Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 8 avril
Kantik 39
13 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè de demonstrasyon tou kout sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 avril la ak Réveillez-vous ! 22 avril la. Nan chak demonstrasyon, montre ki jan nou ka reponn objeksyon sa a : “ M gen relijyon deja ”. (Gade nan liv Comment raisonner a, p. 18-19.) Baze demonstrasyon yo sou sijesyon nou jwenn nan paj 8 la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo.
12 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Annou fè byen ak tout moun. ”a Apre ou fin egzamine atik la sou fòm kesyon/repons, fè entèvyou avèk youn oubyen de pwoklamatè k ap esplike ki dispozisyon yo pran pou yo fè plis nan ministè yo.
Kantik 157 ak priyè final.
Semèn 15 avril
Kantik 101
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : Pyonye yo kontinye ap ede lòt moun. Siveyan sèvis la ap fè yon chita tande avèk yon siveyan etid liv, yon pyonye, yon pwoklamatè. Siveyan sèvis la ap fè yon ti revizyon sou pwogram “Pyonye ap ede lòt moun” ki te parèt nan Le Ministère du Royaume septanm 1998, p. 4. Ansuit, l ap pale ak chak moun ki nan gwoup la sou wòl yo jwe nan pwogram nan ak sou fason pwogram nan ap fè chemen l. Ki sa ki te fèt pou pwogram sa a rive mache byen ? Siveyan sèvis la ap envite tout pwoklamatè pou yo fè l konnen si yo santi yo bezwen èd pou yo akonpli ministè yo pi byen. Sila yo ki te deja jwenn èd kapab antre nan pwogram nan ankò pou yo ka ede yo nan yon lòt domèn nan ministè a.
20 min : “ Sèvis a plen tan bay kè kontan. ”b Ankouraje jèn yo pou yo pran sèvis pyonye oksilyè pou mwa me, mwa jen, ak peryòd gran vakans lan.
Kantik 199 ak priyè final.
Semèn 22 avril
Kantik 90
10 min : Anons lokal. Demonstrasyon : yon asistan ministeryèl ap prezante La Tour de Garde 1ye me a, epi yon sè ap prezante Réveillez-vous ! 8 avril la. Baze demonstrasyon yo sou sijesyon nou jwenn nan paj 8 la. Apre chak demonstrasyon, retounen sou premye pawòl pwoklamatè yo te di pou eveye enterè moun nan. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo.
10 min : Rive alè ! Diskou. Aktivite ki gen rapò ak adorasyon nou se bagay enpòtan ki egzije ‘ yon tan fikse ’. (Ekl. 3:1.) Nou ta renmen pwofite dispozisyon teyokratik yo o maksimòm. Tout reyinyon yo, san wete reyinyon pou predikasyon, dwe kòmanse egzakteman nan lè ki fikse a. Jewova pa janm anreta nan aktivite li (Aba. 2:3). Èske nou menm nou bezwen pwogrese nan domèn sa a ? Sa ka rive, yon lè konsa, yon moun rive anreta san li pa t ka anpeche sa. Men, si nou òganize nou byen, nou pap gen repitasyon moun ki abitye rive anreta, apre kantik ak priyè oswa apre yo fin bay patnè nan reyinyon predikasyon. Bay kèk sijesyon itil ki kapab ede yon moun toujou alè nan tout aktivite teyokratik. — Gade nan La Tour de Garde 15 jen 1990, p. 29.
25 min : “ Yo byen kontan ! ”c Nan paragraf 1 an, mande kongregasyon an pou l fè kèk kòmantè sou kasèt videyo Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis ? Apresa, antre dirèk dirèk nan yon konvèsasyon sou chak kesyon yo mete nan paragraf 2-7. Men yon lòt posiblite nou genyen: olye pou nou pale sou kasèt videyo a, nou kapab fè yon diskou sou atik “La ‘richesse de la générosité’ procure la joie”, ki soti nan paj 28-30 La Tour de Garde 1ye novanm 2000. An jen, nou pral pale sou kasèt Toute la communauté de nos frères.
Kantik 191 ak priyè final.
Semèn 29 avril
Kantik 162
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa avril.
15 min : “ Predikasyon Wayòm nan : yon travay ki la pou sove lavi ! ”d Mande oditwa a esplike fason yo ka aplike vèsè yo.
20 min : Sèvi ak liv Comment raisonner a pou nou fè rechèch. Konvèsasyon avèk oditwa a. Sa rive souvan pou moun poze nou kesyon ki pa nan “ Table des matières ” liv Comment raisonner a (p. 5). “ Index ” la (p. 439-45) kapab itil nou anpil lè nou bezwen esplikasyon biblik pou nou defann kwayans nou. Mande oditwa a pou li reponn kesyon annapre yo. Pou yo jwenn repons yo, y ap chèche mo an lèt italik ki nan fraz annapre yo nan endèks la. Men kesyon yo : Ki pwennvi kretyen yo sou im nasyonal ak drapo ? (Chèche “ Hymnes ” avèk “ Drapeaux ”.) Poukisa Bondye pèmèt gen katastwòf ? (Chèche “ Catastrophes ”.) Ki jan nou ka esplike sa Bib la anseye sou divòs ? (Chèche “ Divorce ”.) Poukisa e nan ki sikonstans yon sè ka bezwen kouvri tèt li ? (Chèche “ Coiffure ”.) Ki orijin fèt manman ? (Chèche “ Fête des Mères ”.) Ki jan nou fè konnen chif 144 000 ki nan Bib la se 144 000 li ye toutbonvre ? (Chèche “ 144 000 ”.) Ki sa parabòl Laza ak nonm rich la vle di ? (Chèche “ Homme riche et Lazare ”.) Ankouraje tout pwoklamatè yo pou yo sèvi ak liv Comment raisonner a lè y ap preche.
Kantik 28 ak priyè final.
Semèn 6 me
Kantik 141
10 min : Anons lokal. Egzamine atik “ Annou kontinye tire pwofi nan La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! ”
10 min : Ki sa ou konte fè pou gran vakans lan ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Pale de aktivite nou prevwa fè nòmalman nan peryòd gran vakans : pran sèvis pyonye pou yon mwa oubyen plis, fè ti reparasyon nan kay nou, al pran detant. Mande kèk moun nan oditwa a pou yo di ki sa yo konte fè pou gran vakans lan e ki dispozisyon y ap pran pou yo pa neglije etid familyal, reyinyon ak predikasyon, menmsi yo pral fè vakans yon lòt kote. Si gen tèritwa kongregasyon an pa preche souvan, di ki dispozisyon yo pran pou preche yo afon. Fè tout pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo bay siveyan etid liv la, kit y ap deplase, kit yo pap deplase.
25 min : “ Ki jan pou fanmi yo vin djanm espirityèlman. ”e Apre ou fin egzamine atik la, rakonte kèk fè apwopriye w ap jwenn nan La Tour de Garde 15 fevriye 1999 paj 10-12.
Kantik 17 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.