la di non li se Jewova (Sòm 83:18). Li se Kreyatè a e li se ‘ Papa a, se grasa li tout fanmi gen yon non ’. (Efezyen 3:14, 15.) Jewova ap egzamine fanmi yo depi nan kòmansman limanite. Li konnen pwoblèm yo ka genyen e li bay konsèy pou rezoud yo. Toutolon listwa, moun ki aplike toutbonvre prensip ki nan Bib la nan fanmi yo jwenn plis kè kontan.

19-21. Ki eksperyans moun fè nan epòk nou an ki montre pouvwa Bib la genyen pou l rezoud pwoblèm ki gen nan maryaj ?

19 Pa egzanp, nan peyi Endonezi, gen yon madan marye ki te konn jwe aza anpil. Pandan plizyè ane, li te neglije twa pitit li genyen yo e li te toujou nan diskisyon ak mari l. Yon jou, li te kòmanse etidye Labib. Tikras pa tikras, dam nan te vin kwè nan sa Bib la di. Piske li te aplike konsèy biblik yo, li te vin yon pi bon madanm. Efò li te fè ki baze sou prensip biblik yo te pote kè kontan pou tout fanmi an.

20 Ann Espay, gen yon madan marye ki di : “ Nou te gen sèlman yon ane depi nou marye lè nou te kòmanse gen gwo pwoblèm. ” Li menm ak mari l pa t gen menm gou sou anpil bagay, e yo prèske pa t konn pale youn ak lòt sof lè yo nan kont. Malgre yo te gen yon tipitit fi, yo te deside pou yo separe legalman. Sepandan, anvan sa fèt, yo te ankouraje yo pou yo egzamine Bib la. Yo te etidye konsèy li bay pou mari ak madanm e yo te kòmanse aplike yo. Anvan lontan, yo te anmezi pou yo pale youn ak lòt nan lapè, e ti fanmi yo a te vin ini e yo te vin gen kè kontan.

21 Bib la ede moun ki granmoun yo tou. Pa egzanp, annou egzamine sa k te rive yon koup japonè. Mari a se yon moun ki te gen gwo san e pafwa li te vyolan. Pou kòmanse, yo te gen plizyè pitit fi ki te vin ap etidye Labib malgre yo te opoze. Apre sa, mari a te vin asosye ak pitit fi l yo nan etid la, men madanm nan te toujou opoze. Sepandan, avèk letan, madanm nan remake bon efè prensip biblik yo genyen sou fanmi l. Pitit fi l yo te byen pran swen l, e mari li te vin pi dou. Chanjman sa yo te pouse madanm nan egzamine Bib la tou, e sa te gen bon efè sou li tou. Dam aje sa a toujou di : “ Nou vin fòme yon vrè koup. ”

22, 23. Ki jan Bib la ede moun tout nasyonalite pou yo jwenn kè kontan nan fanmi yo ?

22 Moun sa yo pami yon foul moun ki aprann sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi. Yo aksepte konsèy Bib la bay e yo aplike yo. Se vre, menm jan ak tout moun, y ap viv nan yon monn ki vyolan, ki imoral, e ki gen presyon ekonomik. Anplis de sa, yo enpafè, men yo jwenn kè kontan lè yo fè efò pou yo akonpli volonte Sila a ki vini ak dispozisyon pou gen fanmi an. Jan Bib la di sa, Jewova Dye se “ Sila k ap anseye w pou byen w lan, Sila k ap fè w mache sou wout ou dwe mache a ”. — Izayi 48:17.

23 Malgre Bib la te fin ekri depi prèske de mil an, konsèy ki ladan l yo vrèman aplikab pou jodi a. Mete sou sa, li te ekri pou tout moun. Bib la pa yon liv ameriken oubyen yon liv oksidantal. Jewova te “ fè tout nasyon moun soti nan yon sèl moun ” e li konnen ak ki sa moun tout kote fèt (Travay 17:26). Prensip biblik yo valab pou tout moun. Si w aplike yo, ou menm tou w ap vin konnen sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an.

ÈSKE W KA REPONN KESYON SA YO ?

Ki sa k ap pase nan fanmi jodi a ? — 2 Timote 3:1-4.

Kiyès ki vini ak dispozisyon pou gen fanmi ? — Efezyen 3:14, 15.

Ki sekrè ki genyen pou gen kè kontan nan yon fanmi ? — Izayi 48:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje